IRS la te bay tout premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo. Majorite moun kalifye yo te deja resevwa pèman relans yo e yo p ap elijib pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon.

Moun ki manke pèman relans oswa ki te jwenn mwens pase tout montan an ka elijib pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon nan deklarasyon taks federal 2020 oswa 2021 yo a.

Premye ak dezyèm tou Pèman Enpak Ekonomik yo se te pèman an avans Kredi Rekiperasyon Ranbousman 2020 an yo te reklame nan yon deklarasyon taks 2020. Yo te bay an 2020 ak nan kòmansman 2021.

Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo, ansanm avèk pèman siplemantè yo, se te pèman avans Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an yo te reklame nan yon deklarasyon taks 2021. Yo te kòmanse bay li nan mwa mas 2021 epi li te kontinye rive nan desanm 2021.Moun yo ta dwe revize enfòmasyon ki anba yo pou detèminen kalifikasyon yo pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou ane fiskal 2020 oswa 2021.

Li enpòtan pou moun k ap reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon konprann pèman avans yo aplike pou plizyè ane fiskal diferan. Toudepann de ki pèman avans ki manke – premye a, dezyèm oswa twazyèm nan – w ap depoze swa yon deklarasyon taks 2020 oswa yon deklarasyon taks 2021 pou ou reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon.

  • Premye ak dezyèm pèman enpak ekonomik ki manke yo kapab reklame nan yon deklarasyon taks 2020 sèlman.
  • Twazyèm pèman ki manke yo kapab reklame sèlman nan yon deklarasyon taks 2021.

W ap bezwen ane fiskal (yo) ak montan Pèman Enpak Ekonomik ou te resevwa yo pou ou ka byen kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon an. Rantre montan an nan lojisyèl preparasyon taks ou a oswa nan Fèy kalkil Kredi Ranbousman Rekiperasyon Fòm 1040 lan pou w kalkile kredi w la.

Genyen enfòmasyon sa yo ap ede moun yo detèmine si yo elijib pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 oswa 2021 an pou pèman relans ki manke yo. Itilize montan total pèman yo kapab redui erè yo epi evite reta nan tretman yo pandan IRS la ap korije deklarasyon taks yo.

Pou ou jwenn montan Pèman Enpak Ekonomik ou yo, verifye:

Kont Anliy Ou: Aksede ak kont IRS anliy pou ou ka wè montan premye, dezyèm ak twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo sou paj Dosye Fiskal la.

Avi IRS yo: N ap voye avi sa yo ba ou pa lapòs nan adrès nou genyen nan dosye ou.

  • Avi 1444: Montre premye avans Pèman Enpak Ekonomik pou ane fiskal 2020
  • Avi 1444-B: Montre dezyèm avans Pèman Enpak Ekonomik pou ane fiskal 2020
  • Avi 1444-C: Montre twazyèm avans Pèman Enpak Ekonomik pou ane fiskal 2021

Lèt 6475(an anglè): Nan mas 2022 a, n ap voye lèt sa a k ap konfime montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la ak tout pèman siplemantè ou te resevwa pou ane fiskal 2021 an.

IRS la p ap bay twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la ankò.

Si ou te resevwa tout montan twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la, ou pa bezwen mete okenn enfòmasyon sou pèman w lan lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

Si ou pa t kalifye pou yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa ou te jwenn mwens pase montan total la, ou ka kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan. Ou dwe fè yon deklarasyon pou w reklame kredi a, menm si dabitid ou pa konn fè deklarasyon taks. Kredi a baze sou enfòmasyon ane fiskal 2021 w lan, kidonk tout twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ou te resevwa ap redui montan kredi ou kalifye pou li a. Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 w lan ap redui tout taks ou dwe pou 2021 an oswa y ap nan ranbousman taks ou.

W ap bezwen montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik la ak tout pèman siplemantè pou ou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an. Itilize montan total twazyèm pèman yo sou kont anliy oswa Lèt 6475(an anglè) moun nan pandan deklarasyon taks la ap fèt kapab redui erè y oak evite reta nan tretman yo pandan IRS la ap korije deklarasyon taks la.

