Kilè pou ou Espere Ranbousman Ou si Ou te Reklame Kredi Taks sou Revni ou Antre oswa Kredi Taks Adisyonèl pou Timoun nan

Si ou te reklame Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC) oswa Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun (ACTC) (an anglè), ou ka espere resevwa ranbousman w lan blòk 27 fevriye si:

  • Ou fè deklarasyon w anliy
  • Ou chwazi resevwa ranbousman w lan pa depo dirèk
  • Nou pa t jwenn okenn pwoblèm nan deklarasyon w lan

Sepandan, kèk kontribyab ka wè ranbousman yo a kèk jou anvan. Verifye Kote Ranbousman Mwen an pou dat ranbousman pèsonèl ou a. Kote Ranbousman Mwen an ta dwe montre yon estati ki ajou apati 17 fevriye pou moun ki ap ranpli EITC/ACTC pi bonè yo.

Anplis, enstitisyon finans ou an ka pran tan pou aksepte depo dirèk ou a oswa bay yon kat debi. Anpil enstitisyon pa fè pèman nan wikenn oswa nan jou konje yo. Kidonk, si ou fè delarasyon an bonè, chèche konnen ki konje nasyonal ak rejyonal (an anglè) ki ka afekte a ki vitès w'ap resevwa ranbousman w lan.

Poukisa Nou Kenbe Ranbousman w lan

Dapre lalwa, nou pa kapab ba ou ranbousman EITC oswa ACTC yo anvan mitan fevriye. Sa gen ladan li ranbousman w lan annantye, pa sèlman pòsyon ki gen rapò ak kredi ou te reklame sou deklarasyon enpo w la.

Si ou reklame EITC a (Kredi Enpo sou Revni ou Rantre) oswa ACTC a (Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun), nou ka bezwen plis enfòmasyon nan men ou konsènan deklarasyon w lan. Si nou bezwen, n'ap voye yon lèt ba ou.

Kijan pou Ou Swiv Ranbousman W lan

Verifye estati ranbousman w lan:

Resous