Sispansyon pou yon ti tan nan Limit ki fikse pou kontribisyon Zèv Charitab

Nan pi fò ka, montan kòb kontribisyon yon kontribyab taks ka dedui nan Barèm A a nan kad dediksyon an detay, se yon montan ki pa ka depase yon pousantaj (nòmalman 60 pousan) nan revni an gwo ajiste (AGI) kontribyab taks la. Yo p ap mete limitasyon sa a sou kontribisyon kalifye yon moun fè. Moun ka dedui kontribisyon kalifye yo ale jiska 100 pousan nan kòb revni an gwo ajiste yo. Yon sosyete ka dedui kontribisyon kalifye ale jiska 25 pousan nan revni ki obligagwa pou l peye taks la. Lè kontribisyon an depase montan sa a, eksedan an ka ale sou ane fiskal k ap vini an. Men sa yo pran pou kontribisyon kalifye:

  • kontribisyon yon lajan kach;
  • ki al jwenn yon òganizasyon ki gen dwa pou sa;
  • ki fèt nan ane fiskal 2020 an

Kontribisyon byen ki pa lajan kach pa konte pou mòd dediksyon sa a. Kontribyab taks ka toujou mande dediksyon pou kontribisyon yo fè men ki pa lajan kach, depi sa antre nan limit ki nòmal yo.

Paj Alèjman Taks pou kòz Kowonaviris ak Pèman Enpak Ekonomik (an anglè) la ofri bon jan enfòmasyon sou èd taks ki la pou kontribyab taks, biznis, òganizasyon ki pa peye taks epi lòt ankò – tankou plan sante – ki afekte nan koze viris kowona a (COVID-19).

Ogmantasyon ki Pa La Pou Lontan sou Kontribisyon Manje ki nan Depo

Gen règleman espesyal ki la pou ede amelyore dediksyon biznis ka fè pou kontribisyon manje yo bay pou ede malad, ede ti moun oswa moun ki nan bezwen. Kantite kontribisyon manje kòm zèv charitab yon kontribyab taks ka dedui daprè règleman sa a pa ka depase yon pousantaj (pi souvan 15 pousan) nan revni total ki vin nan men kontribyab la oubyen nan revni ki mande peye taks. Pou kontribisyon manje pandan ane 2020 an, kontribyab taks yo ka dedui kontribisyon kalite ale ata nan nenpòt 25 pousan nan revni total ki antre pou tout kòmès oswa biznis ki jenere kontribisyon yo, oubyen ata nan nenpòt 25 pousan menm nan revni pa yo ki mande peye taks sou yo.

Paj Alèjman Taks pou kòz viris Kowona epi pou Pèman Enpak Ekonomik (an anglè) la ofri bon jan enfòmasyon sou èd taks ki la pou kontribyab taks, biznis, òganizasyon ki pa peye taks epi lòt ankò – tankou plan sante – ki afekte nan koze viris Kowona (COVID-19) a.

Atik nouvèl sa a eksplike an prensip règleman ki gen pou wè ak dediksyon taks sou revni pou kontribisyon zèv charitab moun fè. Ou ka jwenn plis detay toujou sou règleman sa yo nan Piblikasyon 526, Kontribisyon Zèv haritab (an anglè)PDF, epi Piblikasyon 561, Etabli Valè yon Byen yo Sede w (an anglè)PDF. Pou plis enfòmasyon sou sa w dwe konnen pou w ka jistifye pou ki rezon epi pou w fè pase yon byen, gade nan Piblikasyon 1771 (an anglè)PDF. Ou ka jwenn piblikasyon sa yo gratis lè w rele 800-829-3676.

Ou ka dedui kontribisyon lajan fè zèv ou oswa byen w pase bay òganizasyon ki gen dwa si se detaye ou detaye dediksyon w. An prensip, ou ka menm dedui ata nenpòt 50 pousan menm nan revni an gwo ajiste w, men yo ka enpoze w 20 pousan oswa 30 pousan selon ka gki prezante a. Fouy pou Chèche Òganizasyon ki Pa Peye Taks (an anglè) sèvi ak kòd ki defini dediktibilite yo (an anglè) pou yo ka rive idantifye ki kalite limitasyon sa yo ye.

