Konprann yon Retansyon Enpo Federal

Yon retansyon Enpo Federal se yon dwa gouvènman an genyen pou li reklame byen ou posede lè ou neglije oswa pa peye yon enpo ou gen pou ou peye. Retansyon an pwoteje enterè gouvènman an genyen sou tout pwopriyete ou yo, ki gen ladan li, byen imobilye, pwopriyete pèsonèl ak aktif finansyè yo. Yon retansyon enpo federal vin egziste apre:

IRS la:

  • Mete dèt ou yo nan liv yo (evalye dèt ou yo);
  • Voye ba ou yon bil ki detaye konbyen ou dwe (Avi ak Demann pou Pèman); epi

Ou:

  • Neglije oswa refize peye tout dèt ou a tan.

IRS la depoze yon dokiman piblik, Avi Privilèj Enpo Federal, a pou avèti kreyansye yo ke gouvènman an genyen dwa legal sou pwopriyete ou a. Pou plis enfòmasyon, ale sou Piblikasyon 594, Pwosesis Kolèk IRS la (an anglè).PDF

Kòman pou ou Debarase ou de yon Retansyon

Peye dèt fiskal ou – an antye – se pi bon mwayen pou ou debarase ou de yon retansyon enpo federal. IRS la retire retansyon an nan 30 jou aprè ou fin peye dèt enpo ou yo.

Lè kondisyon yo nan pi gwo enterè ni gouvènman an ni kontribyab la, genyen lòt opsyon pou redwi enpak retansyon an.

Dechaj pwopriyete

Yon "Dechaj" retire retansyon an sou yon pwopriete espesifik. Genyen plizyè kondisyon Kòd Revni Entèn nan ki detèmine elijiblite a. Pou plis enfòmasyon, ale sou Piblikasyon 783, Enstriksyon sou Kijan pou ou Aplike pou yon Sètifika Dechaj kont Privilèj Enpo Federal (an anglè)PDF ak video Vann oswa Refinanse lè IRS gen Privilèj sou pwopriyete (an anglè).

Sibòdinasyon

"Sibòdinasyon" an pa retire retansyon an, men li pèmèt lòt kreyansye devanse IRS la, sa k ap rann li pi fasil pou w jwenn yon prè oswa yon ipotèk. Pou ou konnen si w elijib, ale nan Piblikasyon 784, Enstriksyon sou Kijan pou ou Aplike pou yon Sètifika Sibòdinasyon Retansyon Enpo Federal (an anglè)PDF ak video Vann oswa Refinanse lè IRS genyen Retansyon sou pwopriyete (an anglè).

Retrè

Yon "Retrè" retire Avi piblik Retansyon Enpo Federal yo epi asire ke IRS la p ap fè konpetisyon lòt kreyansye pou pwopriyete w la; sepandan ou toujou genyen pou w peye kantite ou dwe a. Pou elijiblite, ale nan Fòm 12277, Aplikasyon pou Retrè Fòm 668(Y) Deklare, Avi Retansyon Enpo Federal (Kòd Revni Entèn Seksyon 6323(j)) (an anglè)PDF ak video Retrè Avi Retansyon (an anglè).

De (2) opsyon Retrè adisyonèl te soti nan inisyativ nouvo depa komisyon 2011 lan.

Yon opsyon ka pèmèt Retrè Avi Retansyon Pwopriyete ou yo apre yo relache retansyon Pwopriyete a. Elijiblite jeneral la genyen ladan:

Ou satisfè obligasyon fiskal ou epi yo relache retansyon pwoprieyete ou a; epi tou:

  • Pou twa (3) dènye ane yo, ou an konfòmite ak deklarasyon tout deklarasyon patikilye w yo, deklarasyon biznis w yo, e deklarasyon enfòmasyon w yo;
  • Ou ajou nan pèman enpo estime ou yo ak depo enpo federal, jan pou sa ye.

