Prepare w pou taks yo: Men kisa ki nouvo ak sa pou nou konsidere lè n ap deklare nan 2022 a

COVID Konsèy Fiskal 2021-187, 16 desanm 2021

IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo enfòme yo sou sijè ki an rapò ak depoze deklarasyon taks federal yo an 2022. Sijè sa yo gen ladan yo mezi espesyal ki an rapò ak kontribisyon charitab yo, peman enpak ekonomik yo ak peman avans kredi enpo pou timoun yo. Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov/getready pou zouti anliy yo, piblikasyon yo ak lòt resous ki itil pou sezon deklarasyon an.

Men kèk eleman enpòtan pou kontribyab yo konnen anvan yo deklare lòt ane.

Chanjman nan dediksyon kontribisyon charitab la

Kontribyab ki pa detaye dediksyon yo ka kalifye pou pran yon dediksyon (an anglè) jiska $600 pou kontribyab ki marye k ap deklare ansanm ak konjwen yo epi jiska $300 pou tout lòt deklaran pou kontribisyon lajan kach ki fèt nan 2021 an bay òganizasyon kalifye yo (an anglè).

Verifye peman avans kredi enpo pou timoun yo

Fanmi ki te resevwa peman avans yo ap bezwen konpare peman avans kredi enpo pou timoun yo te resevwa nan 2021 yo ak montan kredi enpo pou timoun yo kapab reklame kòmsadwa nan deklarasyon taksk 2021 yo a.

  • Kontribyab ki te resevwa mwens pase montan yo elijib pou li a, ap reklame yon kredi pou rès montan kredi enpo pou timoun nan, nan deklarasyon taks 2021 yo a.
  • Fanmi elijib ki pa t jwenn peman avans mansyèl yo nan 2021 an kapab toujou jwenn yon sòm peman total pandan y ap reklame kredi enpo pou timoun nan lè yo depoze yon deklarasyon taks sou revni federal 2021 ane pwochenn. Sa gen ladan fanmi ki pa bezwen depoze depoze yon deklarasyon, nòmalman.

An janvye 2022, IRS ap voye Lèt 6419 avèk montan total peman avans kredi enpo pou timoun kontribyab yo te resevwa nan 2021 an. Moun yo ta dwe konsève lèt sa a ak tout lòt lèt IRS sou peman avans kredi enpo pou timoun yo nan dosye fiskal yo. Moun yo kapab kreye oswa konekte sou kont anliy IRS.gov la pou jwenn aksè an sekirite nan montan peman kredi enpo pou timoun yo a.

Peman enpak ekonomik ak reklamasyon kredi ranbousman rekiperasyon an

Moun ki pa t kalifye pou twazyèm peman enpak ekonomik (an anglè) la oswa ki pa t resevwa tout montan an ka kalifye pou kredi ranbousman rekiperasyon an dapre enfòmasyon taks 2021 yo. Y ap bezwen depoze yon deklarasyon taks 2021, menm si yo pa gen abitid deklare, pou reklame kredi a.

Moun yo ap bezwen montan twazyèm peman enpak ekonomik yo a ak tout lòt peman siplemantè yo te resevwa pou kalkile bon montan kredi ranbousman rekiperasyon an 2021 yo a lè yo depoze deklarasyon taks yo a.

Nan kòmansman 2022 a, IRS ap voye Lèt 6475 ki genyen ladan montan total twazyèm peman enpak ekonomik la ak tout peman siplemantè yo resevwa. Moun yo ta dwe konsève lèt sa a ak tout lòt lèt IRS konsènan peman relans yo ak lòt dosye fiskal. Moun yo kapab kreye oswa konekte sou kont anliy IRS.gov la pou jwenn aksè an sekirite nan montan peman enpak ekonomik yo a.

Plis enfòmasyon:

Abònen nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)