Prepare w pou ou deklare enpo ou yo

Planifikasyon enpo se pou tout moun. Prepare w jodi a pou fè deklarasyon enpo sou revni federal ou. Lè ou planifye davans, sa kapab ede ou depoze yon bon deklarasyon epi evite reta ki ka ralanti ranbousman fiskal ou an.

Etap ou ka suiv kounye a pou w rann li pi fasil pou w deklare enpo

Itilize kont anliy pou ou gen aksè ak dènye enfòmasyon ki disponib sou kont taks federal ou epi gade enfòmasyon sou dènye deklarasyon enpo ou te depoze a. 

Ou kapab:

  • Gade enpo ou dwe, peman yo, ak plan peman yo
  • Fè pèman epi aplike pou plan pèman
  • Aksede a dosye fiskal ou
  • Siyen manda pa vwa elektwonik ou resevwa nan men pwofesyonèl fiskal oua
  • Jere fason w ta vle kominike yo avèk IRS la

Lè dosye fiskal ou yo òganize, sa pèmèt ou prepare yon deklarasyon enpo ki konplè e ki kòrèk pi fasil. Sa ap ede w evite erè ki pral bay reta ki pral ralanti ranbousman ou an epi sa ka ede ou jwenn tou, dediksyon oubyen kredi yo te neglije yo.

Tann pou ou deklare jiskaske ou genyen nan dosye fiskal ou yo:

Fè IRS la konnen si adrès ou chanje (an anglè) epi fè Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè) la konnen lè genyen chanjman nan yon non legal.

Sonje sa, pifò revni enpozab (an anglè). Sa a gen ladan l:

Yon ITIN bezwen renouvle sèlman si li te ekspire ak si yo bezwen li sou yon deklarasyon enpo federal ameriken. Si ou pa renouvle yon ITIN k ap ekspire oswa ki ekspire deja, IRS la ka toujou aksepte deklarasyon enpo w la, men sa ka retade tretman an oswa retade kredi enpo li gen pou ou, tankou Kredi Enpo pou Timoun nan ak Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an, sa ki gen yon enpak sou ki lè w ap resevwa ranbousman fiskal ou a.

Si ITIN ou an pa t enkli nan yon deklarasyon enpo federal ameriken pou pi piti yon sèl fwa pou ane fiskal,  epi, ITIN ou an ap ekspire 31 desanm.

Pou rapèl, ITIN ki genyen chif nan mitan ki se 70, 71, 72, 73, 74, 75, 76, 77, 78, 79, 80, 81, 82, 83, 84, 85, 86, 87, oswa 88 ekspire. Anplis, ITIN ki gen chif nan mitan ki se 90, 91, 92, 93, 94, 95, 96, 97, 98, oswa 99, SI yo te bay anvan 2013, yo ekspire. Si ou te soumèt yon demann renouvèlman epi yo te apwouve l, ou pa bezwen renouvle ankò.

IRS la trete demann yo nan lòd li te resevwa yo a. Aktyèlman. Nou apresye pasyans ou.  W ap resevwa yon avi lè nou ba w ITIN nan oswa sin ou bezwen lòt enfòmasyon anplis.

Konsidere ajiste prelèvman ou si ou te dwe enpo oswa si ou te resvwa yon gwo ranbousman lè ou te deklare. Chanjman prelèvman an kapab ede ou evite yon fakti enpo oswa kite ou kenbe plis lajan chak jou peman. Montan kredi yo ka chanje chak ane, alòs, ale sou IRS.gov epi sèvi avèk Asistans Fiskal Entèraktif la pou w idantifye si ou kalifye pou nenpòt kredi enpo ki pa bezwen yon ajisteman prelèvman. Chajman nan vi a – marye oswa divòse, ap tan yon timoun, oswa pran yon dezyèm travay – ka vle di chanjman prelèvman tou.

Itilize Estimatè Prelèvman Enpo a pou ede w konnen montan ekzakt enpo yo dwe kenbe sou chèk ou a. Zouti sa sou IRS.gov ap ede w konnen si ou bezwen ajiste prelèvman ou yo epi soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè w la.

