Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Chanjman enpòtan ki fèt nan Kredi Enpo pou Timoun nan ap ede anpil fanmi jwenn peman avans kredi a apati sezon lete 2021 an.

IRS ap peye mwatye montan total kredi a an peman mansyèl antisipe. W ap reklame lòt mwatye a lè ou fè deklarasyon enpo sou revni 2021 w lan. N ap fè premye peman avans lan 15 Jiyè 2021. Pou yon kalandriye konplè peman yo, gade Kilè IRS ap kòmanse bay avans Kredi Enpo pou Timoun nan?

Kiyès ki Ta Dwe Itilize Zouti Sa

Itilize zouti sa pou deklare timoun kalifye ou ye ki te fèt anvan 2021, si ou:

  • Pa genyen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo 2020, pa t fè youn epi pa planifye pou fè l; epi
  • Genyen yon kay prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye nan ane a.

Epi tou, si ou pa t jwenn montan total premye ak dezyèm Peman Enpak Ekonomik yo, ou ka itilize zouti sa, si ou:

  • Pa genyen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo 2020, pa t fè youn epi pa planifye pou fè l; epi
  • Vle reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an ak jwenn twazyèm Peman Enpak Ekonomik ou an.

Pa itilize zouti sa si ou:

  • Te fè oswa planifye pou fè yon deklarasyon enpo 2020; oswa
  • Te deklare tout depandan ou yo nan yon deklarasyon enpo 2019, epi tou ou te deklare enfòmasyon yo nan 2020 an pandan ou te itilize Non-Deklaran yo: Zouti Rantre Enfòmasyon Peman yo La a; oswa
  • Te marye nan fen 2020 an sof si ou itilize zouti a avèk konjwen w lan epi mete enfòmasyon konjwen w lan; oswa
  • Se yon rezidan yon teritwa nan Etazini; oswa
  • Pa genyen yon kay prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye nan ane a epi, si ou marye, konjwen w lan pa genyen yon kay prensipal nan Etazini pandan plis pase mwatye nan ane a; oswa
  • Pa genyen yon timoun kalifye ki te fèt anvan 2021 epi te genyen yon nimewo Sekirite Sosyal yo te bay anvan 17 Me 2021.