Kontraktè endepandan (bòs tèt li) oubyen anplwaye?

Li enpòtan anpil pou mèt biznis yo detèmine si moun k ap bay sèvis yo se anplwaye yo ye oubyen se kontraktyèl endepandan yo ye.

An jeneral, ou dwe fè prelèvman epi depoze enpo sou revni, enpo Sekirite Sosyal ak enpo Medicare (asirans sante) sou sale ou peye anplwaye. Anplis, ou dwe peye tou pòsyon enpo Sekirite Sosyal ak asirans sante anplwayè ki koresponn nan epi tou peye enpo chomaj sou salè w peye anplwaye. Jeneralman, ou pa oblije fè prelèvman oubyen peye enpo pou pèman w bay kontraktyèl endepandan an.

Chwazi senaryo ki aplikab pou ou a:

  • Mwen se yon kontraktyèl endepandan oubyen m nan yon biznis pa mSi you se mèt yon biznis oubyen yon kontraktyèl endepandan ki ofri sèvis bay lòt biznis, donk ou se yon moun ki, an jeneral, konsidere kòm travayè endepandan. Pou plis enfòmasyon sou obligasyon fiskal ou kòm travayè endepandan (yon kontraktyèl endepandan), konsilte Sant enpo pou travayè endepandan nou an.
  • Mwen anboche oubyen mwen bay moun kontra pou yo bay sèvis nan biznis mwen an

    Si ou se pwopriyetè yon antrepriz k ap anboche oubyen bay lòt moun kontra pou yo ba ou sèvis, ebyen ou bezwen detèmine èske moun k ap ofri w sèvis yo se anplwaye oubyen kontraktyèl endepandan. Kontinye navige sou paj sa a pou w dekouvri plis bagay sou sijè sa a epi ki responsabilite w genyen.

Detèmine si moun k ap bay sèvis yo se anplwaye oubyen kontraktè endepandan

Anvan w detèmine kòman w ap peye sèvis yo ofri w, ou dwe konnen anvan ki relation ki egziste ant oumenm ak moun ki ap bay sèvis la. Moun k ap bay sèvis la kapab:

Lè pou w detèmine si moun nan ap bay sèvis li kòm anplwaye oubyen kontraktyèl endepandan, ou dwe konsidere tout enfòmasyon ki bay prèv sou nivo kontwòl ak endepandans.

Règleman sou dwa komen

Done ki bay prèv sou nivo kontwòl ak endepandans tonbe nan twa kategori:

  1. Konpòtman (an anglè): Èske konpayi an kontwole oubyen gen dwa pou l kontwole ki travay travayè a fè epi kòman l ap travay?
  2. Finans (an anglè): Èske aspè biznis nan travay ouvriye a se moun k ap peye l la ki kontwole l? (tankou kòman ouvriye a ap touche, èske depans li fè ranbouse, ki moun ki bay zouti ak pwovizyon, eks.)
  3. Kalite Relasyon (an anglè): Èske gen kontra ekri oubyen benefis anplwaye (tankou plan pansyon, asirans, lajan vakans, eks.)? Èske relasyon an ap kontinye epi èske travay ki fèt la se yon aspè kle nan biznis lan?

Biznis yo dwe analize tout faktè sa yo lè y ap detèmine si yon travayè se anplwaye oubyen yon kontraktyèl endepandan. Gen kèk faktè ki ka montre ke travayè a se yon anplwaye l ye, pandan ke lòt faktè yo ap montre travayè a se yon kontraktyèl endepandan li ye. Se pa ni "maji" oubyen yon kantite faktè presi ki 'fè' yon ouvriye vin yon anplwaye oubyen yon kontraktyèl endepandan, epi tou okenn faktè pa kanpe pou kont pa l nan priz desizyon sa a. Epi tou, faktè ki enpòtan nan yon sitiyasyon ka pa enpòtan nan yon lòt.

Esansyèl la se gade nan tout relasyon an epi konsidere limit dwa pou dirije ak kontwole travayè a. Finalman, dokimante chak faktè yo itilize ak detèminasyon an.

Pou plis konsèy sou si yon travayè se yon kontraktè endepandan, oswa yon anplwaye, gade atik IRS sa yo Klasifikasyon Travayè 101: anplwaye oswa kontraktè endepandan (an anglè) oswa Sijè nimewo 762, Kontraktè endepandan vs. anplwaye (an anglè) .

