Limit 401(k) ogmante a $22,500 pou 2023 a, limit IRA a pase a $6,500

IR-2022-188, 21 oktòb 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn te anonse jodiya, montan patikilye yo kapab kontribye nan plan 401(k) yo a nan 2023 a ogmante a $22,500, sou $20,500 li te ye pou 2022 a. IRS te bay jodiya tou gid teknik sou tout ajisteman kou lavi a ki afekte limit dola yo pou plan pansyon yo ak lòt bagay ki an rapò ak retrèt pou ane fiskal 2023 a nan Avi 2022-55 (an anglè)PDF, yo te pibliye jodiya sou IRS.gov.

Chanjman ki anonse pou 2023

Limit kontribisyon pou anplwaye ki patisipe nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retrèt gouvènman an ogmante a $22,500, sou $20,500 li te ye a.

Limit sou kontribisyon anyèl nan yon IRA te ogmante a $6,500, sou $6,000 li te ye a. Limit kontribisyon pou ratrapaj IRA pou moun ki gen 50 lane ak plis pap nan yon ajisteman kou lavi anyèl e l ap rete $1,000.

Limit kontribisyon pou anplwaye ki patisipe nan plan 50 lane ak plis, ki patisipe nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retrèt gouvènman federal la ogmante a $7,500, sou $6,500 li te ye a. Pa konsekan, patisipan nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retrèt gouvènman federal la ki gen 50 lane ak plis, kapab kontribye jiska $30,000 apati 2023. Limit kontribisyon pou ratrapaj pou anplwaye ki genyen 50 lane ak plis ki patisipe nan plan SIMPLE yo ogmante a $3,500, sou $3,000 li te ye a.

Fouchèt revni pou detèmine elijibilite pou fè kontribisyon dediktib nan Plan Retrèt Endividyèl tradisyonèl yo (IRA yo), pou kontribye nan Roth IRA yo, epi pou reklame Kredi Epay la, tout te ogmante pou 2023 a.

Kontribyab yo kapab dedui kontribisyon nan IRA tradisyonèl si yo reponn ak yon seri kondisyon. Si pandan ane a, swa kontribyab la oubyen mari oswa madanm kontribyab la te asire nan yon plan retrèt nan travay, dediksyon an ka diminye, oswa siprime ofiramezi, jiskaske li elimine, tou depann de kondisyon fiskal la ak revni a. (Si ni kontribyab la ni konjwen kontribyab la pa asire nan yon plan retrèt nan travay, dedikdyon an pap ka siprime ofiramezi.) Men sipresyon ofiramezi yo pou 2023 a:

  • Pou kontribyab ki asire nan yon plan retrèt nan travay yo, fouchèt sipresyon ofiramezi a ogmante ant $73,000 ak $83,000, soti nan ant $68,000 ak $78,000 li te ye a.
  • Pou koup ki marye k ap deklare ansanm, si konjwen k ap fè kontribisyon an asire nan yon plan retrèt nan travay, fouchèt sipresyon ofiramezi a ogmante ant $116,000 ak $136,000, soti nan ant $109,000 ak $129,000 li te ye a.
  • Pou yon kontribitè IRA ki pa asire nan yon plan retrèt nan travay epi ki marye ak yon moun ki asire, fouchè sipresyon ofiramezi a ogmante ant $218,000 ak $228,000, soti nan ant $204,000 ak $214,000 li te ye a.
  • Pou yon kontribyab ki marye k ap deklare apa epi ki asire nan yon plan retrèt nan travay li, fouchèt sipresyon ofiramezi a pap nan ajisteman kou lavi anyèl e l ap rete ant $0 ak $10,000.

Fouchèt sipresyon ofiramezi revni pou kontribyab k ap kontribye nan yon Roth IRA ogmante ant $138,000 ak $153,000 pou selibatè ak chèf fwaye, soti nan ant $129,000 ak $144,000 li te ye a. Pou koup marye k ap deklare ansanm, fouchèt sipresyon ofiramezi revni a ogmante ant $218,000 ak $228,000, soti nan ant $204,000 ak $214,000 li te ye a. Fouchèt sipresyon ofiramezi pou yon kontribyab ki marye k ap deklare apa epi k ap kontribye nan yon Roth IRA pap nan ajisteman kou lavi anyèl e l ap rete ant $0 ak $10,000.

Limit revni pou Kredi Epayan an (yo konnen tou sou non Kredi Kontribisyon Epay Retrèt) pou travayè ki gen revni ki fèb ak modere yo se $73,000 pou koup marye k ap deklare ansanm, sou $68,000 li te ye a; $54,750 pou chèf fwaye, sou $51,000 li te ye al epi $36,500 pou selibatè ak patikilye ki marye k ap deklare apa, sou $34,000 li te ye anvan an.

Montan patikilye yo kapab kontribye nan kont retrèt SIMPLE yo a ogmante a $15,500, sou $14,000 li te ye a.

Gen detay sou sa yo ak lòt ajisteman kou lavi ki an rapò ak retrèt, pou lane 2023 a, nan Avi 2022-55 (an anglè)PDF, li disponib nan