Kredi Enpo pou Timoun: Majorite fanmi kalifye yo ap resevwa peman mansyèl yo otomatikman. Pou tout lòt moun yo, men twa (3) etap pou jwenn èd

IR-2021-10, Jiyè 2021

Apati 15 jiyè, plizyè milyon fanmi ameriken ap kòmane resevwa peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo Depatman Trezò ak Sèvis Revni Entèn nan ap voye ba yo. Peman sa yo kouvri mwatye nan kredi fanmi yo gen chans pou resevwa lè yo depoze deklarasyon enpo federal sou revni 2021 yo.

Si ou kalifye epi ou te depoze deklarasyon enpo w la anvan, ou pa bezwen fè anyen. Peman yo ap kòmanse rive otomatikman. Si ou panse ou kalifye epi ou potko deklare, moman an rive pou ou fè sa kounyea.

Kiyès k ap jwenn yon peman mansyèl otomatikman?

Anjeneral, peman mansyèl yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • te depoze deklarasyon enpo federal 2019 oswa 2020 an.
  • Te itilize zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • Te deja itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an sou IRS.gov pou enskri pou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.

Si ou te fè yonn nan bagay sa yo, ou pa bezwen fè anyen ankò pou ou jwenn avans peman an. IRS la ap voye yon lèt (an anglè) ba ou k ap di ou konbyen w ap jwenn.

Nòmalman, IRS la ap kalkile montan peman an dapre deklarasyon enpo 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS la ap itilize deklarasyon 2019 la pou detèminen montan peman an pito.

Fanmi kalifye yo ap resevwa peman avans yo, swa pa mwayen depo dirèk, swa pa chèk. Chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS la ap bay peman avans CTC yo (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun): 15 jiyè, 13 dawout, 15 sektanm, 15 oktòb, 15 novanm ak 15 desanm.

Kiyès ki bezwen aji kounyea?

Si ou potko deklare oswa enskri ak IRS la, se moman pou ou fè sa kounya. Si ou fè sa bonè, w ap kòmanse resevwa peman mansyèl yo bonè.

Si ou pa sèten ou kalifye, IRS la gen yon pwosesis twa (3) etap ki kapab ede. Chak etap gen yon zouti anliy gratis, ki disponib sou IRS.gov sèlman).

  • Etap 1: Itilize Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou wè si ou kalifye.
  • Etap 2: Si nòmalman ou pa ranpli yon deklarasyon, itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou w enskri ak IRS la. Osinon, depoze yon deklarasyon nan IRS la.
  • Etap 3: Verifye estati peman mansyèl ou yo epi itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou aktyalize enfòmasyon w yo. 

Etap 1: Asistan Kalifikasyon pou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Anvan ou ranpli yon deklarasyon oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, ou ka vle panse ak itilize Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Zouti sa disponib kounyea an anglè ak panyòl. Malgre etap sa pa obligatwa, li ka byen itil ou si ou pa sèten ou kalifye swa pou kredi a swa pou peman avans yo. Lè ou reponn yon seri kesyon, zouti a pèmèt ou detèminen davans si ou dwe kalifye pou kredi a ak peman yo.

ENPÒTAN: Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande ou enfòmasyon pèsonèl ou. Pou rezon sa, li pa yon zouti enskripsyon, men senpman yon zouti kalifikasyon. Sepandan, li kapab toujou ede ou detèminen si ou ta dwe pase pwochenn etap la epi fè yon deklarasyon enpo oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou w enskri.

Etap 2: Itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou ou enskri

Si Etap 1 di ou kalifye epi nòmalman ou pa ranpli yon deklarasyon enpo, gade Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Si nòmalman ou pa ranpli yon deklarasyon, ou ka itilize zouti sa a pou w enskri. Si ou te depoze yon deklarasyon 2019 oswa 2020, ou pa bezwen itilize zouti sa a pou w enskri epi ou kapab sote etap 3 a.

Pami lòt bagay, zouti a mande ou pou ou bay aktyèl enfòmasyon bankè yo, ansanm avèk detay enpòtan konsènan ou menm ak timoun kalifye ou genyen. Si ou te rate Peman Enpak Ekonomik yo nan ane 2020 an oswa ou pa t resevwa tout montan an, zouti a pèmèt ou reklame peman sa yo ou manke yo atravè Kredi Ranbousman Rekiperasyon an. Epi zouti a ranpli otomatikman yon deklarasyon enpo sou revni federal 2020 bazik pou li voye bay IRS la sou fòm elektwonik.

Nouvo zouti a te devlope nan yon patenarya avèk Intuit ak Alyans Deklarasyon Gratis la. Pou yon gid etap pa etap gratis sou kòman pou itilize zouti sa a, vizite IRS.gov/chiltaxcredit2021 epi chèche Piblikasyon 5538.

