IRS voye yon lèt enfòmasyon bay benefisyè kredi antisipe taks pou timoun ak benefisyè twazyèm seri peman enpak ekonomik yo; kontribyab yo ta sipoze itilize lèt sa yo pou ede yo reyalizasyon deklarasyon 2022 yo

IR-2021-255, 22 desanm 2021

WACHINTONN (WASHINGTON) — Sèvis Revni Entèn anonse jodi a li pral voye lèt enfòmasyon bay benefisyè kredi antisipe taks pou timoun yo apati de desanm ak tout benefisyè twazyèm seri peman enpak ekonomik yo nan fen mwa janvye. Wap gen pou ou sèvi ak enfòmasyon sa yo lè w ap reyalize deklarasyon enpo yo, konsa wa va redui kantite erè ak reta nan pwosesis.

IRS ankouraje moun k ap resevwa lèt sa yo pou asire yo yo itilize yo nan kad reyalizasyon deklarasyon enpo federal 2021 yo an 2022.

Kontwole lèt kredi antisipe taks pou timoun

Pou ede kontribyab yo rekonsilye epi resevwa tout kredi taks pou timoun ki revyen yo gen de dwa a, IRS pral voye Lèt 6419 ki gen pou wè ak kredi antisipe taks pou timoun 2021 apati fen Desanm 2021 epi sa ap kontinye nan mwa janvye. Lèt la ap gen ladan montan total peman kredi antisipe taks pou timoun kontribyab yo te resevwa an 2021 ak kantite timoun ki kalifye yo te itilize pou kalkile peman antisipe sa yo. Ou sipoze kenbe lèt sa a ak tout lòt lèt IRS konsènan peman kredi antisipe taks pou timoun nan dosye enpo ou.

Fanmi ki resevwa peman antisipe sa yo ap gen pou reyalize yon deklarasyon enpo 2021 epi konpare peman kredi antisipe taks pou timoun yo te resevwa an 2021 ak montan kredi antisipe taks pou timoun yo gen dwa pou reklame kòmsadwa nan deklarasyon enpo 2021 yo.

Lèt la gen enfòmasyon enpòtan ki ka pemèt preparasyon deklarasyon enpo yo vin pi fasil. Moun ki te resevwa peman kredi antisipe taks pou timoun yo kapab itilize Pòtal Ajou CTC qqq ki disponib sou IRS.gov pou verifye montan pwòp peman pa yo.

Fanmi ki elijib ki pa t benefisye okenn peman kredi antisipe taks pou timoun yo kapab reklame total montan kredi taks pou timoun yo okonplè nan deklarasyon enpo federal 2021 yo, ki ap reyalize an 2022. Sa gen nan li tou fanmi ki an jeneral pa gen egzijans pou rey alize yon deklarasyon enpo.

Lèt peman enpak ekonomik ka ede avèk kredi rekiperasyon an

IRS pral kòmanse voy Lèt 6475 konsènan twazyèm peman enpak ekonomik la bay benefisyè peman enpak ekonomik yo, Lèt sa a pral ede moun k ap resevwa peman enpak ekonomik yo detèmine si sa revyen yo de dwa e si yo ta dwe reklame Kredi Rekiperasyon an nan deklarasyon enpo yo pou ane fiskal 2021 yo te reyalize an 2022 yo.

Lèt 6475 aplikab sèlman pou twazyèm seri peman enpak ekonomik ki te bay apati mwa Mas 2021 e ki te kontinye jiska Desanm 2021. Twazyèm seri peman enpak ekonomik yo, ki gen ladan peman adisyonèl ("Plòsòp") yo, se te peman antisipe kredi rekiperasyon 2021 ki ta sipoze reklame nan deklarasyon enpo 2021. Peman sa yo yo se peman adisyonèl IRS te voye bay moun ki te resevwa yon twazyèm peman enpak ekonomik ki baze sou yon deklarasyon enpo 2019 oswa enfòmasyon yo te resevwa nan men SSA, RRB oswa VA; oswa bay moun ki gendwa elijib pou yon pi gwo montan dapre deklarasyon enpo 2020 yo.

Pifò moun ki kalifye yo deja resevwa peman yo. Sepandan, moun ki pa jwen peman estimilis yo ta dwe reanalize enfòmasyon yo pou detèmine si yo kalifye epi si wi oswa non yo bezwen reklame yon kredi rekiperasyon pou ane fiskal 2020 oswa 2021 an.

Menm jan ak lèt kredi antisipe pou timoun nan, lèt peman enpak ekonomik yo gen ladann yo enfòmasyon enpòtan ki ka ede yon moun reyalize deklarasyon enpo yo byen rapid epi avèk bon jan presizyon.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou avans Kredi Enpo pou Timoun nan, Pèman Enpak Ekonomik yo ak lòt alèjman fiskal ki an rapò ak COVID-19 la (an anglè) sou sit IRS.gov.

Pandan sezon deklarasyon enpo 2022 a ap pwoche, IRS ap ankouraje moun yo pou yo asire yo reyalize deklarasyon enpo yo ak bon jan presizyon epi itilize sèvis elektwonik ak depo dirèk pou evite reta.