Lòt opsyon an ka pèmèt retrè Avi Retansyon Pwopriyete ou si ou te rantre nan oswa si ou te konvèti akò pèman regilye w la an yon akò pèman prelèvman otomatik. Elijiblite jenaral la genyen ladan l:

  • Ou se yon kontribyab ki kalifye (sa vle di patikilye, biznis ak dèt enpo sou revni, ak antite ki pa nan biznis ak nenpòt tip dèt enpo).
  • Ou dwe $25,000 oswa pi piti (si ou dwe plis pase $25,000, ou kapab peye balans $25,000 a anvan ou fè demann pou retrè avi retansyon pwopriyete a).
  • Akò Pèman Prelèvman Otomatik ou an dwe peye an plen nan lespas 60 mwa oswa anvan Lwa Kolèk la ekspire, kèlkeswa sa ki anvan.
  • Ou an konfòmite total avèk lòt deklarasyon oswa egzijans pèman.
  • Ou te fè twa (3) pèman otomatik konsekitif
  • Ou paka pa respekte akò prelèvman otomatik aktyèl oswa anvan yo.

Kòman yon Retansyon Pwopriyete ka Afekte Ou

  • Aktif ­­– Yon retansyon afekte tout aktif ou yo (tankou pwopriyete, tit yo, veyikil yo) ak lòt aktif ou pral genyen pandan dire retansyon an.
  • Kredi – Depi IRS la fin bay yon Avi Retansyon pwopriyete, li ka limite abilite w genyen pou ou jwenn kredi.
  • Biznis – Retansyon an atache ak tout pwopriyete biznis epi ak tout dwa sou pwopriyete biznis lan, epi sa gen ladan li tou kont debitè yo.
  • Fayit – Si w fè deklarasyon pou fayit, dèt fiskal ou yo, retansyon, ak Avi Retansyon Pwopriyete Federal la ka kontinye apre fayit la.

Evite yon Retansyon

Ou ka evite yon retansyon enpo federal byen senp lè ou deklare epi peye tout enpo ou yo konplètman epi a lè. Si ou pa kapab deklare oswa peye a lè, pa inyore lèt oswa korespondans IRS la voye ba ou. Si ou pa kapab peye tout kantite ou dwe a, opsyon pèman yo disponib pou ede w jere dèt enpo ou yo nan le tan.

Retansyon vs Prelèvman

Yon retansyon pa yon prelèvman. Yon retansyon pwoteje enterè gouvènman an genyen nan pwopriyete ou yo lè ou pa peye dèt fiskal ou yo. Yon prelèvman (an anglè) pran pwopriyete a pou peye dèt fiskal la. Si ou pa peye oswa aranje w pou regle dèt enpo ou yo, IRS la ka prelve, sezi oswa vann nenpòt vrè oswa pwopriyete pèsonèl ou posede oswa ou gen enterè ladan yo.

Resous pou Èd yo

Operasyon Retansyon Santralize – Pou rezoud pwoblèm retansyon bazik oswa woutin yo: verifye yon retansyon, fè demann kantite pou peye retansyon, oswa relache yon retansyon, rele 800-913-6050 oswa e-faks 855-390-3530.

Gwoup Konsiltan Kolèk – Pou tout pwobèm retansyon ki konplèks, ki genyen ladan yo dechaj, sibòdinasyon, sibwogasyon oswa retrè; jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo konsiltan lokal ou yo nan Piblikasyon 4235, Adrès Gwoup Konsiltan Kolèk yo (an anglè)PDF.

Biwo Apèl yo (an anglè) – Nan kèk sikonstans ou kapab an mezi pou w fè kontestasyon a deklarasyon yon Avi Retansyon Enpo Federal. Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 1660, Dwa Apèl Kolèk yo (an anglè)PDF.

Sèvis Pledwari pou Kontribyab – Pou asistans ak gid nan men yon òganizasyon endepandan anndan IRS, rele 877-777-4778.

Operasyon Ensòlvablite Santralize – Si w ap mande èske fayit ou a te chanje dèt fiskal ou yo, rele 800-973-0424.

Kontakte IRS la –