Konsidere Pèman Enpo yo Estime yo. Si ou resevwa yon gwo montan revni ki pa yon salè, tankou revni yon travay endepandan, revni yon envestisman, benefis Sekirite Sosyal enposab yo, ak nan kèk egzanp, pansyon ak revni aniyite ou ta dwe fè pèman enpo estime chak trimès yo.

Konekte sou kont anliy ou pou w fè yon peman anliy oswa ale sou IRS.gov/payments.

Mwayen ki pi rapid pou ou resevwa ranbousman fiskal ou a se lè w deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk. Depo dirèk fè w resevwa ranbousman w lan pi rapid pase papye chèk. Konekte sou kont bankè anliy ou oswa kontakte bank ou an pou w kapab jwenn nimewo woutaj ak nimewo kont ou an.

Ou pa gen yon kont labank? Aprann kòman ou ka louvri yon kont nan yon bank ki Asire nan FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizasyon Koperativ Kredi Nasyonal la (an anglè).

Si ou se yon Veteran, gade Pwogram Sèvis Labank Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou aksè nan sèvis finans nan bank ki nan pwogram nan.

Kat debi prepeye oswa aplikasyon mobil yo ka aksepte depo dirèk ranbousman fiskal yo. Fòk yo genyen nimewo woutaj la ak nimewo kont lan asosye avèk yo k ap kapab rantre nan deklarasyon enpo ou. Verifye ansanm avèk founisè aplikasyon mobil la oswa enstitisyon finans lan pou w konfime ki nimewo pou w itilize.

Depo dirèk yo evite posibilite pou yon chèk ranbousman ta pèdi, pou yo ta vòlè li, oswa pou li ta retounen nan IRS kòm chèk ki pa livre.

Sa ki nouvo ak sa pou ou konsidere pwochen fwa w ap deklare

Limit $600 pou aplikasyon pou peman yo ak mache sou entènèt pou rapòte peman yo nan Fòm 1099-K a an reta pou ane fiskal 2023. Limit pou ane fiskal 2023 a ap kontinye rete peman ki plis pase $20,000 ak 200 tranzaksyon, byenke kontribyab yo ka toujou jwenn fòm ki rapòte mwens pase montan sa a. W ap jwenn detay yo nan anons IRS 21 novanm 2023 a.

Li enpòtan pou kontribyab yo konprann poukisa yo te resevwa yon Fòm 1099-K, epi sèvi ak fòm nan ak lòt dosye yo pou kalkile ak rapòte revni kòrèk yo sou deklarasyon enpo yo. Li enpòtan tou pou kontribyab yo konnen sa pou yo fè si yo te resevwa yon Fòm 1099-K yo pa ta dwe genyen.

Kisa ki enposab?

Pa gen okenn chanjman nan taksabilite revni. Tout revni, ki gen ladan travay a tan pasyèl, lòt travay oswa vann machandiz, yo toujou enpozab. Kontribyab yo dwe rapòte tout revni yo nan deklarasyon enpo yo sof si lalwa ekskli li, kit yo resevwa yon Fòm 1099-K, yon Fòm 1099-NEC, Fòm 1099-MISC, oswa nenpòt lòt fòm enfòmasyon oswa ou pa.

Kisa ki pa enposab?

Ou pa ta dwe resevwa yon Fòm 1099-K pou pèman pèsonèl yo, tankou lajan ou resevwa kòm kado ak pou ranbousman depans pataje. Lajan sa a pa enposab. Pou evite resevwa yon Fòm 1099-K ki pa kòrèk lè pwochen peryòd deklarasyon an, mete pèman sa yo kòm "pèsonèl" si w kapab.

Byen kenbe dosye yo se kle

Asire w ou kenbe bon dosye paske li ede w lè ou pral fè deklarasyon enpo ou. Pa bliye kenbe tras depans yo, sa ou te vann ak sa yo te peye ou pou sèvis ou pandan tout ane a. Epi li se yon bon lide pou kenbe transaksyon biznis ak pèsonèl yo separe pou fè li pi fasil pou konnen sa ou ka dwe.

