Kesyon yon poze souvan sou kont anliy yo

Jwenn repons kesyon sou kont anliy ou a

Jeneral

Sou Paj Pwofil la sou kont anliy ou, ou kapab aktyalize adrès imèl ou epi kite oswa chwazi preferans pou avi sou papye yo. Pou chanje oswa aktyalize adrès postal ou, ou kapab soumèt  Fòm 8822 (an anglè)PDF pa lapòs oswa jwenn plis enfòmasyon sou chanjman adrès yo (an anglè).

IRS Customer Service Representatives can't access your online account. They also don't have the same view as what is shown in online account.

Pou plis enfòmasyon konsènan deklarasyon, gade Enfòmasyon sou Taks pou Moun yo. Pou kesyon sou lwa fiskal ki espesyal pou sikonstans pèsonèl ou, gade Asistan Taks Entèraktiv la (ITA) (an anglè).

Pa genyen aktyèlman men n ap bay mizajou yo si gen plan pou elabore sa alavni.

Wi. Kontribyab endividyèl ki gen adrès aletranje yo kapab itilize sèvis sa a. 

Retounen nan tèt

Aksè sou kont

Lòt mwayen pou jwenn enfòmasyon sou kont ou

Non. Se kontribyab la sèlman ki ta dwe ka konekte sou kont li. Nou pa dwe janm pataje enfòmasyon sou idantite nou ak lòt yo.

Ou ka resevwa yon mesaj k ap di sèvis la pa disponib akoz yon echèk sistèm nan aplikasyon nou an oswa yon erè nan rekiperasyon done ou yo. Ou ka toujou wè lòt opsyon disponib menm si ou fè fas ak sitiyasyon sa a, tankou bouton Resevwa Transkripsyon an oswa onglè Aktivite Pèman an. Aktyèlman, onglè Aktivite Pèman an voye ou sou sit, tankou Pèman Dirèk (Direct Pay), Peye Avèk Kat ak Plan Pèman Anliy (OPA, Online payment Agreement), endisponibilite nou an pa afekte.

Retounen nan kòmansman an

Balans Kont yo

Nou voye yon deklarasyon ba ou lè chak peryòd fin peye. Nou voye ba ou tou, yon deklarasyon anyèl sou aktivite plan pèman. Ou kapab ale sou kont pou aktyèl balans ou ak istorik pèman.

Kont anliy montre detay pou tout responsabilite fiskal ki asosye avèk kont pèsonèl ou, tankou:

  • Taks sou revni ou dwe sou Fòm 1040 ou an
  • Taks adisyonèl ou dwe sou Fòm 5329, Taks Adisyonèl sou Plan Kalifye yo (tankou IRA yo) ak Lòt Kont ki Gen Avantaj Fiskal yo
  • Pèman Responsabilite ki Pataje (pou ane fiskal soti 2014 pou rive 2018), ki aplike si yon moun sa konsène ki nan yon fwaye fiskal pat benefisye kouvèti esansyèl minimòm nan pandan yon mwa kèlkonk
  • Penalite sou Rekiperasyon Fon Fideyikomi

Si ou te fè deklarasyon taks ou oswa ou te peye taks ou anreta, IRS la ka takse w ak youn oswa plizyè penalite sou kont ou. Nan kèk ka, IRS ap abandone penalite yo pou deklarasyon ak pèman anreta. Sepandan, se ou k ap mande IRS la pou li fè sa.

Prepare ou pou esplike IRS la ki difikilte ou te genyen ak kisa ki te lakoz ou fè deklarasyon taks ou oswa peye taks ou anreta. Ou ta dwe prepare ou tou pou ou montre IRS la ou te jere sitiyasyon an epi ou p ap gen pwoblèm deklarasyon ak peye atan alavni.

Aprann plis sou Alèjman Penalite

Yo konsidere ou antanke yon konjwen blese si ou te fè yon deklarasyon taks konjwen epi pataj ranbousman w lan te (oswa ap) fèt kont yon dèt apa konjwen w lan sèlman te dwe. Montan ki te gen pou peye a kapab yon dèt federal, dèt fiskal sou revni leta, dèt konpansasyon chomaj leta, oswa pèman pansyon alimantè pou konjwen oswa timoun.

Aprann plis sou Konjwen ki Blese (an anglè).

Lè ou fè yon deklarasyon taks an komen, oumenm ak konjwen w lan, nou chak responsab pèsonèlman pou taks la, penalite yo, ak enterè ki vini yo menm si nou divòse annapre.

Si konjwen w lan oswa ansyen konjwen w lan te mal deklare dediksyon yo oswa li pat deklare revni ou pat konnen yo, ou ka yon konjwen inosan e ou ka anmezi pou w fè demann pou alèjman nan responsablite a.