Pa mete montan premye ak dezyèm pèman relans ki manke yo nan deklarasyon taks 2021 w lan. Olyesa, gade Kijan pou ou Reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an.

Depoze deklarasyon taks 2020 w lan pa mwayen elektwonik epi lojisyèl taks la ap ede ou kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an. Kredi Ranbousman Rekiperasyon w la ap redui montan tout taks ou ka dwe pou 2021 an oswa l ap nan ranbousman taks ou epi yo ka depo dirèk li sou kont finans ou. Ou kapab itilize yon kont labank, kat debi prepeye oswa lòt pwodui finansye pou depo dirèk ou a. W ap bezwen bay nimewo routing ak nimewo kont ou.

IRS te voye tout premye ak dezyèm Pèman Enpak Ekonomik otomatik yo. Si w pa t resevwa yon premye ak dezyèm Pèman Enpak Ekonomik oswa te resevwa mwens pase tout kantite lajan yo, ou ka kalifye pou reklame Kredi Rekiperasyon Ranbousman an pandan w ap ranpli yon deklarasyon taks 2020 si w potko ranpli youn oswa amande deklarasyon taks 2020 w lan si yo gentan ap trete li. Kredi Ranbousman Rekiperasyon w lan nan deklarasyon taks 2020 w lan ap redui montan taks ou dwe pou 2021 an oswa l ap nan ranbousman taks ou a. Men kijan moun kalifye yo reklame kredi a:

Pa reklame okenn premye oswa dezyèm pèman nan deklarasyon taks 2021 w lan.
Fè yon deklarasyon taks 2020 si ou potko fè youn oswa amande deklarasyon taks 202o w lan si yo te deja trete deklarasyon 2020 w lan. Kredi Ranbousman Rekiperasyon ki sou deklarasyon taks 2020 w la nap redui montan taks ou dwe a pou 2020 an oswa l ap nan ranbousman taks ou. Men kòman moun kalifye yo reklame kredi a:

Si ou pa t ranpli yon deklarasyon taks 2020 oswa ou pa t reyisi itilize Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan:

Ranpli yon deklarasyon taks pou w reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an menm si ou pa konn ranpli yon deklarasyon taks.

Gade Kredi Ranbousman Rekiperasyon FAQ  (Kesyon yo Poze Souvan) 2020 yo – Sijè A: Reklamasyon Kredi Ranbousman REkiperasyon an si ou pa gen egzijans pou w ranpli yon deklarasyon taks (an anglè).

Si ou te ranpli yon deklarasyon taks oswa ou te reyisi itilize Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan epi ou pa t reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon:

Ranpli yon deklarasyon amande pou w reklame kredi a.

Gade Kredi Ranbousman Rekiperasyon FAQ  (Kesyon yo Poze Souvan) 2020 yo – Sijè G: Rezolisyon pwoblèm yo apre deklarasyon taks 2020 an fin depoze (an anglè).

Si ou te ranpli yon deklarasyon taks 2020 oswa ou te reyisi itilize Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan epi ou te resevwa yon lèt IRS la konsènan Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 w lan:

Si ou dakò ak chanjman ou te fè yo, ou pa bezwen reponn, Kenbe lèt nan dosye fiskal ou.

Si ou pa dakò, rele nou nan nimewo gratis ki nan li ski anlè nan kwen adwat avi w la. Si ou te resevwa yon lèt IRS sou lòt pwoblèm ki an rapò ak deklarasyon taks ou, ou ta dwe swiv enstriksyon ki nan lèt la.

Gade Kredi Ranbousman Rekiperasyon FAQ 2020 yo – Sijè G: Rezolisyon pwoblèm yo apre deklarasyon taks 2020 an fin depoze (an anglè).

Si deklarasyon oswa enfòmasyon 2020 w lan potko trete

Pa depoze yon dezyèm deklarasyon taks. Gen deklarasyon ki bezwen yon atansyon espesyal pou korije erè oswa montan kredi yo, ki ka retade tretman yo pou jiska 120 jou. IRS la ap genyen pou li korije plis erè nan deklarasyon taks 2020 yo pase sa ane anvan yo. Si nou korije kredi ki reklame nan deklarasyon w lan, n ap voye yon esplikasyon ba ou.

Plis Enfòmasyon