Jwenn yon nimewo idantifikasyon Anplwayè

Sèvi ak zouti sa a pou jwenn yon EIN gratis, dirèkteman nan IRS nan kèk minit. Reponn kesyon yo epi soumèt aplikasyon an. Si li apwouve, nou pral bay EIN ou an touswit sou Entènèt.

Pran prekosyon nou ak sit entènèt ki fè w peye pou yon EIN. Ou pa dwe janm oblije peye yon frè pou yon EIN.

Ki jan sa fèt

  • Ranpli aplikasyon an nan yon sèl sesyon. Ou pa ka sere li pou pita.
  • Li ekspire apre 15 minit inaktivite, epi w ap bezwen rekòmanse.
  • Enprime lèt konfimasyon EIN ou an pou dosye w yo.

Ki moun ki ka sèvi ak zouti sa a

Sèvi ak sa a si:

Ou pa ka sèvi ak sa a:

  • Si lokal prensipal biznis ou an andeyò peyi Etazini. Aplike pa telefòn, faks oswa lapòs.
  • Pou aplike ak yon EIN. Se sèlman antite gouvènman yo ki ka aplike avèk yon EIN.

Sa ou bezwen

Jwenn yon EIN

Jwenn EIN ou dirèkteman nan IRS la nan kèk minit.

Aplike pou yon EIN (an angè)

Disponibilite

Zouti sa a disponib Lendi rive vandredi, 7 am jiska 10 pm ET.

Limit chak jou

Ou ka aplike pou sèlman 1 EIN pou chak pati responsab pa jou.

Lè pou jwenn yon EIN

Si w ap fòme yon antite legal (LLC, patenarya, sosyete oswa òganizasyon ki egzante de enpo), fòme antite ou atravè eta ou (an anglè) anvan ou aplike pou yon EIN. Si w pa fòme antite w la nan eta w la an premye, aplikasyon EIN ou a ka an gen reta.

Biznis, òganizasyon ak kèk fidisi (trust) retrèt bezwen yon EIN pou jere enpo yo.

Anjeneral ou bezwen yon EIN pou:

  • Anboche anplwaye
  • Opere yon patenarya oswa yon sosyete
  • Peye enpo lavant ak enpo dwa dasiz
  • Chanje estrikti biznis oswa pwopriyetè
  • Administre sèten fidisi (trusts), plan retrèt ak byen imobilye yo

Depi w resevwa yon EIN, ou dwe ranpli deklarasyon enpo (an anglè) oswa enfòmasyon obligatwa yo (an anglè).

Si w genyen yon EIN ki egziste deja, gade ki lè pou w jwenn yon nouvo EIN (an anglè).

Lòt fason pou aplike

Si ou pa kapab aplike sou entènèt, chèche konnen kijan pou aplike pa telefòn, faks oswa lapòs.

Rapòte pwopriyetè benefisyè yo bay FinCEN lè sa nesesè

Gen kèk kòporasyon, konpayi ki gen responsablite limite, ak lòt antite ki ka oblije rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè yo (moun ki finalman posede oswa kontwole konpayi an) bay Depatman Trezò Finansye Rezo Ranfòsman Krim Finansye Etazini an (FinCEN). Chèche konnen si ou dwe rapòte pwopriyetè benefisyè yo (an anglè).

Rapòte Enfòmasyon sou Pwopriyetè Benefisyèl | FinCEN.gov (an anglè)