Konbyen tan pou m konsève dosye yo?

Kantite tan pou w konsève yon dokiman depann sou ki aksyon, ki depans, oubyen ki evènman dokiman an anrejistre. An jeneral, Ou dwe konsève dosye ki gen ladann yon pyès revni, dediksyon oubyen kredi jan sa parèt la nan deklarasyon taks ou jiskaske peryòd limit deklarasyon taks la pase.

Peryòd limit lan se tan kote ou ka modifye deklarasyon tax la pou w ka reklame yon kredi oubyen yon ranbousman, oubyen kote IRS ka frape taks siplemantè sou ou. Enfòmasyon pi ba la a reflete peryòd limit ki afiche pou deklarasyon taks. Sòf si genyen yon bagay diferan ki di, ane yo endike peryòd tan apre deklarasyon an te fèt. Deklarasyon ki te fèt avan dat limit lan, yo trete yo menm jan ak sa sa ki te fèt nan dat limit lan menm.

Remak: Konsève kopi deklarasyon taks ou yo. Y ap ede w prepare lòt deklarasyon k ap vini yo epi y ap ede w nan kalkil si w vle fè yon demand amandman nan deklarasyon w lan.

Peryòd Limit ki gen pou wè ak deklarasyon taks

  1. Konsève dosye pandan 3 an si sitiyasyon (4), (5), epi (6) ki anba la a konsène w.
  2. Konsève dosye pou 3 an soti nan dat ou te siyen deklarasyon orijial ou an oubyen 2 an soti nan dat ou te peye taks la, nenpòt nan yo ki te fèt apre, si w te fè reklamasyon pou kredi oubyen ranbousman aprè w te fin voye deklarasyon w lan.
  3. Konsève dosye pou 7 an si w te ranpli, fè yeklamasyon pou pèdi w pèdi sou yon tit ki san valè oubyen pou yon dediksyon sou yon dèt ou paka rekipere.
  4. Konsève dosye pou 6 an si w pat rapòte revni w te dwe rapòte, epi si l reprezante plis pase 25% revni bri ki afiche sou deklarasyon w lan.
  5. Konsève dosye w pou tout tan si w pat janm ranpli pou w fè yon deklarasyon.
  6. Konsève dosye w pou tout tan si w te fè yon deklarasyon ki gen koken ladann.
  7. Konsève dosye taks anplwa w yo pou 4 an pou pi piti aprè dat ou te fèt pou w peye a, oubyen w te peye a, nenpòt nan dat yo ki vini aprè.

Kesyon sa yo dwe poze pou chak dosye w ap pran desizyon pou w konsève oubyen detwi.

Èske dosye a lye ak yon pwopriyete?

An jeneral, konsève dosye ki gen rapò ak pwopriyete jouktan peryòd limit lan ekspire pou ane ou te retre pwopriyete sou do w la. Ou dwe konsève dosye pou w afiche nenpòt dediksyon pou depresyasyon, amòtisman oubyen epuizman epi tou pou w afiche gany ak pèt lè w vann oubyen lè w retire pwopriyete sou do w.

Si w te posede pwopriyete nan yon twòk ki pa taksab, baz ou nan pwopriyete a se menmman parèyman ak baz pwopriyete ou te bay la, plis nenpòt lajan ou te peye an plis. Ou dwe konsève dosye ansyen pwopriyete an ni nouvo a pou jouk peryòd limit lan ekspire pou ane kote w te retire pwopriyete a sou do w.

Kisa pou m fè ak dosye m yo si yo pa gen pou wè ak taks?

Lè dosye w yo pa nesesè ankò pou taks, pa jete yo toutotan w pa verifye pou w wè si w pa ta dwe konsève yo pi lontan pou lòt rezon. Egzanp, konpayi asirans ou oubyen kreansye w yo ka egzije pou w kenbe yo pi lontan pase tan IRS egzije.