Preparasyon Deklarasyon Taks Gratis pou Kontribyab ki Kalifye

Pwogram Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni (VITA) ak Konsèy sou Taks pou Moun Laj Avanse (TCE) IRS genyen yo ofri preparasyon deklarasyon taks gratis pou kontribyab ki kalifye yo.

Pwogram ki rele VITA a gen 50 lane depi l ap fonksyone, sant VITA yo ofri èd taks gratis pou moun ki bezwen asistans pou prepare pwòp deklarasyon taks yo, sa gen ladann:

  • Moun ki jeneralman fè $64000 dola oswa pi piti,
  • Moun ki gen andikap ak
  • Kontribyab ki pa pale anglè byen

Anplis VITA, pwogram ki rele TCE a ofri èd taks gratis, espesyalman pou moun ki gen laj 60 lane oswa plis, yo espesyalize nan kesyon sou pansyon ak pwoblèm ki gen rapò ak retrèt sèl moun laj avanse yo genyen.

Pandan IRS ap jere pwogram VITA ak TCE yo, sant VITA/TCE yo, se patnè IRS yo k ap fè yo fonksyone epi se volontè ki vle pote chanjman nan kominote yo ki fòme ekip travayè k ap travay ladan yo. Volontè IRS sètifye ki bay konsèy taks yo, souvan se moun ki retrete ki asosye ak òganizasyon ki pa travay pou pwofi ki resevwa sibvansyon nan men IRS.

Non sèlman sèvis VITA/TCE yo gratis, yo se sous fyab e kredib pou preparasyon deklarasyon taks tou. Tout volontè VITA/TCE yo ki prepare deklarasyon taks oblije pran epi reyisi nan fòmasyon sou lwa taks yo oswa depase nivo IRS mande yo. Fòmasyon sa a gen ladan li respè vi prive ak konfidansyalite sou enfòmasyon pèsonèl tout kontribyab. Anplis obligasyon pou volontè yo sètifye konesans yo genyen nan lwa taks yo, IRS egzije yon verifikasyon kalite sou chak deklarasyon taks ki fèt nan yon biwo VITA/TCE anvan yo soumèt li. Chak sezon taks, gen plizyè dizèn milye volontè VITA/TCE ki devwe k ap prepare plizyè milyon deklarasyon taks federal ak pou leta. Yo ede kontribyab yo ak preparasyon plizyè milye deklarasyon ki fèt atravè Sèvis Asistans Lib yo.

Anvan vizit ou a

Anvan vizit nan yon sant VITA oswa TCE, gade nan Piblikasyon 3676-B (an anglè)PDF pou w ka konnen ki sèvis yo ofri epi gade nan paj Kisa pou Pote (an anglè) a pou ka rasire w ou pote tout dokiman ak enfòmasyon obligatwa volontè nou yo ap bezwen pou yo ede w.

Remak: Sèvis ki disponib yo ka diferan nan chak sant akòz disponiblite volontè ki sètifye nan ekspètiz lwa fiskal ki nesesè pou deklarasyon ou ap fè a.

Kèk sant VITA ofri Sèvis CAA (an anglè) pou kontribyab yo ansanm ak pwogram VITA yo a.

Anplis toujou, ale sou sitwèb FDIC a (an anglè) pou enfòmasyon sou kibò pou jwenn yon bank ki ka ouvri yon kont sou entènèt la ak kijan pou chwazi kont k ap pi bon pou ou a.

Chèche yon biwo VITA oswa TCE toupre lakay ou

Sant VITA ak TCE yo jeneralman chita kò yo nan sant kominotè ki nan katye yo, bibliyotèk, lekòl, sant komèsyal ak lòt lokal aksesib atravè peyi a. Pou jwenn yon lokal VITA oswa TCE ki toupre lakay ou, itilize Zouti Lokalizatè VITA (an anglè) a oswa rele nan 800-906-9887.

Zouti Lokalizatè VITA/TCE (an anglè)

Lè w ap chèche yon sant TCE, se pou w sonje majorite sant TCE yo dirije pa pwogram Èd Taks Fondasyon AARP a. Pou jwenn sant TCE nan Èd Taks AARP ki pi pre w la ant mwa Janvye ak Avril, itilize Zouti Lokalizatè Sant AARP (an anglè) a osinon rele nan 888-227-7669.

Zouti Lokalizatè Biwo AARP TCE (an anglè)

Lè w seleksyone sant taks yo, kontribyab yo gen opsyon tou pou yo prepare deklarasyon taks federal ak pou leta yo pou kont yo gratis, lè yo sèvi ak lojisyèl preparasyon taks ki baze sou Entènèt kote gen yon volontè IRS sètifye pou ede yo atravè pwosesis la. Opsyon sa a disponib sèlman nan lokal ki mete "Self-Prep" ("Preparasyon Otomatik") nan repètwa sant lan.

Atansyon: Yo revize lokalizatè a regilyèman apati mwa Fevriye jiska mwa Avril.