Evènman lavi, tankou achte yon kay, kòmanse kolèj, oswa pèdi yon travay, ka fè ou kalifye pou sèten avantaj fiskal. Lòt sikonstans, tankou maryaj oswa divòs, arive yon timoun, oswa fè eksperyans lanmò yon konjwen oswa yon depandan, kapab tou gen enpak sou kalifikasyon ou pou benefis fiskal ak estati deklarasyon ou. Chanjman sa yo ka vle di ou kalifye pou kredi enpo tankou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC)Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC)) a ak Kredi pou Swen Timoun ak Depandan an (an anglè).

Chanjman sa yo ka vle di ou kalifye pou kredi enpo tankou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC)Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC)) a ak Kredi pou Swen Timoun ak Depandan an (an anglè).

  • Pou 2023 a, CTC a ap vo $2,000 pou chak timoun ki kalifye. Yon timoun dwe anba 17 lane nan fen ane 2023 a, pou li yon timoun kalifye.
  • Pou EITC a, kontribyab elijib ki pa gen timoun kalifye yo ka resevwa $600  pou ane fiskal 2023 a.

Pou kredi pou Swen Timoun ak Depandan an, Kontribyab yo ka resevwa jiska 35% nan depans pou travay yo. Ale nan Kredi ak Dediksyon (an anglè) pou plis detay.

Kredi ak Dediksyon ki gen Rapò ak Enèji yo (an anglè)

Kredi enpo pou veyikil ekolojik. Gade chanjman (an anglè) yo nan Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 (an anglè) a pou wè si ou kalifye pou kredi pou nouvo machin elektrik yo te achte an 2022 oswa pi bonè oswa nouvo machin ekolojik yo te achte an 2023 oswa apre (an anglè)

Kredi enpo enèji kay la. Si w fè amelyorasyon enèji lakay ou, kredi enpo disponib pou yon pati nan depans ki kalifye yo. Lwa 2022 sou Rediksyon Enflasyon an te ogmante kantite kredi ak kalite depans ki kalifye yo.

Plizyè faktè diferan kapab afekte kalandriye ranbousman w lan apre nou fin resevwa deklarasyon w lan. Malgre IRS la bay majorite ranbousman yo  nan 21 jou pou pi piti, li avèti kontribyab yo pou yo pa mete nan tèt yo gen yon dat pou resevwa ranbousman, espesyalman lè y ap fè gwo acha oswa peye bòdwo.

Vòl Idantite ak fwod nan ranbousman. Gen deklarasyon ki ka mande plis analiz e ki ka pran plis tan. IRS ansanm avèk patnè li yo nan endistri enpo a, kontinye ranfòse enspeksyon sekirite pou pwoteksyon kont vòl idantite ak fwod nan ranbousman.

IRS pa kapab bay ranbousman EITC ak ACTC yo anvan mitan mwa fevriye. Yo p ap ka bay ranbousman pou moun k ap reklame kredi enpo sou revni yo genyen (EITC) oswa kredi enpo siplemantè pou timoun (ACTC), anavn mitan mwa fevriye. Lwa a mande pou IRS kenbe tout ranbousman – menm pòsyon ki pa pou EITC oswa ACTC.

Deklarasyon ki mande yon ekzamen manyèl. Kèk deklarasyon, ki te deklare sou entènèt oswa sou papye, ka bezwen yon revizyon manyèl ki ka retade tretman an si sistèm nou an detekte yon erè posib, deklarasyon an gen enfòmasyon ki manke, oswa yo sispèk gen vòl idantite oswa fwod. Kèk nan sitiyasyon sa yo mande nou pou nou kominike ak kontribyab yo, gen lòt ki pa mande sa. Travay sa a mande yon jesyon espesyal pa yon anplwaye IRS la, nan ka sa yo, li ka pran IRS la plis pase 21 jou nòmal la pou l bay tout ranbousman ki an rapò ak sa. Nan ka sa yo kote IRS la anmezi pou li korije deklarasyon an san li pa kominike avèk kontribyab la, IRS la ap voye yon eksplikasyon bay kontribyab la.

