Mizajou nan Kesyon ki poze anpil sou ekspirasyon ITIN yo…(ki soti nan irs.gov)

K1: Kilè m ap kapab renouvle ITIN mwen an?

R1: Si ITIN ou an ekspire, ou kapab renouvle lè ou fè deklarasyon taks ou a.

K2: Kòman mwen kapab renouvle yon ITIN k ap ekspire?

R2: Pou renouvle yon ITIN k ap ekspire, ou dwe soumèt tou ranpli, yon Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl, bay deklarasyon taks federal ameriken ansanm avèk sipò original valid oswa kopi ki sètifye pa ajans k ap fè livrezon an, dokiman idantifikasyon ak tout lòt atachman yo ekzije yo. Aplikan yo dwe chwazi yon bon rezon ki fè yo bezwen ITIN nan, jan sa endike nan enstriksyon Fòm W-7/W-7(SP). Voye aplikasyon an pa lapòs bay Sèvis Revni Entèn, Operasyon ITIN, P. O. Box 149342, Austin, TX 78714-9342. Gade Kesyon ak Repons 16 pou enfòmasyon si ou pa vle voye enfòmasyon yo ba IRS pa lapòs. Si ou te soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman epi yo te apwouve li, ou pa bezwen renouvle ankò.

K3: Èske mwen bezwen renouvle ITIN mwen an si mwen p ap fè yon deklarasyon taks oswa yon reklamasyon pou ranbousman?

R3: Non, sepandan, alavni si ou fè yon deklarasyon taks ameriken oswa reklame yon ranbousman, ITIN nan (ansanm avèk pou yon depandan) ap bezwen renouvle lè sa.

K4: Mwen itilize ITIN mwen an nan deklarasyon enfòmasyon sèlman, tankou Fòm 1099 yo. Si ITIN mwen an ap ekspire, èske m ap bezwen renouvle li?

R4: Non, si ITIN ou an itilize sèlman nan deklarasyon enfòmasyon epi ou p ap fè yon deklarasyon taks oswa reklamasyon pou ranbousman, ou pa bezwen renouvle ITIN ou an.

K5: Èske mwen kapab renouvle ITIN mwen an menm si ITIN mwen an pa ap ekspire, epi okenn moun nan fanmi pa gen yon ITIN k ap ekspire?

R5: Ou bezwen renouvle ITIN ou an sèlman si li ekspire epi w ap soumèt yon deklarasyon taks federal.

K6: Ki ITIN k ap ekspire nan fen ane 2021 an?

R6: Si ITIN ou an pa t nan yon deklarasyon taks federal pou pi piti yon fwa pou ane fiskal 2018, 2019, ak 2020, ITIN ou an ap ekspire 31 desanm 2021.

K7: Èske konjwen yo ak depandan yo ta dwe renouvle ITIN yo?

R7: Pou ane fiskal 2018 rive 2025, konjwen yo ak depandan yo pa ta dwe aplike pou yon ITIN oswa renouvle yon ITIN sof si yo deklare pou yon avantaj fiskal oswa si yo fè pwòp deklarasyon taks yo. Moun nan dwe nan lis ki nan yon deklarasyon taks federal pèsonèl ameriken kit ache avèk barèm oswa fòm ki aplike ak avantaj fiskal y ap bay la.

K8: Kòman kontribyab la ap konnen ITIN li a renouvle? Èske l ap resevwa yon lèt? Si se sa, ki nimewo avi a?

R8: W ap resevwa Avi CP565ITIN ou an renouvle.

K9: Ki kote mwen kapab jwenn dat y ap ban mwen ITIN mwen an?

R9: W ap jwenn dat livrezon ITIN nan, nan avi Livrezon ITIN CP565 lan. Si ou pa genyen CP565 ou a ankò, rele 1-800-829-1040 ozetazini, oswa 1-267-941-1000 (se pa yon nimewo gratis) si ou deyò etazini.

K10: Èske nou ka konsidere yo bay yon ITIN lè yo resevwa aplikasyon an ak deklarasyon ki akonpanye l la?

R10: Pou nouvo ITIN yo, “dat livrezon an” ap dat nou resevwa aplikasyon Fòm W-7 la. Pou ITIN ki renouvle yo, “dat livrezon an” ap premye dat yo te bay ITIN nan anvan ekspirasyon an.

K11: Konbyen tan sa ap pran pou w jwenn yon ITIN?

R11: Si ou kalifye pou yon ITIN epi aplikasyon w lan konplè, w ap resevwa yon lèt nan men IRS k ap gen ladan nimewo idantifikasyon fiskal ou nan sèt semèn (jiska 11 semèn si demann lan fèt nan moman kote taks yo apik (15 janvye rive 30 avril) oswa aletranje). Si ou poko resevwa yon repons nan peryòd tan yo te refere a, ou ka rele 1-800-829-1040 (nimewo gratis nan etazini) pou fè demann estati aplikasyon w lan. Kontribyab aletranje yo kapab rele 1-267-941-1000 (se pa yon nimewo gratis).

K12: Lè yon moun renouvle ITIN yo, èske y ap genyen menm ITIN nan oswa y ap resevwa yon lòt?

R12: Depi nou fin bay ITIN nan, se pou kontribyab la li ye, sof si ITIN nan revoke. Lè yon moun renouvle ITIN li, nimewo nou te bay anvan an renouvle.

K13: Kisa pou mwen fè si non legal mwen chanje?

R13: Si w ap renouvle ITIN ou epi non legal ou chanje depi lè yo premye ba ou ITIN ou an, w ap bezwen soumèt dokimantasyon k ap pwouve chanjman non legal ou a, tankou sètifika maryaj ou oswa yon òdonans tribinal, ki kapab yon dekrè divòs. Tache dokiman sipò yo avèk Fòm W-7.