Aprann plis sou Konjwen Inosan (an anglè). 

Retounen nan tèt

Opsyon ak Aktivite peman yo

Ou kapab wè detay sou plan pèman w lan sou paj akèy kont ou an epi sou paj opsyon pèman yo tou. Enfòmasyon ki afiche yo se kalite plan ou genyen an, dat limit (yo) ak montan pèman (yo).

Sa depan. Enfòmasyon nou bay yo chita sou done nou genyen nan moman ou konekte sou kont anliy ou an. Si montan ki parèt la se zewo, ebyen se sa li ye pandan moman ou konekte a; men li ka chanje annapre si done yo chanje, tankou si gen yon ajisteman ki fèt sou kont ou oswa deklarasyon taks ou a poko pibliye pou li montre montan ou dwe sou deklarasyon sa.

Ou kapab fè yon pèman pou yon kont ou dwe, yon pèman taks estime chak trimès, yon pèman sou yon Deklarasyon Amande ki fenk fèt (Fòm 1040-X), yon evalyasyon fiskal yo pwopoze (ekzanp, CP2000, Avi Defisyans), oswa yon pèman pou yon pwolongasyon pou fè deklarasyon taks sou revni ou (disponib soti janvye pou rive avril).

Wi, ou ka fè peman jiska 3 fwa pa jou epi chak peman yo limite a $9,999,999.99. W ap bezwen retounen apre minwi ET pou fè peman adisyonèl yo (jiska 3 pou jounen an).

Wi, si ou fè yon pèman apati kont anliy ou, ou ka chwazi pou w resevwa yon imèl konfimasyon. Ou kapab gade pèman w (yo) ki ankou nan Aktivite Pèman.

Moun ki fè deklarasyon an komen yo kapab wè enfòmasyon sou balans, pèman ak dosye taks pou tout deklarasyon taks yo fè an komen. Pou ane fiskal yo poko deklare yo, chak konjwen ap wè pwòp enfòmasyon yo sou kont yo.

  • Pèman taks estime yo kapb fèt pa nenpòt nan konjwen yo men lè sa se pou konjwen ki fè pèman an l ap afiche sèlman jiskaske yon deklarasyon an komen fèt.
  • Pèman enpak ekonomik yo se te yon pèman avans, kidonk, kontribyab ap wè pòsyon pa yo nan pèman an sèlman.

Ou ka anmezi pou ou:

  • Chanje montan pèman chak mwa ou
  • Chanje dat pou pèman chak mwa ou
  • Konvèti yon plan akoutèm an pèman chak mwa
  • Konvèti yon plan ki la deja an plan Debi Dirèkt
  • Chanjee nimewo kont labank ak nimewo routing lan sou yon plan Debi Dirèk
  • Retablisman apre defayans

Aktyèlman, ou kapab fè chanjman sa yo atravè zouti Plan Pèman Anliy lan.

Pèman yo kapab fèt atravè yon debi Konpansasyon Otomatik (ACH, Automated Clearing House) apati kont epay oswa kont chèk ou oswa avèk kat debi oswa kredi ou. Ou ka chwazi nenpòt nan metòd sa yo lè ou konekte sou kont anliy ou epi seleksyone Fè yon Pèman. Si ou chwazi "Peye avèk Kat" (sou yon lòt sit entènèt), y ap voye ou sou yon sit entènèt ki diferan.

W ap kapab wè pèman ou yo anba onglè “Aktivite Pèman” an.

  • Pèman ki soti nan kont labank ou ki fèt atravè kont anliy ou, Pèman Dirèk IRS, lojisyèl taks ou, oswa pwofesyonèl taks ou ap parèt touswit sou kont anliy ou.
  • Pèman Plan Vèsman Debi Dirèk yo parèt nan apeprè kat (4) jou anvan yo soti sou kont labank ou.
  • Pèman pa kat debi oswa kredi yo ap parèt ant yonn (1) ak de (2) jou apre dat pèman w lan.
  • Pèman chèk oswa manda ka pran jiska twa (3) semèn pou yo parèt.

Yon Pwopozisyon Konpwomi (OIC, Offer In Compromise) se yon akò ant oumenm ak IRS la, kote IRS la dakò pou li pran mwens pase tout montan ou dwe a.
Aprann plis sou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè)

Genyen de (2) gwo rezon ki fè IRS la ka dakò pran pi piti pase tout montan ou dwe a:

  • Dout sou Posiblite Lakòlèk: Sa vle di ou pa genyen ase revni oswa aktif pou peye tout dèt ou.
  • Bon Jesyon Taks: Ou kapab peye tout dèt ou, men sa t ap kreye yon difikilte ekonomik, oswa li pa t ap jis.

