IRS anonse de (2) zouti anliy ki pral ede fanmi yo jere peman Krdi Enpo pou Timoun yo

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun yo ede fanmi yo detèminen si yo kalifye pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo

Pòtal Ajou a ede fanmi yo kontwole epi jere peman Kredi Enpo pou Timoun yo

IR-2021-130, June 22, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia de (2) nouvo zouti anliy ki ap la pou ede fanmi yo jere epi kontwole peman mansyèl avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan Plan Sovtaj Ameriken an. De (2) nouvo zouti sa yo vini annapre Zouti Enskripsyon Non-Deklaran yo, ki te anonse semenn pase a, ki ede fanmi ki pa gen obligasyon pou yo fè yon deklarasyon enpo enskri rapid pou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Nouvo Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt fanmi yo reponn yon seri kesyon pou detèminen byen rapid si yo kalifye pou avans kredi a.

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt fanmi yo verifye kalifikasyon yo pou peman yo e si yo chwazi, dezenskri, oswa deside pa resevwa peman mansyèl yo pou yo ka resevwa yon sòm lajan lè yo fè deklarasyon enpo yo a lòt ane. Zouti sekirize sa ki pwoteje ak yon modpas disponib pou tout fanmi kalifye ki gen entènèt ak yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè. Ap gen lòt vèsyon zouti a nan sezon lete a ak lotòn nan pou pèmèt moun yo wè istorik peman yo, ranje enfòmasyon kont labank yo oswa adrès lapòs yo ak lòt fonksyonalite. Yo pwograme yon vèsyon Panyòl tou.

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan disponib sou IRS.gov kounya.

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan an 2021 an a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo k ap fèt jeneralman 15 chak mwa, se yon lajan asire pou fanmi yo pou yo planifye bidjè yo. Fanmi kalifye yo ap resevwa yon peman jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. Premye peman mansyèl nouvo avans Kredi Enpo pou Timoun elaji a ap fèt 15 Jiyè. majorite fanmi yo ap kòmanse resevwa peman mansyèl yo otomatikman nan mwa k ap vini an san yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon.

“Anplwaye IRS yo kontinye ap travay di pou ede moun yo resevwa kredi enpòtan sa a,” dapre sa Komisè IRS la, Chuck Rettig, te di. “Pòtal Ajou a se yon pyès kle enpòtan pami twa (3) nouvo zouti ki disponib kounya sou IRS.gov la pou ede fanmi yo konprann, enskri pou peman yo epi kontwole yo. Nou pral travay nan tout peyi a avèk gwoup patnè yo pou pataje enfòmasyon epi ede moun ki kalifye yo resevwa peman avans yo.”

Ap genyen plis fonksyonalite nan Pòtal Ajou a nan pa twò lontan

Nan pa twò lontan, fanmi yo ap kapab itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo verifye estati peman yo. Pita nan mwa Jen an, moun yo ap kapab aktyalize enfòmasyon kont labank yo pou peman k ap kòmanse nan mwa Dawout yo. Nan kòmansman mwa Dawout la, ap gen yon fonksyonalite ki pral ede moun yo aktyalize adrès elektwonik yo. Epi, nan lòt aktyalizasyon ki pwograme pou sezon lete a ak lotòn nan, y ap kapab itilize zouti sa a pou rege bagay tankou aktyalizasyon estati fanmi yo ak chanjman nan revni yo.

Pou plis enfòmasyon, vizite FAQs (Frequently Asked Questions - Kesyon yo Poze Souvan), y ap kontinye aktyalize.

Pòtal Aktyalize a pèmèt moun yo dezenskri

Olye pou resevwa peman avans sa yo, kèk fanmi ka prefere tann jis nan fen ane a pou yo resevwa tout kredi a antanke ranbousman lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Nan premye sòti zouti sa a, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan kounya, pèmèt fanmi yo dezenskri pou sispann resevwa peman mansyèl yo fasil epi rapid.

Fonksyonalite pou dezenskri a kapab ede nenpòt fanmi ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ankò oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Sa ka rive si, parekzanp:

  • Revni 2021 yo a twò wo pou li kalifye yo pou kredi a.
  • Yon lòt moun (yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, parekzanp) kalifye pou deklare timoun yo antanke depandan an 2021.
  • Kay prensipal yo a te deyò Etazini pandan plis pase mwatye ane 2021 an.

Rantre sou Pòtal Ajou a

Pou rantre sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, moun nan dwe verifye idantite li anvan. Si yon moun gen yon non itilizatè nan IRS ki la deja oswa yon kont ID.me (an anglè) avèk yon idantite ki verifye, yo kapab itilize kont sa yo pou yo konekte byen fasil. Moun ki pa genyen yon kont ki la deja ap genyen pou yo itilize ID.me, yon tyès fyab pou IRS la, pou verifye idantite yo avèk yon fòm idantifikasyon foto. Verifikasyon idantite a se yon prekosyon ki enpòtan epi l ap pwoteje kont ou kont vòl idantite.

Tout moun ki pa gen entènèt osinon ki pa ka itilize zouti anliy lan kapab dezenskri lè yo kontakte IRS la nan nimewo telefòn ki nan lèt akonpayman w lan.

Kiyès k ap jwenn yon peman mansyèl

Anjeneral, peman mansyèl yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • te fè deklarasyon enpo federal 2019 oswa 2020 an.
  • te itilize zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • te itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an sou IRS.gov pou enskri pou avans Kredi Enpo pou Timoun nan ane sa a.

