Nan seri sa yo:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Etap pou ranpli
Itilize etap ak resous sa yo pou fè depoze Fòm 1040 ou a pi fasil.
Menm si ou pa oblije ranpli yon deklarasyon taks, ou ka vle ranpli. Ou ka jwenn yon ranbousman:
- Si w kalifye pou yon kredi enpo ranbousab
- Si patwon ou te prelve plis enpo pase sa w dwe
Si ou dwe enpo, li enpòtan pou ranpli epi peye alè pou evite penalite ak enterè.
Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè)
Pare pou ranpli kounye a?
Depoze ak yon patnè IRS Free File
Tcheke si w elijib pou IRS Direct File (an anglè) epi ranpli sou entènèt dirèkteman ak IRS gratis.
Si w bezwen plis tan pou w ranpli
Si w bezwen lis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon anvan dat limit mwa avril pou ranpli a.
Tanpri sonje, yon pwolongasyon tan pou ranpli pa yon ekstansyon pou peye enpo w dwe yo. Peye nenpòt enpo w nan dat limit la pou w evite penalite ak enterè.
Jwenn èd nan men volontè IRS-sètifye
Jwenn èd gratis pou prepare enpo si nenpòt nan sa yo aplike avè w:
- Touche $67 000 oswa mwens
- Gen yon andikap
- Bezwen sipò lang
- Gen 60 an oswa plis