Sijè nan Nouvèl yo

La a w ap jwenn atik ki enterese tout moun nan moman an – nouvo pwogram, oryantasyon resan oswa rapèl nan bon moman yo.

Mizajou Fiskal ak Nouvèl ki Soti nan IRS la

Kontribyab yo fè fas a yon pakèt pwoblèm akòz gwo chanjman ki te fèt nan lwa fiskal lan an 2022, ak defi ki toujou ap kontinye e ki gen rapò ak pandemi an. Nou kontinye pataje enfòmasyon ki ajou pou moun k ap prepare pou soumèt deklarasyon enpo 2022 yo, ansanm ak tout moun ki ap tann pou IRS la trete deklarasyon enpo ane anvan yo.

Paj Mizajou fiskal ak Nouvèl ki soti nan IRS la fèt pou ede tout moun, kit y ap prepare deklarasyon enpo yo kounye a, oswa y ap tann tretman yon deklarasyon oswa yon ranbousman ak dènye mizajou sou lèt IRS yo, oswa avi yo. Yo pral mete mizajou resan yo nan tèt paj sa a; IRS la pral bay enfòmasyon enpòtan tou atravè rezo sosyal yo.

IRS mete fen nan pifò vizit a domisil san anons yo

IRS la te anonse yon gwo chanjman nan politik li ki pral mete fen nan vizit ofisye revni ajans yo bay kontribyab yo (an anglè) yon fason pou diminye konfizyon piblik la epi an jeneral ogmante sekirite a. Chanjman an ranvèse yon pratik Ofisye Revni IRS yo genyen ki dire plizyè deseni, anplwaye ajans lan ki san zam ki te gen misyon pou yo vizite kay ak biznis pou kolekte enpo ki poko peye yo. An vigè depi kounya, vizit ki pa pwograme yo pral fini eksepte nan kèk sikonstans inik.

Deklarasyon Gratis IRS disponib jiska 18 Oktòb

IRS la raple kontribyab ki gen revni ki ba oswa modere, espesyalman sila yo ki nòmalman pa soumèt yon deklarasyon enpo, ke yo ka toujou itilize Deklarasyon Gratis IRS pou prepare deklarasyon enpo federal yo a pou yo ka petèt resevwa kredi oswa ranbousman enpo yo te neglije (an anglè). Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la, ki disponib sèlman nan IRS.gov, pèmèt kontribyab ki te fè $73,000 oswa mwens an 2022, soumèt deklarasyon yo gratis elektwonikman lè l sèvi avèk lojisyèl ki gen mak konpayi komèsyal ki fè deklarasyon enpo yo bay.

Tcheke estati ranbousman ou an

Kontribyab yo ka swiv ranbousman yo fasilman ak zouti Kote Ranbousman Mwen An? IRS la nan IRS.gov/refunds ak ak aplikasyon IRS2Go a.

Estati ranbousman an ap disponib nan lespas 24 èdtan apre IRS la fè kontribyab la konnen ke yo te resevwa deklarasyon elektwonik lan. Zouti a bay kontribyab la yon dat ranbousman pèsonalize tou apre IRS la trete deklarasyon an epi apwouve ranbousman an.

Plan Operasyon Estratejik, Lwa sou Rediksyon Enflasyon

IRS la te devwale Plan Operasyon Estratejik (an anglè) li a, yon efò anbisye pou transfòme ajans fiskal la epi fè gwo amelyore enpòtan nan sèvis l'ap ofri kontribyab yo ak nasyon an pandan pwochen deseni yo. Rapò a esplike plan istorik ajans lan pou fè chanjman fondamantal apre finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon ane pase a.

Alèjman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf yo

Dispozisyon espesyal lwa fiskal yo ka ede kontribyab yo ak biznis yo repran pye finansyèman apre enpak yon katastwòf te koze, espesyalman lè gouvènman federal la deklare zòn yo ye a antanke zòn ki sibi gwo dezas. IRS la ka akòde tou plis tan pou soumèt deklarasyon yo epi peye enpo yo.

Pou w jwenn dispozisyon alèjman fiskal ki pi resan yo pou kontribyab yo ki afekte ak sitiyasyon dezas la yo, vizite paj Alèjman Fiskal nan Sitiyasyon Dezas la.

Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a

IRS la ap travay pou li enplemante Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a (an anglè) a. Gwo lwa sa pral afekte patikilye yo, biznis yo, ak antite ki pa peye enpo ak antite leta yo.

Lwa sou Rediksyon Enflasyon an, te chanje anpil lwa fiskal epi te mete lajan disponib pou amelyorasyon sèvis ak teknoloji nou yo pou nou ka rann deklarasyon enpo yo pi fasil pou ou.

Alèjman Fiskal pou Kowonaviris

Pou dènye enfòmasyon konsènan alèjman fiskal pou kowonaviris la, vizite paj Alèjman Fiskal pou Kowonaviris ak Peman Enpak Ekonomik yo (an anglè).

Vizite paj Kowonaviris ak Peman Enpak Ekonomik: Resous ak Oryantasyon (an anglè) nou an pou dènye kontni nou yo ki gen ladan yo kominike laprès yo, Konsèy sou Enpo, Kesyon yo Poze Souvan, materyèl miltileng ak plis ankò.

Pou enfòme sou operasyon IRS yo pandan COVID-19 la, vizite paj operasyon (an anglè) nou yo pou dènye estati sèvis ak operasyon IRS ki afekte yo.

Koneksyon ak Anviwon an

Jwenn kontni fiskal gratis pou pataje (an anglè) avèk pèsonèl ou, kliyan oswa kòlèg ou yo w ap ka mete sou:

  • Sit entènèt ou
  • Bilten elektwonik ou
  • Twitter, Instagram oswa lòt medya sosyal

Prelèvman Fiskal

IRS ankouraje kontribyab yo pou yo itilize Estimatè Prelèvman an pou yon "kontwòl salè" pou yo ka verifye si yo gen montan prelèvman ki kòrèk parapò ak sitiyasyon pèsonèl yo.

Alèt pou Konsomatè yo sou Anak Fiskal yo

Remake IRS la p ap janm:

  • Rele pou mande ou itilize yon metòd peman espesifik tankou kat debi prepeye, kat kado oswa viman bankè pou fè yon peman imedya. Jeneralman, IRS ap voye yon fakti ba ou pa lapòs dabò, si ou dwe enpo.
  • Menase avèk lapolis lokal la oswa lòt fòs lòd yo pou arete ou paske ou pa peye.
  • Mande ou pou peye enpo san li pa ba ou opòtinite pou kesyone oswa fè apèl ak montan yo di ou dwe a.
  • Mande nimewo kat kredi oswa debi atravè telefòn.

Pou plis enfòmasyon sou anak fiskal, tanpri vizite Anak Fiskal/Alèt Konsomatè yo. Pou plis enfòmasyon sou anak pa mwayen amsonaj, tanpri vizite Imèl sispèk ak Vòl Idantite (an anglè).

Rele Sant pou Kontwòl Maladi a (CDC)