Travayè adistans

Yon moun k ap travay adistans, pou egzanp, fè sèvis pou ou soti nan yon kote ki pa yon biwo pa w, se anplwaye w anba règleman lalwa-komen yo, si w ka kontwole sa ki pral fèt ak kijan l ap fèt. Sa valab menmsi travayè a ka chwazi travay adistans. Sa ki enpòtan se lefètke ou gen dwa kontwole detay yo nan fason sèvis yo ap fèt.

Si travayè adistans lan se yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan anplwaye deyò Etazini pa yon anplwayè Ameriken gade paj sa yo pou plis enfòmasyon.

Fòm SS-8

Si li toujou pa klè si yon travayè se yon anplwaye oswa yon kontraktè endepandan, oswa si biznis ou an toujou anplwaye menm kalite travayè yo pou bay sèvis espesifik, ou ka konsidere soumèt yon Fòm SS-8, Detèminasyon Estati Travayè pou Objektif Enpo Travay Federal ak Prelèvman Enpo sou Revni (an anglè) a vèk IRS.

Biznis la oswa travayè a ka ranpli Fòm SS-8 la. IRS pral egzamine reyalite ak sikonstans yo epi detèmine ofisyèlman sitiyasyon travayè a. Tanpri sonje ke li ka pran omwen sis (6) mwa pou resevwa yon desizyon sou dosye w la. Pou jwenn konsèy detaye sou kijan pou ranpli fòm sa a, gade resous ki sou Ranpli Fòm SS-8 la .

Obligasyon enpo sou anplwa

Depi yon detèminasyon fèt (kit se biznis lan, kit se IRS la ki fè l), pwochen etap la se pou ranpli fòm ki apwopriye a epi peye enpo ki asosye avè l yo.

Move klasman anplwaye yo

Konsekans tretman yon anplwaye antanke yon kontraktè endepandan

Si w klase yon anplwaye kòm yon kontraktyèl endepandan epi w pa gen okenn fondman valab pou sa, ebyen ou ka responsab enpo pou anplwa anplwaye sa a (dispozisyon alèjman yo, ke nou diskite anba a, p ap aplikab). Gade Kòd Revni Entèn seksyon 3509 la pou plis enfòmasyon.

Dispozisyon alèjman

Si w kanpe sou yon fondman solid ki fè w pa trete yon travayè kòm anplwaye, ebyen ou ka jwenn ti soulajman pou w pa oblije peye enpo sou anplwa pou ouvriye sila a. Pou w jwenn soulajman sa a, w ap bezwen ranpli tout deklarasyon enfòmasyon federal yo egzije yon fason ki konfòm avèk fason w trete travayè a. Oumenm (oubyen predesesè w) pa t dwe janm trete okenn travayè ki te okipe menm pozisyon sa kòm anplwaye nan okenn peryòd ki tonbe apre 1977. Gade nan Piblikasyon 1976, Seksyon 530 Egzijans Alèjman Fiskal sou Anplwa (an anglè) PDF pou plis enfòmasyon.

Soulajman an pa detèmine yon travayè kòm yon kontraktè endepandan. Li bay soulajman anba responsablite enpo sou travay pou moun k ap resevwa sèvis la, kèlkeswa klasifikasyon travayè yo ki kòrèk la. Yo ka toujou detèmine travayè a kòm yon anplwaye atravè kèk lòt mwayen (pa egzanp, detèminasyon SS-8).

Gen kèk travayè ki mal klase yo ka tache Fòm 8919 nan deklarasyon enpo sou revni yo pou rapòte enpo Sekirite Sosyal ak Medicare ki pa t kolekte

Travayè ki kwè yon anplwayè mal klase l kòm antreprenè endepandan ka sèvi ak Fòm 8919, Enpo Sekirite Sosyal ak Medicare Ki Pa Kolekte nan Salè yo (an anglè) pou yo ka konnen epi deklare posyon enpo Medicare ak Sekirite Sosyal yo pat kolekte pou anplwaye a sou konpansasyon yo dwe yo a.

Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè

Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè (VCSP) (an anglè) a se yon pwogram opsyonèl ki ofri kontribyab yo yon opòtinite pou reklase travayè yo kòm anplwaye nan pwochen peyòd fiskal pou rezon enpo sou anplwa avèk soulajman pasyèl sou enpo federal sou anplwa pou tout kontribyab ki elijib ki dakò pou trete anplwaye (oswa yon klas oswa gwoup travayè) yo kòm anplwaye. Pou patisipe nan pwogram volontè sa a, kontribyab la dwe satisfè kèk kondisyon patisipasyon. Aplike pou w patisipe nan VCSP a ak Fòm 8952, Aplidasyon pou Pwogram Aranjman pou Klasman Volontè (an anglè), pou ou ka antre nan yon akò final avèk IRS la.