Make resous IRS.gov yo ak zouti anliy yo

Fè yon kanpe sou IRS.gov, kote w ap jwenn zouti ki pou ede w jwenn enfòmasyon ou bezwen. Zouti yo fasil pou itilize e yo disponib tout 24è nan jounen an. Plizyè milyon moun sèvi avèk yo pou fè eklarasyon epi peye enpo, jwenn enfòmasyon sou kont yo ak jwenn repons ak kesyon sou enpo yo.

Itilize Deklarasyon Gratis IRS

Prèske tout moun ap ka fè deklarasyon yo anliy gratis sou IRS.gov oswa sou aplikasyon IRS2Go a. Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sèlman sou IRS.gov la, ofri kontribyab kalifye yo pakage gwo mak lojisyèl pou preparasyon enpo pou itilize san lajan. Kèk nan pakage Deklarasyon Gratis yo ofri preparasyon deklarasyon enpo leta gratis tou. Lojisyèl la fè tout travay pou l jwenn dediksyon yo, kredi yo ak sa yo dispanse w yo.

Si ou konfòtab pou ou prepare pwòp dosye fiskal ou, ou ka sèvi avèk Fòm Deklarasyon Gratis pou Ranpli yo (an anglè), kèlkeswa revni w, pou w fè deklarasyon enpo w yo pa imèl oswa anliy.

Itilize MilTax si ou se yon manm nan fòs lame oswa yon veteran kalifye

Manm fòs lame yo ak veteran yo kapab pwofite de avantaj MilTax (an anglè). Resous fiskal gratis sa a disponib pou kominote militè a, yo ofri li nan Depatman Defans. Pa gen limit revni. MilTax gen lojisyèl preparasyon taks ak deklarasyon elektwonik, sipò pèsonalize avèk konsiltan fiskal yo ak enfòmasyon kouran sou depo enpo. Li fèt pou abòde reyalite vi militè yo – tankou deplwaman, pèeman konba ak fòmasyon, lojman ak lokasyon weyaj ak deklarasyon nan plizyè Eta. Kontribyab ki kalifye (an anglè) kapab itilize MilTax pou fè depo elektwonik ak yon deklarasyon enpo federal epi jiska twa (3) deklarasyon leta gratis.

Itilize zouti lokalizatè VITA a (an anglè)

Pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni IRS la (VITA) ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE) yo ofri preparasyon deklarasyon enpo bazik gratis pou patikilye ki kalifye yo. Zouti Lokalizatè VITA a pral  ede w lokalize sit VITA ki tou pre w la.

Jwenn yon pwofesyonèl enpo

Gen yon pakèt tip preparatè deklarasyon enpo, tankou ajan yo anwole, kontab piblik ki sètifye, avoka, ak kèk moun ki pa gen akreditasyon pwofesyonèl.

Preparatè yod we se moun ki gen kapasite pou byen prepare epi fè depo deklarasyon enpo yo yon fason ki kòrèk. Ou fè yo konfyans avèk enfòmasyon w genyen ki pi pèsonèl. Yo konn enfòmasyon konsènan maryaj ou, revni w, pitit ou ak nimewo sekirite sosyal ou – detay finansye lavi w.

 Pifò preparate yo bay sèvis fiscal pwofesyonèl e eksepsyonèl. Sepandan, itilizasyon move preparate fè kontribyab yo soufri chak ane. Tcheke sijè konsèy sou fason pou w chwazi yon preparatè (an anglè) ak fason pou w evite preparatè deklarasyon enpo ki pa gen etik “fantom” (an anglè).

Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Akreditasyon ak Seleksyon Kalifikasyon (an anglè) an kapab ede w jwenn preparatè nan zòn ou an ki gen akreditasyon pwofesyonèl IRS rekonèt, oswa ki gen yon Dosye Anyèl Pwogram Sezon Deklarasyon ki Acheve.