Osinon, ou kapab chwazi depoze yon deklarasyon enpo federal sou revni regilye pou ane 2019, 2020 oswa toude (2). Pou majorite moun, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou depoze yon deklarasyon pou 2020 se itilize sistèm Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov sèlman. Anplis kalifye li kalifye ou pou peman avans sa yo, lè ou itilize deklarasyon Gratis la, sa ap pèmèt ou reklame lòt avantaj fiskal ki la pou fanmi yo, tankou Kredi Enpo sou Revni ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon.

Keseswa se Deklarasyon Gratis oswa Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ou itilize, IRS la avèti si yon deklarasyon fèt kounyea l ap twò ta pou li reflete nan premye gwoup peman mansyèl ki pwograme pou fèt 15 jiyè. Men se toujou yon bon ide pou deklare kounyea. Se paske sa ap toujou pèmèt ou resevwa peman yo pita nan ane sa a. Menmsi peman mansyèl ou yo kòmanse apre Jiyè, chak montan mansyèl ap ajiste pou yo ogmante pou garanti ou toujou resevwa mwatye total alokasyon Kredi Enpo pou Timoun nan.

Etap 3: Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun

Apre ou fin deklare oswa enskri, ou kapab itilize yon lòt zouti pou kontwole oswa jere peman mansyèl ou yo. Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan se yon zouti sekirize, ki pwoteje ak yon modpas w ap kapab itilize depi ou gen entènèt ak yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè. Pou kòmanse, ou kapab itilize li pou:

  • Verifye Kalifikasyon;
  • Verifye estati peman ou yo;
  • Chanje kont labank ou resevwa peman ou yo;
  • Soti nan resevwa peman ou yo pa chèk pou ou pase nan depo dirèk; oswa
  • Kite oswa anile enskripsyon nan peman mansyèl yo.

Pita nan ane sa a, w ap kapab tou:

  • Mete ajou adrès postal ou;
  • Mete ajou enfòmasyon kont labank ou;
  • Ajoute yon timoun ou fè oswa adopte an 2021;
  • Ajoute yon timoun ki kalifye an 2021 men ki pa t kalifye an 2020;
  • Retire yon timoun ki te kalifye an 2020 men ki pa kalifye an 2021;
  • Sinyale yon chanjman nan eta sivil ou; oswa
  • Sinyale yon chanjman nan revni ou.

Kiyès ki ta dwe kite oswa anile enskripsyon an?

Olye pou reseva peman sa yo, ou ka pito resevwa tout kredi a an antye lè ou depoze deklarasyon 2021 w lan. Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt ou fè sa rapid epi fasil. Si ou fè chwa sa a, swa ou resevwa yon pi gwo ranbousman oswa ou genyen yon montan ki pi piti y ap ba ou lè ou deklare.

Fonksyonalite pou anile enskripsyon an kapab ede nenpòt fanmi ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ankò oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Sa te ka rive si, pa ekzanp:

  • Revni 2021 w lan twò wo pou li kalifye ou pou kredi a.
  • Yon lòt moun (yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, pa ekzanp) kalifye kounyea pou deklare timoun ou yo antanke depandan.
  • W ap viv aletranje pandan pifò oswa tout ane 2021 an.

Antre sou Pòtal Ajou a

Pou antre sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ou dwe antre non itilizatè ak modpas IRS ou si ou deja gen kont tankou Jwenn Transkripsyon, Kont Anliy oswa PIN Pwoteksyon Idantite. Moun ki pa gen yon kont IRS dwe verifye idantite yo atravè patnè tyès fyab ID.me oswa yo dwe itilize yon non itilizatè ak modpas ID.me yo te kreye pou ajans federal tankou Ajans Sekirite Sosyal la oswa Depatman Afè Veteran yo.

Tout moun ki pa gen entènèt osinon ki pa ka itilize zouti anliy lan ka anile enskripsyon an lè yo kontakte IRS la nan nimewo telefòn ki nan lèt akonpayman IRS te voye ba yo a.

Kredi Enpo pou Timoun an 2021

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an, ki la pou bay tout dènye enfòmasyon konsènan kredi a ak peman avans yo. Li sou IRS.gov/childtaxcredit2021.

Pami lòt bagay, li bay lyen dirèk nan Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, gid pou itilizatè gratis pou chak zouti sa yo, yon seri kesyon yo poze souvan ak lòt resous ki itil.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te remonte Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan pou lane 2021 an nan $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi nan $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te valè jiska $2 000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa mwens pou selibatè yo,
  • $112 500 oswa mwens pou chèf fwaye yo epi
  • $150 000 oswa mwens pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf epi vèv kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 Fòm 1040 oswa 1040-SR 2020 yo a. Piwo sèy revni sa yo, montan siplemantè ki depase premye kredi $2 000 — swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun — redui pa $50 pou chak $1 000 siplemantè nan AGI modifye a.

Anplis, kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati ranbousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

Ede mesaj la difize

IRS ankouraje gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou. Pami lòt bagay, IRS la ap travay kole sere ak kominote patnè li yo pou li garanti tout moun gen aksè ak Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Ajans lan ap kominike materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd tou.

Pou tout dènye enfòmasyon konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ak pèman avans yo, vizite Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an 2021.