Deklare pa vwa elektwonik avèk lojisyèl preparasyon taks komèsyal

Ou kapab itilize lojisyèl preparasyon taks komèsyal epi deklare taks ou yo pa vwa elektwonik. Ou kapab peye pa vwa elektwonik tou.

Depoze enpo ou yo

Rasanble enfòmasyon sou taks ou epi jwenn lojisyèl preparasyon taks komèsyal la. Lojisyèl la itilize yon fòma kesyon-repons ki rann zafè depoze taks la pi fasil. Ou dwe siyen deklarasyon ou fè pa vwa elektwonik la. Ou kapab siyen avèk PIN otoseleksyon (an anglè) an oswa avèk revni brit ajiste ane pase w la.

Deklare enpo ou yo

Lè you fè deklarasyon ou, l ap transmèt an tout sekirite atravè yon chenn elektwonik IRS apwouve. Yo pa voye li pa imèl paske imèl la pa sekirize menm jan ak chenn sekirize nou yo.

Nan pwosesis livrezon an, òdinatè IRS yo verifye deklarasyon w lan otomatikman pou erè. Si nou jwenn erè ki fasil pou korije, tankou yon erè kalkil oswa yon nimewo Sekirite Sosyal ki pa kòrèk, n ap voye li tounen ba ou touswit. W ap kapab korije li epi voye li ankò menm kote a. Sa pèmèt nou ekonomize tan epi anpeche yon erè senp retade ranbousman w lan.

Peye enpo ou yo

Avèk deklarasyon elektwonik, ou kapab deklare depi ou fin pare epi pwograme pèman ou pou nenpòt dat annapre jiska dat limit ou a. Fòm nan seri 1040 yo dwe depoze nan avril la pou majorite kontribyab yo, men lòt fòm yo gen lòt dat limit. Pou w konnen plis, ale sou Pèman. Nou ofri plizyè mwayen ki sekirize, san danje epi konfòtab pou w peye enpo w yo pa vwa elektwonik, pami yo:

  • Deklare pa vwa elektwonik epi peye pandan w ap otorize yon prelèvman fon elektwonik epi w ap jwenn yon mesaj k ap fè w konnen kan nou aksepte pèman w lan;
  • peye anliy oswa avèk aparèy mobil ou atravè Pèman Dirèk gratis epi resevwa yon konfimasyon menm kote a k ap di w pèman w lan fèt;
  • peye anliy, nan telefòn oswa avèk aparèy mobil ou avèk kat debi oswa kat kredi k ap koute w yon frè pwosesè kat la ap pran;
  • voye yon chèk oswa manda lajan (bay United States Treasury (Trezò Ameriken)) avèk Fòm 1040-V, Koupon Pèman.

Jwenn ranbousman w lan

Ale sou Kote ranbousman mwen an? pou w konnen ki kote ranbousman w lan ye nan chenn tretman deklarasyon nou an. W ap bezwen SSN ou oswa nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl ou, kondisyon fiskal ak tout montan dola ekzat ranbousman w lan.

Ou pa sèten si ou vle depoze enpo w yo poukont ou? Retounen sou Opsyon deklarasyon elektwonik yo.