Kisa ou ka fè si yo ba ou yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (Employer Identification Number, EIN) ou pa t mande

Si yo ba ou yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) ou pa t mande, ou te dwe chèche konnen dabò si gen yon moun k ap aji nan yon mannyè lejitim sou non ou.

Li enpòtan pou ou konnenn poukisa yo voye yon EIN ba ou depi anvan ou viktim yon vòl idantite. Yon tyès ka mande EIN nan sou non ou pou yon finalite komèsyal lejitim.

Verifye si yon tyès te mande yon EIN sou non ou pou yon finalite komèsyal lejitim

NÒT : Tout lis sa y opa enklizif

Tyès yo ka gen ladan yo :

  • Konjwen oswa lòt manm fanmi,
  • Yon klèb kominotè oswa asosyasyon,
  • Yon kontab,
  • Yon patnè/asosye komèsyal, oswa
  • Nenpòt lòt tyès sou non ou (tankou yon ajan fiskal, labank oswa ekzekitè yon fidisi).

Finalite komèsyal lejitim yo gen ladan yo:

  • Mande yon EIN pou peye swen sante adomisil oswa lòt sèvis nan fwaye ou.
  • Ou te rantre nan yon patenarya oswa te patisipe nan kreyasyon yon konpayi kote ou te bay Nimewo Idantifikasyon Kontribyab ou (Taxpayer Identification Number, TIN)
  • Ou te bay yon asosyasyon kominotè oswa yon kontab TIN ou pou prepare deklarasyon taks sou non ou pou asosyasyon kominotè a.
  • Ou te kreye yon fidisi oswa lòt antite fiskal atravè yon bank oswa ekzekitè.

Si ou jwenn yo te mal itilize idantite ou epi yo te voye yon EIN ba ou, san ou pa t mande li

anvizaje soumèt Fòm 14039-B (an anglè)PDF oswa kontakte nou pou asistans espesyalize, rele gratis nan 800-908-4490.