Òganizasyon ki gen Dwa

Ou ka dedui yon kontribisyon charitab ki al jwenn, oswa ki pou sèvi, youn nan òganizasyon sa yo ki gen dwa jan sa di nan seksyon 170(c) Kòd Revni Entèn nan:

  1. Swa se possesyon yon eta oubyen peyi Etazini genyen (oswa yon sibdivizyon youn nan yo) oubyen Distri Kolonbya, si se pou sèvi gran piblik la;
  2. Yon trezò kominotè, sosyete, fideyikomi, fon, oswa fondasyon, ki òganize oswa kreye Ozetazini osinon nan youn nan teritwa l yo, oswa ki anba lwa Etazini, anba nenpòt ki eta, anba Distri Kolonbya oswa anba lwa nenpòt teritwa Etazini yo, epi ki òganize e opere sèlman pou rezon charitab, relijye, edikasyon, lasyans, oswa literè, oswa pou anpeche mechanste sou timoun oswa bèt;
  3. Yon legliz, yon sinagòg, oswa nenpòt lòt òganizasyon relijye;
  4. Yon òganizasyon yon ansyen konbatan lagè monte oswa pòs kote l ye, branch li, fideyikomi li oswa yon fondasyon ki òganize nan peyi Etazini an osinon nan tèritwa l yo;
  5. Yon konpayi ponpye volontè ki pa vize fè lajan;
  6. Yon òganizasyon defans sivil ki kreye anban lwa federal, lwa yon eta oubyen lwa lokal (konte ladann tou depans volontè defans sivil fè ki pa ranbouse, men ki gen rapò dirèk epi ki atribye sèlman ak sèvis volontè y ap fè a);
  7. Yon sosyete fratènel (an anglè) ki nan eta a, ki ap opere daprè sistèm lòj la, men se sèlman si kontribisyon an pa pou lòt bagay pase rezon zèv charitab;
  8. Yon konpayi simityè ki pa vize fè lajan si fon yo konsakre sèlman pou swen pèpetyèl simetyè a an gwo, depi se pa pou yon bout tè patikilye oubyen pou yon mosole ki fèt sou yon kavo.

Lè pou w Kontribye

Pou kontribisyon an ranpli kondisyon pou w dedui l, an reyalite, fòk kontribisyon yo fèt lajan kach oswa ak lòt byen avan ane fiskal la fèmen; kit ou itilize metòd kontabilite kès oswa metòd kontabilite egzèsis.

Kantite ki ka Dedui

Si w fè yon òganizasyon ki gen dwa kado yon byen, men ki pa lajan kach, ou kapab, an prensip, dedui valè egzat byen an koute sou mache a. Si byen an vin pran valè sou mache a, gen kèk ajisteman ki ka byen bezwen fèt.

Règleman ki montre kòman pou w rive jwenn valè egzat yon byen koute sou yon mache, w ap jwenn yo nan Piblikasyon 561, Etabli Valè yon Byen yo Sede w sou mache a  (an anglè)PDF.

Limit nan Dediksyon

An jeneral, pou kontribisyon k al jwenn òganizasyon zèv charitab yo, moun ka dedui yo ale nan nenpòt 50 pousan menm nan revni an gwo ajiste yo ki kalkile san konsidere kòb ki pèdi akòz jan bagay yo jere. Kontribisyon ki al jwenn kèk fondasyon prive, òganizasyon ansyen konbatan, sosyete fratènèl, epi òganizasyn simetyè yo pa ka depase 30 pousan revni an gwo ajiste (ki kalkile san konsidere kòb ki pèdi akòz jan bagay yo jere), a poutan.Fouy pou Chèche Òganizasyon ki Pa Peye Taks (an anglè) sèvi ak kòd ki defini dediktibilite yo (an anglè) pou yo ka rive endike ki kalite limitasyon sa yo ye.