Itilize Asistan Entèraktiv pou Enpo a (ITA) (an anglè)

Apati janvye, sèvi avèk ITA a pou ou konnen si chanjman evennman vi a rann ou elijib pou kredi ou pa t kalifye pou yo nan pase. ITA a se yon zouti ki bay repons ak kesyon sou dwa fiskal yo. Li ka detèmine si gen enpo sou tèl tip revni, si ou elijib pou ou reklame yon seri kredi, oswa si ou kapab dedwi depans yo sou deklarasyon enpo ou. Li bay repons tou ak kesyon jeneral, tankou detèmine estati dosye w, si ou ka reklame depandan yo, oswa si ou gen pou ou fè yon deklarasyon enpo.

Apre ou fin deklare, ale sou IRS.gov epi klike sou Ki Kote Ranbousman Mwen an ye? Estati ranbousman w ap disponib nan 24 è apre IRS la fin aksepte deklarasyon enpo ou te fè anliy lan. Zouti ki kote ranbousman mw an ye a fè mizajou yon fwa chak 24 è, dabitid nan lannwit, konsa w ap bezwen verifye yon sèl fwa nan jounen an.

Fè deklarasyon an anliy epi chwazi Depo Dirèk pou deklarasyon enpo w – se mwayen ki pi rapid e ki pi sekirize pou w resevwa kòb ou. Yo resevwa deklarasyon enpo elektwonik yo nan 24 è, e deklarasyon enpo ki fèt sou papye pran plizyè semèn. Ou ka toujou chwazi depo dirèk, menm si ou fè deklarasyon enpo w sou papye.

Pa janm gen yon pi bon moman pou rantre nan pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni an ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE). Volontè VITA/TCE yo fè preparasyon pou deklarasyon enpo gratis pou kontribyab ki elijib yo. Avèk anpil moun ki vin ap eksperimante chanjman finansyè, vin gen plis bezwen volontè pou ede yo. An repons, IRS la genyen nouvo mwayen pou rann volontarya a pi fasil.

Kèk sit ki bay volontè yo opsyon pou asiste kontribyab yo anliy olye yo bay asistans la fas-a-fas. Sa pèmèt volontè yo ede kontribyab yo konplete deklarasyon yo nan telefòn oswa anliy. Gen volontè ki ka analize kalite deklarasyon enpo an ak kontribyab la anvan li soumèt li anliy bay IRS la. Volontatrya a distans lan se yon bèl opsyon pou nouvo volontè yo, pwiske yo ka mande volontè eksperimante yo èd pandan y ap fè deklarasyon enpo yo.

Vizite IRS.gov/volunteers pou aprann plis epi enskri. Apre ou fin enskri, w ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou ou jwenn yon oryantasyon a distans.

Konekte epi Aprann sou Enpo yo (an anglè) se yon pwogram aprantisaj pou volontè sou wèb la. Li prepare patnè VITA ak TCE epi Volontè yo pou bay bon sèvis preparasyon deklarasyon enpo ki gen kalite nan kominote lokal yo. Kou entèraktiv sa a, kote ou ka detann ou, montre w prepare deklarasyon enpo byen presi pou patikilye, e ou ka genyen sètifika volontè w pandan w ap fè sa, lè ou vle.

Piblikasyon 5533, Poukisa Ou Ta Dwe Kreye yon Kont IRS Anliy (an anglè)PDF

Piblikasyon 5533-A, Kòman pou Ou Soumèt Otorizasyon yo Avèk Kont Fiskal Pqofesyonèl ak Kont Anliy (an anglè)PDF

Piblikasyon 5136, Gid Sèvis IRS (an anglè)PDF
Montre ki kote w ap jwenn èd sou IRS.gov

Piblikasyon 5348, Prepare Ou pou Deklare (an anglè)PDF
Prepare ou pou w depoze deklarasyon enpo sou revni federal ou avèk konsèy sou deklarasyon sa yo

Piblikasyon 5349, Planifikasyon fiskal pou tout ane a se pou tout moun (an anglè)PDF
Eksplike sa w ap fè kounyea ka afekte tout enpo ou ka dwe oswa ranbousman ou ka espere lòt ane