Fichye IRS Gratis pou kounya pou aksepte deklarasyen taks 2021

Konsèy Fiskal COVID 2022-16, 31 Janvye 2022

Deklarasyon Gratis IRS, disponib sèlman sou IRS.gov, kounya ap aksepte deklarasyon taks 2021.

Fichye gratis IRS disponib pou tout moun oubyen fanmi ki gen yon revni brit ajiste de $73,000 oubyen mwens an 2021. Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman se nan ranpli fòmilè elektwonik apwopriye epi chwazi yon depo dirèk. Ane sa a, gen uit pwodwi Fichye Gratis an anglè ak de an Espanyòl.

Pwogram sa a bay moun yon opòtinite pou yo ranpli taks yo e pou reklame kredi ranbousman rekiperasyon 2021, kredi taks ogmante pou timoun, kredi taks sou revni yo fè, ak lòt kredi. Kontribyab yo ka itilize Fichye Gratis tou pou reklame kredi taks pou timoun ki rete oubyen nenpòt pèman davans yo pa t resevwa an 2021. Daprè lalwa, IRS pa kapab distribiye kredi taks sou revni ak ranbousman kredi taks adisyonèl pou timoun toutotan mitan mwa fevriye poko rive.

Anplis de sa, itilizatè Fichye IRS Gratis ka itilize opsyon pèman dirèk oubyen elektwonik pou soumèt pèman taks yo si yo dwe yon balans.

Kòm altènatif, Fòmilè pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis (an anglè) se fòmilè elektwonik taks federal ki disponib pou tout moun, kèlkeswa revni l. Sèlman moun ki gen konesans ak konfòtab pou prepare pwòp deklarasyon taks yo dwe itilize yo..

Kontribyab ka aksede Fichye IRS Gratis an kat etap fasil:

  1. Rasanble tout dokiman ki nesesè yo ak deklarasyon revni ki sipòte dediksyon ak kredi. Kontribyab yo dwe konplete epi ranpli fòmilè fichye eletwonik deklarasyon taks sèlman lè yo gen tout deklarasyon revni ak dediksyon yo nan men yo.
  2. Ale sou IRS.gov pou w wè tout opsyon ranplisaj yo.
  3. Itilize zouti "Rechèch anliy " pou jwenn pwodwi apwopriye Fichye Gratis oubyen itilize zouti "Rechèch Tout Of" pou revize tout opsyon. Chak patnè Fichye IRS Gratis etabli pwòp estanda kalifikasyon yo, ki jeneralman baze sou revni, laj ak sitiyasyon rezidans eta a.
  4. Seleksyone yon founisè Fichye IRS Gratis epi suiv lyen k ale sou paj wèb yo a pou kòmanse yon deklarasyon taks.

Kredi taks pou timoun, kredi ranbousman rekiperasyon 2021 ak lòt avantaj sou taks

Fichye IRS Gratis se fason ki pi rapid ak pi fasil pou kontribyab reklame kredi taks pou timoun, kredi ranbousman rekiperasyon 2021, ak lòt avantaj sou taks tankou kredi taks sou revni ou fè.

Moun ki resevwa youn oubyen plis pèman kredi taks pou timoun alavans an 2021 dwe byen revize deklarasyon taks yo pou presizyon anvan deklare l pou evite reta nan pwosesis la. Fanmi ki te resevwa pèman alavans ap bezwen konpare pèman avans yo resevwa ak kantite kòb yo kapab nòmalman reklame nan deklarasyon taks 2021 yo.

Nan fen Desanm, IRS kòmanse voye Lèt 6419, CTC avanse 2021, bay kontribyab ki resevwa yon pèman kredi taks pou timoun alavans. Lèt la genyen montan pèman total moun nan bezwen pou ranpli avèk presizyon epi evite reta nan pwosesis la. Moun ki te resevwa pèman alavans ka wè montan pèman yo tou sou Kont Anliy IRS yo aksesib sou IRS.gov.

IRS ap voye Lèt 6475, Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ou a, bay moun ki resevwa yon twazyèm Pèman Enpak Ekonomik an 2021, ki gen ladan pèman inisyal ak "plus-up". Pifò moun ki elijib yo deja resevwa Pèman Enpak Ekonomik yo. Lèt sa a pral ede yo detèmine si yo elijib pou reklame kredi ranbousman rekiperasyon pou twazyèm pèman mankan. Konsa, yo dwe ranpli yon deklarasyon taks 2021 pou reklame kredi sa a. Moun yo kapab tou jwenn aksè sekirize Kont IRS anliy yo pou wè kantite total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)