Kote Ranbousman Taks mwen an? – YouTube video text script

Ou te ranpli deklarasyon taks ou epi kounye a ou ap mande, "Kilè mwen pral jwenn ranbousman mwen an?

Premyèman, ale sou irs.gov/refund.

Se la w ap jwenn zouti Kote ranbousman mwen an? Vennkat èdtan apre w fin ranpli taks ou elektwonikman, ou ka tcheke estati lajan w sou sitwèb IRS la.

Ou ka jwenn aksè tou nan "kote ranbousman mwen an" sou app IRS2Go sou smartphone ou.

Anjeneral, li pran 21 jou pou w jwenn ranbousman ou apre w fin ranpli taks ou elektwonik si w te chwazi depozit dirèk epi ou pa gen reta nan pwosesis la.

Sonje byen, pa konte sou jwenn ranbousman ou nan yon dat espesifik. Gen kèk deklarasyon taks ki mande plis revizyon epi yo ka pran plis tan pou pwosesis la.

Epitou, si ou te reklame Taks Kredi sou Revni ou touche oswa Taks Kredi Adisyonèl pou Timoun, lalwa di nou dwe kenbe tout ranbousman an epi nou pa ka bay li anvan mitan mwa Fevriye.

Kenbe nan tèt ou tan li pran pou bank ou oswa enstitisyon finansye ou poste ranbousman an nan kont ou oswa pou ou resevwa li pa lapòs.

Ou ka ap mande si ou ta dwe rele IRS pou konnen estati ranbousman ou.

Non….sòf si Ki kote Ranbousman Mwen an di w pou w rele nou.

Pou w konnen estati ranbousman w lan, tcheke irs.gov/refund (ki vle di ranbousman).