K14: Èske IRS ap aksepte yon ansyen vèsyon W-7 la I genyen Renouvle yon ITIN ki La Deja ekri sou li?

R14: Kontribyab yo gen ekzijans pou yo itilize dènye vèsyon ki pi resan Fòm W-7 la ki disponib sou irs.gov. Aplikan an dwe endike l ap renouvle ITIN nan, dwe bay nimewo ITIN nan ak non yo te bay li sou li a, epi li dwe endike pou ki rezon l ap aplike (pou rezon deklarasyon taks oswa reklamasyon youn nan Eksepsyon nan yon dekalrasyon taks). Si aplikan an aplike pou yon rezon Eksepsyon, li dwe tache dokiman sipò ki koresponn nan. Renouvlew yon ITIN pa yon rezon Eksepsyon.

K15: Èske mwen kapab soumèt kopi dokiman idantifikasyon avèk Fòm W-7?

R15: Non, dokiman idantifikasyon original yo sèlman oswa kopi sètifye dokiman yo ajans livrezon an bay n ap aksepte. Ale sou www.irs.gov/ITIN.

K16: Si mwen pa vle voye dokiman original mwen yo pa lapòs bay IRS la lè m ap renouvle ITIN mwen an, èske mwen gen lòt opsyon?

R16: Wi, olye pou w voye dokiman original yo, ou ka itilize yon Ajan Akseptans Sètifye IRS la otorize (Certifying Acceptance Agent, CAA) oswa pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS (TAC) (an anglè). Pou ou jwenn yon CAA local nan zòn ou an, ou kapab vizite Pwogram Ajan Akseptans (an anglè). CAA yo kapab otantifye tout dokiman idantifikasyon pou premye ak dezyèm aplikan. Pou depandan yo, yo kapab otantifye paspò a ak batistè a; sepandan, yo dwe voye kopi original oswa kopi sètifye tout lòt dokiman yo dirèk bay IRS la.

K17: Konbyen tan an reta deklarasyon an ap pran pou li trete, si li fèt avèk yon ITIN ki ekspire?

R17: Li pa posib pou nou bay yon delè ekzak pou kantite tan anreta deklarasyon an ap pran  pliske sa ap depann de si se ITIN premye oswa dezyèm, oswa depandan(yo) nan deklarasyon an ak ki kredi y ap reklame. Yon deklarasyon ki fèt avèk yon ITIN ki ekspire apt rete, sepandan, kèk kredi fiskal ak/oswa tout ekzanpsyon reklame ki aplike pou ITIN ki ekspire a p ap aksepte. Kontribyab la ap resevwa yon avi nan men IRS la k ap eksplike chanjman ki fèt nan deklarasyon taks yo ak ITIN nan ki dwe renouvle. Depi ITIN nan fin renouvle, tout ekzanpsyon ak/oswa kredi ki pa t aksepte anvan ap rekonsidere lè sa. Jiskaske ITIN nan renouvle, kontribyab la ka genyen enterè ak penalite pou tout taks li dwe akoz ekzanpsyon ak kredi ki pa aksepte.

K18: Kisa mwen ta dwe fè si mwen te soumèt demann renouvèlman ITIN mwen an anvan fen 2021 an epi mwen pa t resevwa ITIN mwen an?

R18: Ou ta dwe bay 7 semèn apati dat yo te voye Fòm W-7 bay IRS pa lapòs pou fè ou konnen estati aplikasyon pou ITIN ou an (ant 9 ak 11 semèn si ou soumèt aplikasyon an pandan peryòd tretman yo apik (15 janvye rive 30 avril), oswa si w ap deklare depi lòtbò dlo.) Si ou pa resevwa avi a nan delè anwo yo, ou ka rele IRS la nan liy apèl grats la 1-800-829-1040, pou ou verifye estati aplikasyon w lan.

K19: Ki estati deklarasyon an ap ye sou “Kote ranbousman mwen an?”, si deklarasyon an fèt avèk yon ITIN ki ekspire?

R19: Lè yon deklarasyon fèt avèk yon ITIN ki ekspire, y ap refize kredi yo, epi gen erè kalkil. “Kote ranbousman mwen an?” ap afiche yon mesaj jeneral k ap abode enpak erè kalkil la sou deklarasyon ki fèt la (sa vle di, keseswa gen yon diminisyon ranbousman oswa gen yon balans kounya).

K20: Mwen gen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) epi mwen pa bezwen ITIN mwen an ankò ki pral ekspire. Èske mwen bezwen renouvle ITIN mwen an?

R20: Non, ou pa ta dwe renouvle ITIN ou an si ou genyen oswa elijib pou yon SSN. Tanpri fè nou konnen ou te jwenn yon SSN epi ou pa bezwen ITIN nan ankò pandan w ap vizite yon biwo IRS local oswa ekri nou yon lèt k ap eksplike yo ba ou yon SSN kounya epi ou vle pou done fiskal ou yo konbine ansanm. Si ou ekri yon lèt, mete tout non ou, adrès bwat postal ou, epi ITIN ansanmm avèk yon kopi kat sekirite sosyal ou avèk yon kopi CP 565 lan, Avi Livrezon ITIN nan, si li disponib. IRS la ap anile ITIN nan pou nenpòt moun pa itilize li alavni epi asosye tout enfòmasyon fiskal anvan yo ki depoze avèk ITIN avèk SSN nan. Voye lèt ou a nan: Sèvis Revni Entèn, Austin, TX 73301-0057.