Pwoteje Dwa Sivil Kontribyab yo

Sèvis Revni Entèn lan pa tolere anplwaye li yo fè diskriminasyon kont okenn moun sou baz laj, sèks, koulè, andikap, ras, relijyon ak orijin nasyonal (epi tou, limitasyon nan konpetans pou pale anglè). Pozisyon zewo tolerans nou an aplike pou tout moun ki pote tèt yo volontè oswa k ap travay avèk kontribyab yo nan youn nan pwogram asistans nou yo:

  • Klinik fiskal pou revni ki ba (LITC)
  • Asistans volontè pou enpo sou revni (VITA)
  • Konsèy Fiskal pou Granmoun (TCE)

Piblikasyon Dwa Sivil Kontribyab yo

Piblikasyon sa yo ede eksplike epi ranfòse angajman IRS la pou pwoteje dwa sivil kontribyab yo:

Fè yon Demann

Si w se yon kontribyab ki gen yon andikap epi ki bezwen yon aranjman rezonab, oswa w limite nan konpetans pou ou pale anglè epi w bezwen asistans nan lang, enfòme anplwaye IRS k ap travay pou ou a sou bezwen asistans ou an. Anplis, si w rankontre yon moun ki travay tankou volontè oswa k ap travay nan yon biwo LITC, VITA oswa TCE, enfòme moun nan ou bezwen yon aranjman rezonab oswa asistans nan lang.

Nou ankouraje w travay avèk anplwaye nou yo ak volontè nou yo oswa manm estaf nou yo ki nan pwogram asistans nou yo, pou w ka jwenn asistans pou yon aranjman rezonab oswa asistans nan lang. Epi tou, ou ka kontakte biwo ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil ak kesyon sou fason pou jwenn asistans lè w ekri nou pa imèl nan edi.civil.rights.division@irs.gov. Tanpri remake nou pa kapab asiste w sou kesyon ki gen rapò ak enpo. Si w bezwen asistans pou w rezoud pwoblèm fiskal ak IRS la, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la nan 877-777-4778 oswa vizite paj entènèt Defans Kontribyab la.

Depoze yon Plent pou Dwa Sivil

Biwo ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil la gen pou responsablite defann ak pwoteje dwa sivil kontribyab yo. Si w santi yon anplwaye IRS oswa manm pèsonèl oubyen volontè ki afilye ak youn nan pwogram asistans nou yo, te fè diskriminasyon kont ou ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal (epi tou limitasyon nan konpetans pou pale anglè), relijyon, laj, sèks oswa andikap ou, voye yon plent (an anglè)PDF alekri nan Biwo ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil la:

IRS Civil Rights Unit
1111 Constitution Avenue, NW
Room 2413
Washington, DC 20224

Imèl: edi.civil.rights.division@irs.gov

Tanpri, sonje Biwo ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil la pa ka ede w avèk kesyon ki gen rapò ak enpo. Akòz nou pa gen anpil pèsonèl sou plas, nou ankouraje w soumèt plent ou an ba nou pa imèl (edi.civil.rights.division@irs.gov). Si w pa ka soumèt plent ou an pa imèl, voye lèt ou a nan adrès postal ki anwo a, epi nou pral trete li rapid depi kondisyon yo pèmèt sa.

Lòt Enfòmasyon

Si w gen yon plent jeneral sou yon anplwaye IRS, kontakte Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal la (TIGTA). TIGTA genyen odit konplè ak pwogram ankèt, ki gen ladan yon pwogram ranfòsman estratejik ki mete aksan sou prevansyon ak apwòch deteksyon pou asire pi wo degre entegrite ak etik lakay moun k ap travay nan IRS la. Pou enfòmasyon sou kòman yo soumèt yon plent bay TIGTA, rele 800-366-4484 oswa ale nan paj entènèt TIGTA a (an anglè).

Pou tout lòt kesyon konsènan dwa sivil kontribyab yo, kontakte Biwo ki responsab zafè Ekite, Divèsite ak Enklizyon, Inite Dwa Sivil la pa adrès postal oswa adrès imèl ki anwo a. Pandan nou pa ka ede w ak zafè ki gen rapò ak enpo yo, nou ankouraje w ale sou sit entènèt IRS la oswa rele 800-829-1040 pou w jwenn enfòmasyon sou kesyon yo poze pi souvan yo tankou ki jan pou w jwenn ranbousman enpo ou a. Si w kwè yo pa ka rezoud pwoblèm ou an pa telefòn oswa anliy, pran yon randevou pou pale ak yon reprezantan IRS nan Sant Asistans Kontribyab lokal ou a (TAC) nan 844-545-5640. Lè w ap vizite TAC a, tanpri raple w yo ka mande w pou w bay yon idantifikasyon valab avèk foto ak yon Nimewo Idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal, pou resevwa sèvis yo.

Pou enfòmasyon sou peman enpak ekonomik yo, nou rekòmande w pou w rele nan 800-919-9835 oswa ale sou paj entènèt EIP a. Anplis, si w sispèk aktivite fwod fiskal, kontakte liy dirèk Referans Fwòd Fiskal IRS la nan 800-829-0433.