Limit 50 pousan an se pou (1) tout charite piblik yo (an anglè) (kòd PC), (2) tout fondasyon ki opere tankou prive yo (an anglè) (kòd POF), (3) kèk grenn fondasyon prive (an anglè) ki distribye kontribisyon yo jwenn yo bay charite piblik yo oswa fondasyon k ap opere tankou prive nan yon peryòd 2 mwa edmi aprè ane yo resevwa yo a, epi (4) kèk grenn fondasyon prive ki mete kontribisyonyo yo a nan yon fon komen epi kote revni yo ak kòpis la gen ladan yo lajan k al jwenn charite piblik yo.

Limit 30 pousan an se pou fondasyon prive (code PF), ki pa menm ak sa nou sot site la yo men ki gen kalite pou yo jwi yon limit 50 pousan, ansanm ak lòt òganizasyon yo ki dekri nan seksyon 170(c) yo epi ki pa gen kalite pou jwi limit 50 pousan an, tankou sosyete fratènèl ki anndan yon eta (kòd LODGE).

Genyen limit espesyal ki enpoze pou kèk kado kote se yon byen k ap pran valè a mezi tan ap pase. W ap ka jwenn prezantasyon limit espesyal sa a nan Piblikasyon 526, Kontribisyon Zèv Charitab  (an anglè)PDF.

Òganizasyon Etranje

Òganizasyon ki nan lis Chèche Òganizasyon Egzante nan Taks yo (an anglè) ki gen adrès yo aletranje yo, an prensip, se pa òganizasyon etranje yo ye men se òganizasyon ki kreye nan peyi a epi ki gen aktivite nan lòt peyi. Yo trete òganizasyon sa yo menm jan yo trete nenpòt ki òganizasyon ki sou plas nan koze limit yo.

Kèg grenn òganizasyon ki gen adrès yo Okanada ka byen klase nan kategori òganizasyon etranje kote kontribisyon w bay yo, ou ka dedui yo sèlman akòz trete ki siyen sou taks. Non sèlman, daprè lwa Etazini sou taks, yo soumèt anban menm limit ki enpoze sou tout kontribisyon charitab, kontribisyon w fè bay òganizasyon zèv charitab ki Kanada yo ap anba menm pousantaj limit ki enpoze sou kontribisyon zèv charitab, epi y ap aplike sa sou sous revni w genyen Okanada. Dediksyon pou kontribisyon ki al jwenn yon òganizasyon Okanada p ap posib si kontribyab la pa deklare nan dosye taks Etazini revni l fè Okanada, jan sa dekri nan Piblikasyon 597 (an anglè)PDF la.

Si sa pa fèt jan n sot di la a, ou p ap ka dedui kontribisyon w fè bay yon òganizasyon etranje.

Konte sou zouti ki di Chèche yon Òganizasyon ki gen Egzanpsyon Taks

Pwosedi sou Revni 2011-33, 2011-25 I.R.B. 887 dekri jouk ki bò yon donatè ak yon kontribyab ka konte sou yon òganizasyon ki afiche nan lis ki nan Piblikasyon elektwonik 78 la ak nan ekstrè Pyès Mètrès Biznis IRS la lè y ap chèche konnen posibilite pou dedui kontribisyon yo pou sipòte yon òganizasyon konsa. Dontatè yo ak kontribyab yo ka kontinye konte sou done Pib.78 yo ki nan Rechèch Òganizasyon Egzante nan Taks (an anglè) menm jan yo ka konte sou sa ki nan Pwosedi Revni 2011-33 a.

Gen pwovizyon parèy ki fyab tou pou jan yo klasifye fondasyon yon òganizasyon selon jan l parèt nan lis la. Voye je tou nan Pwosedi Revni 89-23 (an anglè)PDF.

Enfòmasyon siplemantè