Verifye estati yon ranbousman ak sèlman kèk klik avèk zouti Kote Ranbousman Mwen an?

Konsèy Fiskal IRS 2022-26, 16 fevriye 2022

Swiv estati yon ranbousman fasil avèk zouti Kote Ranbousman Mwen an?. Li disponib tout lè sou IRS.gov oswa nan Aplikasyon IRS2Go.

Kontribyab yo kapab kòmanse verifye estati ranbousman yo nan 24 è apre yo fin resevwa yon deklarasyon I fèt pa vwa elektwonik.

Kalandriye ranbousman

Kote Ranbousman Mwen an bay yon dat pèsonalize apre deklarasyon an fin trete ak apre yon ranbousman fin apwouve. Pandan majorite ranbousman fiskal yo livre nan 21 jou, genyen ki ka pran plis tan si deklarasyon an mande lòt revizyon.

Men kèk rezon ki ka fè yon ranbousman fiskal pran plis tan:

  • Deklarasyon an ka gen erè oswa li pa konplè.
  • Vòl idantite oswa fwod ka afekte deklarasyon an.
  • Anpil bank pa fè pèman nan wikenn ak jou ferye.

IRS la ap kontakte kontribyab yo pa lapòs si li bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon taks yo a.

Kontribyab ki te reklame kredi enpo sou revni ki antre a oswa kredi enpo pou timoun adisyonèl la, ckapab espere jwenn ranbousman yo a 1ye mas, si:

  • Yo fè deklarasyon yo a anliy
  • Chwazi resevwa ranbousman yo a pa mwayen depo dirèk
  • IRS la pa t jwenn okenn pwoblèm nan deklarasyon yo a

Mizajou rapid epi fasil pou ranbousman yo

Kontribyab yo kapab kòmanse verifye estati deklarasyon yo a 24 è apre IRS la fe konnen li resevwa yon deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik oswa kat (4) semèn apre kontribyab la voye yon deklarasyon sou papye pa lapòs. Sistèm swivi zouti a afiche pwogrè yo an twa (3) faz:

  1. Ranbousman yo resevwa
  2. Ranbousman yo apwouve
  3. Ranbousman yo voye

Pou itilize Kote Ranbousman Mwen an?, kontribyab yo dwe antre nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo, kondisyon fiskal yo ak tout montan dola egzat ranbousman yo a. IRS aktyalize zouti a yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk, pa gen nesesite pou verifye pi souvan.

Rele IRS pa fè ou jwenn yon ranbousman fiskal pi vit. Enfòmasyon ki disponib sou Kote Ranbousman Mwen an? se menm ak sa asistans telefonik IRS yo ap bay la.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)