Yon fanmi kalifye ki te pase nan nenpòt nan etap sa yo p ap bezwen fè anyen ankò pou yo jwenn peman yo.

Nòmalman, IRS ap kalkile peman avans lan dapre deklarasyon enpo sou revni 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS ap itilize deklarasyon 2019 la pou detèminen montan peman an pito.

Fanmi kalifye yo ap resevwa peman avans yo, swa pa mwayen depo dirèk, swa pa chèk. Chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS la ap kòmanse vèse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan dat sa yo: 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

IRS ankouraje tout fanmi ki poko fè deklarasyon enpo 2020 yo – oswa deklarasyon 2019 la – pou yo fè sa osito posib pou yo ka resevwa tout peman avans yo kalifye pou yo. Nan menm moman an, ajans lan ap veye pou deklarasyon enpo yo fin trete 28 Jen pou yo ka reflete sou premye lo peman mansyèl yo ki pwograme pou fèt 15 Jiyè, pou fanmi kalifye k ap deklare kounya yo ka gen chans resevwa peman yo nan mwa k ap vini yo. Menmsi peman mansyèl yo kòmanse apre Jiyè, IRS ap ajiste montan mansyèl yo pou ogmante yo pou li gen garanti moun yo toujou resevwa mwatye total alokasyon Kredi Enpo pou Timoun nan fen ane a.

Deklare byento ap garanti IRS genyen enfòmasyon bankè yo ki pi resan, ansanm avèk detay kle apwopo manm fanmi ki kalifye yo. Sa gen ladan moun ki pa fè deklarasyon enpo nòmalman, tankou fanmi sanzabri yo, pòv riral yo, ak lòt gwoup defavorize yo.

Pou majorite moun, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon enpo se atravè Deklarasyon Gratis IRS la, ki disponib sou IRS.gov. Anplis kalifye li kalifye yo pou peman avans sa yo, lè ou itilize deklarasyon Gratis la, sa ap pèmèt ou reklame lòt avantaj fiskal ki la pou fanmi yo, si yo kalifye, tankou Kredi Enpo sou Revni ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon/Peman Enpak Ekonomik yo.

Nouvo zouti a ede non-deklaran yo enskri

Pou fanmi ki pa fè deklarasyon enpo nòmalman, yon lòt opsyon fasil pou enskri pou peman avans sa yo se lè yo itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaranl, yo te entwodui dènyeman, epi ki disponib sou IRS.gov. Pami lòt bagay, zouti a mande itilizatè yo pou yo bay aktyèl enfòmasyon bankè yo, ansanm avèk detay enpòtan konsènan yo menm ak timoun kalifye yo genyen. Epi zouti a ranpli otomatikman yon deklarasyon enpo sou revni federal 2020 bazik pou li voye bay IRS la sou fòm elektwonik. Nouvo zouti a devlope nan yon patenarya avèk Intuit ak Alyans Deklarasyon Gratis.

Devwalman Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan

Anvan ou fè yon deklarasyon oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, fanmi ki pa sèten si yo kalifye, swa pou kredi a swa pou peman avans yo, ka vle eseye yon lòt nouvo zouti — Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Lè yo reponn yon seri kesyon, zouti a ede moun yo detèminen si yo kalifye pou kredi a ak peman yo.

IRS la mete aksan sou paske Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enfòmasyon pèsonèl, li pa yon zouti enskripsyon, men pito yon zouti kalifikasyon. Sepandan, li kapab toujou ede yon fanmi kalifye detèminen si yo ta dwe pase pwochenn etap la epi fè yon deklarasyon enpo oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou enskri.

Èd pèsonèl disponib

IRS ak patnè li yo ap ede fanmi yo enskri pou peman yo pandan y ap itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Pandan fen mwa Jen an ak kòmansman Jiyè a, ap gen yon seri evènman gratis nan Atlanta, Brooklyn, Detroit, Houston, Las Vegas, Los Angeles, Miami, Milwaukee, Philadelphia, Phoenix, St. Louis and Washington, D.C. Plis detay ap disponib byento sou IRS.gov.

Kredi Enpo pou Timoun an 2021

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an, ki la pou bay enfòmasyon ki pi resan konsènan peman kredi a ak peman avans yo. Li sou IRS.gov/childtaxcredit2021.
Pami lòt bagay, li bay lyen dirèk nan Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, yon seri kesyon yo poze souvan ak lòt resous ki itil.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan an 2021 a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te nan valè jiska $2 000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa pi piti pou selibatè yo,
  • $112 500 oswa pi piti pou chèf fwaye yo epi
  • $150 000 oswa pi piti pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf epi vèv kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 Fòm 1040 2020 yo a oswa 1040-SR la. Piwo sèy revni sa yo, montan siplemantè ki depase premye kredi $2 000 — swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun — redui pa $50 pou chak $1 000 siplemantè nan AGI modifye a. Anplis, tout kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati ranbousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

Ede mesaj la difize

IRS ankouraje gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou. Pami lòt bagay, IRS la deja ap travay kole sere ak kominote patnè li pou li garanti tout moun gen aksè ak Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an epi Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. IRS la ap kominike materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd.
Pou enfòmasyon ki pi resan konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ak peman avans yo, vizite Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an in 2021.