Yon lòt rezon ki ka fè IRS la aksepte pèman pi piti pase tout montan taks ou dwe a se dout sou responsablite (sa vle di, ou pa kwè ou dwe taks la, oswa ou pa kwè montan an kòrèk).

Itilize zouti Prekalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) IRS la pou w wè si ou kalifye pou yon OIC.

Retounen nan tèt

Dosye fiscal yo

Wi, kont anliy montre montan Pèman Enpak Ekonomik yo avèk konsèy pou ede, avèk yon lyen k ap mennen sou paj EIP a sou IRS.gov. Pou plis enfòmasyon konsènan pèman sa yo, gade Pèman Enpak Ekonomik yo.

Non, yo p ap evalye frè sa yo lè ou telechaje oswa enprime relve ou yo.

Si ou te fè yon deklarsyon taks epi ape ou reyalize ou te fè yon erè, ou ka bezwen amande deklarasyon an, sa ka chanje responsablite fiskal ou.

Aprann plis sou sa epi jwenn èd pou w amande yon deklarasyon (an anglè).

Deklarasyon taks ou a ka pa kòrèk oswa pa konplè pou plizyè rezon; soti nan bliye siyen yon fòm pou pa deklare revni oswa mal kalkile yon kredi. Sa kapab rive tou akoz plizyè erè nan deklarasyon elektwonik la. Toudepann de nati erè ou bezwen repare a ak lè ou reyalize ou bewen chanje deklarasyon w lan, sa yo se plizyè mwayen ki genyen pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè.

Aprann plis sou kòman pou w repare yon deklarasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konplè (an anglè)

Retounen nan tèt

Avi ak Lèt yo

Non, nan moman sa a sèlman yon seri avi ki disponib pou wè oswa telechaje sou kont sou entènèt ou an.

Wi, kontribyab yo ap toujou resevwa avi sou papye pa lapòs. Sepandan, n ap travay pou ba w chwa pou w resevwa avi sèlman elektwonikman.

IRS voye avi pou avize sou balans en ak chanjman nan kont taks pèsonèl ou. Si w te resevwa yon avi, li enpòtan pou w li l avèk anpil atansyon epi kenbe yon dosye sou li pou w refere w lè w ap adrese avi w la.  Ou pral bezwen detèmine si ou dakò ke ou dwe balans lan.

Aprann plis sou konprann avi ou a

Si w dakò ak balans ki sou avi w la oswa sou kont sou Entènèt la, w ap vle peye montan ou dwe a. Ou ka itilize opsyon peman ki disponib pou peye balans ou oswa pou kreye yon plan peman.

Si w pa dakò ak balans ki sou avi w oswa kont sou Entènèt ou a, jwenn plis enfòmasyon sou Avi ak Lèt yo epi si sa nesesè w ap bezwen reponn avi a epi di IRS poukisa ou pa dwe kantite lajan w dwe a.

Egzanp enfòmasyon ki pa kòrèk:

  • Peman manke
  • Yo montre dat peman ki pa kòrèk
  • Peman aplike nan ane fiskal ki pa kòrèk la
  • Balans yo peye nèt
  • Yo montre yon move balans
  • Yo montre montan akò vèsman ki pa kòrèk
  • Reflete yon erè pwen desimal (sa vle di $225444442.44)

Tcheke kont sou entènèt ou pou peman ki sot pase yo. 

  • Chèk oswa peman kad lajan ka pran jiska twa semèn pou parèt.
  • Peman kat Debi/Kredi ap parèt 1-2 jou apre dat peman w la.

Ou ka jwenn enfòmasyon ajou sou balans kont tou nan kont sou entènèt ou an.

Si w bezwen asistans, al gade nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

Enfòmasyon sou adrès yo jeneralman baze sou dènye deklarasyon ou te ranpli.  Si adrès ou a pa nan lis kòrèkteman, tanpri swiv etap sou pwofil ou a nan kont sou entènèt ou a pou mande yon ajou adrès.

Si w bezwen asistans, al gade nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

Ale nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

Al gade nan avi a pou enfòmasyon kontak pou rele epi pale ak yon reprezantan IRS.

Ale nan avi w la pou w jwenn enfòmasyon pou kontakte w pou w rele epi pale ak yon reprezantan IRS. Si ou pa ka louvri PDF ou oswa enfòmasyon kontak yo pa ka li, tanpri vizite Asistans Telefòn ak Lokal.

Se pa tout avi ki disponib sou Entènèt, tanpri kontinye tcheke lapòs ou pou avi IRS yo.  Ou ka enskri pou resevwa notifikasyon imel lè nouvo avi ki disponib sou pwofil ou nan kont sou entènèt ou.

