IRS: Pèman Mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo kòmanse

IR-2021-153, 15 Jiyè 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ak Depatman Trezò a te anonse jodia plizyè milyon fanmi ameriken kòmanse resevwa pèman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo pandan depo dirèk kòmanse fèt sou kont labank yo ak chèk yo k ap rive nan bwat lapòs yo.

Premye lo avans pèman sa yo ki valè anviwon $15 milyon rive jwenn anviwon 35 milyon fanmi nan tout peyi a. Anviwon 86% te fèt pa depo dirèk.

Pèman yo ap kontinye fèt chak mwa. IRS la te ankouraje moun ki pa gen obligasyon fè yon deklarasyon enpo yo eksplore zouti ki disponib sou IRS.gov yo. Zouti sa yo kapab detèmine kalifikasyon pou avans Kredi Enpo pou Timoun nan oswa ede moun yo fè yon deklarasyon enpo senplifye pou enskri pou pèman sa yo ansanm avèk Pèman Enpak Ekonomik yo, ak lòt kredi yo ka kalifye pou resevwa yo.

Nan Plan Sovtaj Ameiken an, chak pèman se jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. Nòmalman, tout moun ki resevwa yon pèman nan mwa sa a ap tou resevwa yon pèman chak mwa pou rès ane 2021 an sof si yo anile enskripsyon an. Anplis pèman 15 jiyè an, dat pèman yo se: 13 dawout, 15 sektanm, 15 oktòb, 15 novanm ak 15 desanm.

Men plis detay sou pèman sa yo:

  • Fanmi yo ap wè pèman depo dirèk yo sou kont yo apati jodia, 15 jiyè a. Pou sila yo k ap resevwa pèman pa chèk yo, yo ta dwe sonje pou yo konsidere tan sa ap pran pou yo resevwa li pa lapòs.
  • Pèman yo al jwenn fanmi kalifye yo ki te ranple deklarasyon enpo sou revni 2019 oswa 2020 yo.
  • Deklarasyon enpo ki te trete 28 jen yo reflete nan pèman sa yo. Sa gen ladan moun ki pa ranpli yon deklarasyon, men te enskri avèk siksè pou Pèman Enpa Ekonomik yo nan 2020 an avèk zouti Non-Deklaran IRS la oswa te itilize avèk siksè nan 2021 an Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an pou Avans CTC (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun), sou IRS.gov tou.
  • Pèman yo otomatik. Mete apa ranpli yon deklarasyon enpo, tankou yon deklarasyon senplifye apati zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, fanmi yo pa gen anyen pou yo fè si yo kalifye pou resevwa pèman mansyèl yo.

Gen enfòmasyon adisyonèl disponib sou yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun an 2021 espesyal, ki la pou bay tout dènye enfòmasyon konsènan kredi a ak pèman avans yo.