Ou ka mete preferans san papye ou nan pwofil kont sou entènèt ou an.

Retounen nan tèt

Vòl Idantite/Fwod

Yon avi IRS ka ba ou yon alèt sou yon erè nan deklarasyon taks ou oswa pou fè w konnen gen odit sou li. Ou kapab verifye enfòmasyon IRS la te trete yo pandan w ap gade yon relve deklarasyon an pou w konpare li avèk deklarasyon ou te siyen osa apwouve a. Ou kapab aksede a dosye fiskal ou atravè kont ou. Si ou viktim fwod oswa move kondwit moun k ap prepare deklarasyon yo, w ap bezwen pwouve IRS la sa.

Aprann plis konsènan pwoblèm moun k ap prepare deklarasyon yo (an anglè).

Gen vòl idantite ki gen rapò ak taks lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou li vòlè pou li fè yon deklarasyon taks pou li reklame yon fo ranbousman. Ou ka pa remake sa jiskaske ou soumèt deklarasyon w lan pa vwa elektwonik; se la ou pral konnen gen yon deklarasyon ki fèt deja avèk SSN ou. Oswa, IRS la ka voye yon lèt ba ou k ap di li idantifye yon deklarasyon sispèk ki fèt avèk SSN ou. Ou dwe konnen sitiyasyon sa yo ka rive tou pou lòt rezon ki pa vòl idantite.

Genyen plizyè etap ou ka bezwen pase, jan yo montre sa nan Gid Kontribyab nan zafè Vòl Idantite.

Retounen nan tèt

Lòt sipò

Si taks ou dwe a se akoz yon odit ou pat okouran de li oswa ou pat anmezi pou w bay okenn enfòmasyon pou li, ou ka anmezi pou w mande IRS la pou li gade dosye w ankò pandan l ap rekonsidere odit ou a.

Jwenn èd pou w kapab konprann rekonsiderasyon odit la (an anglè).

Si ou gen yon pwoblèm taks ou pa ka rezoud pou kont ou, Sèvis Defans Kontribyab la (TAS, Taxpayer Advocate Service) ka ede ou.  Antanke yon òganizasyon endepandan anndan IRS la, TAS ap pwoteje dwa kontribyab yo avèk Deklarasyon dwa Kontribyab yo, l ap ede kontribyab yo rezoud pwoblèm taks yo avèk IRS la, epi rekòmande chanjman k ap anpeche pwoblèm yo vini alavni.

Gade Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Ou ka kalifye pou w jwenn èd si pwoblèm IRS ou a lakoz difikilte finansyè oswa ou kwè yon pwosedi IRS senpman p ap mache jan li ta dwe mache.
Li plis sou kalite ka TAS trete yo (an anglè).

TAS genyen biwo nan tout Eta yo, Distri Columbia, ak Pòtoriko. Si ou kalifye pou w jwenn èd, y ap ba ou yon avoka k ap akonpanye ou chak fwa. Avoka TAS yo travay avèk IRS la sou solisyon pwoblèm ou yo epi sèvis nou yo toujou gratis.

Pou w pale avèk yon avoka, rele 877-777-4778 oswa kontakte biwo lokal ou a.

Jwenn biwo TAS nan lokalite w la (an anglè)

Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni (Low Income Taxpayer Clinics (LITC)) kapab reprezante ou devan IRS la oswa nan tribinal pou odit, apèl, zafè lakòlèk taks, ak lòt litij sou zafè taks. Sèvis yo gratis oswa pou yon ti kras lajan. LITC asiste moun ki gen ti revni ki nan litij avèk IRS la, li bay fòmasyon epi li al jwenn moun ki pale anglè kòm dezyèm lang (ESL). Pou kalifikasyon pou asistans LITC a, jeneralman, revni yon kontribyab dwe pi ba yon sèten sèy, epi montan ki nan litij avèk IRS la pi piti pase 50 000 dola dabitid.

Aprann plis konsènan Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (an anglè).  

Si yon katastwòf te frape ou dènyeman, aprann konsènan dènye dispozisyon alèjman fiskal yo (an anglè) pou w konnen opsyon w yo.

Rele yon reprezantan sèvis kliyantèl IRS la. Ou dwe pare enfòmasyon ou yo, ansanm avèk enfòmasyon sou deklarasyon taks ou.

Kite nou ede ou – asistans Lokal ak nan Telefòn

Ou kapab soumèt tou yon demann pou FOIA (Freedom of Information Act, Lwa sou Libète pou Enfòmasyon) pou w jwenn sa yo:

  • Yon fòmilè deklarasyon odit
  • Dokiman travay ou yo
  • Avi ou yo

Soumèt yon demann FOIA (an anglè)

Retounen nan tèt