Gid Peryòd Fiskal: Rapèl IRS pou deklare tout revni; ekonomi ti travay ak endistri sèvis, aktif nimeri oswa aletranje ak sous yo

IR-2023-35, 1ye Mas 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan raple kontribyab yo deklarasyon yo a ak potansyèl obligasyon fiskal yo sou revni ki soti nan ekonomi Ti travay ak endistri sèvis, tranzaksyon ki soti nan aktif nimerik, ak sous etranje oswa gen nan men yo sèten aktif aletranje.

Enfòmasyon ki disponib sou IRS.gov ak Enstriksyon pou Fòm 1040 ak Fòm 1040-SR yo ka ede kontribyab yo konprann epi satisfè ekzijans fiskal ak deklarasyon sa yo.

Revni ekonomi ti travay yo gen enpo sou yo

Revni ou touche nan ekonomi ti travay la gen enpo sou yo epi w dwe deklare yo bay IRS la nan deklarasyon enpo w.

Ekonomi Ti travay la se aktivite kote moun touche revni lè yo founi travay sou demann, sèvis oswa machandiz, tankou vann machandiz anliy, kondwi yon machin pou fè livrezon oswa lwe pwopriyete. Souvan, se atravè yon platfòm dijital tankou yon aplikasyon oswa sit entènèt.

Kontribyab yo dwe deklare revni yo touche nan ekonomi ti travay la sou yon deklarasyon enpo, menm si revni an se:

  • De yon travay a tan pasyèl, Travay tanporè oswa sou kote.
  • Resevwa peman sou nenpòt fòm, tankou lajan kach, byen, machandiz oswa aktif nimerik
  • Men pa deklare sou yon fòm enfòmasyon tankou yon fòm 1099-K, 1099-MISC, W-2 oswa lòt deklarasyon revni.

Pou plis enfòmasyon sou ekonomi ti travay lan, vizite sant fiskal sou ekonomi ti travay lan.

Poubwa endistri sèvis yo gen enpo sou yo tou

Moun k ap travay nan restoran, salon, otèl ak lòt sektè ki sanble yo, resevwa poubwa pou sèvis kliyan yo bay la yo. Dabitid, poubwa yo se revni ki gen enpo sou yo, epi li enpòtan pou moun k ap travay nan zòn sa yo pou yo konprann detay pou deklare poubwa yo.

Poubwa yo se pèman lajan kach oswa lòt fòm pèman kliyan yo bay anplwaye yo.

  • Poubwa kach enkli sa ki soti dirèkteman nan men kliyan yo, poubwa anplwayè a peye anplwaye a pa vwa elektwonik epi poubwa ki soti nan men lòt anplwaye nan kad yon aranjman pataj poubwa. Yo dwe rapòte bay anplwayè a, tout poubwa kach yo, e anplwayè a dwe mete yo sou Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo (an anglè) anplwaye a.
  • Lòt fòm poubwa yo se bagay de valè ki pa lajan kach, tankou tikè, lesepase oswa lòt pwodui oswa bagay presye yon kliyan bay anplwaye a. Yo pa deklare lòt fòm poubwa yo bay anplwayè a men yo dwe deklare yo nan yon deklarasyon enpo.

Anplwaye yo pa oblije deklare montan poubwa ki mwens pase $20 pa mwa pa anplwayè. Pou pi gwo montan yo, anplwaye a dwe deklare poubwa yo bay anplwayè a anvan 10zyèm jou nan mwa ki vini apre mwa li te resevwa poubwa yo.

Anplwaye a kapab itilize Fòmilè 4070, Deklarasyon Poubwa Anplwaye a bay Anplwayè a, ki disponib nan Piblikasyon 1244, Rejis Kotidyen Poubwa Anplwaye a ak Deklarasyon Poubwa bay Anplwayè a (an anglè), yon fòmilè anplwayè a bay oswa lòt sistèm elektwonik anplwayè a itilize.

Pou plis enfòmasyon sou fason pou deklare poubwa yo, gade Konsèy pou kenbe Rejsi ak fè Deklarasyon (an anglè).

Konprann deklarasyon aktif nimerik ak ekzijans fiskal yo

IRS la raple kontribyab yo ke gen yon kesyon nan tèt fòm 1040 ak 1040-SR la ki mande enfòmasyon tranzaksyon aktif nimerik yo. Tout kontribyab ki ap ranpli fòm sa yo dwe tcheke kazye ki endike swa "wi" oswa "non"

Si yon moun te vann/fè kado nenpòt aktif nimerik ke li te kenbe kòm yon byen imobilye atravè yon lavant, echanj oswa transfè, yo ta dwe tcheke "Wi" epi sèvi ak Fòm 8949, Vant ak lòt Dispozisyon Byen Imobilye (an anglè), pou kalkile pwofi oswa pèt kapital yo epi deklare li nan Anèks D (Fòm 1040), Gen ak Pèt Kapital (an anglè), oswa Fòm 709, Deklarasyon Enpo sou Kado Etazini (ak Transfè ki sote Jenerasyon) (an anglè), nan ka yon kado.

Egzanp tranzaksyon ki enplike aktif nimerik yo enkli:

  • Yon lavant aktif nimerik.
  • Resepsyon yon aktif nimerik kòm pèman pou machandiz oswa sèvis yo founi.
  • Resepsyon oswa transfè yon aktif nimerik gratis (san okenn konsiderasyon) ki pa kalifye kòm don bòn fwa.
  • Resepsyon yon nouvo aktif nimerik kòm konsekans aktivite minaj ak jalonnman.
  • Resepsyon yon nouvo aktif nimerik kòm konsekans yon separasyon (hard fork).
  • Echanj aktif nimerik pou byen, machandiz oswa sèvis.
  • Yon echanj/komès aktif nimerik pou yon lòt aktif nimerik (yo).
  • Nenpòt lòt dispozisyon yon enterè finansye nan yon aktif nimerik.

Si patikilye yo te resevwa yon aktif nimerik kòm konpansasyon pou sèvis yo oswa te vann nenpòt aktif nimerik yo te genyen sou lavant bay kliyan nan yon komès oswa biznis, yo dwe deklare revni an menm jan yo t ap deklare lòt revni menm kalite a (pa egzanp, salè W-2 nan Fòm 1040 oswa 1040-SR, liy 1a, oswa envantè oswa sèvis yo nan Anèks C).

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou aktif nimerik nan Enstriksyon pou Fòm 1040 ak 1040-SR (an anglè) ak sou paj Aktif Nimerik IRS la.

Deklare Revni ki Soti Aletranje

Revni mondyal yon sitwayen ameriken oswa yon etranje rezidan jeneralman sijè a enpo sou revni ameriken, kèlkeswa kote l ap viv. Li gen menm egzijans tou pou deklare enpo sou revni ak sitwayen ameriken oswa rezidan etranje k ap viv Ozetazini.

Sitwayen Ameriken yo ak etranje rezidan yo dwe deklare revni yo pa touche, tankou enterè, dividann ak pansyon ki soti nan sous andeyò Etazini sof si lalwa oswa yon trete fiskal ekzante yo. Ou dwe deklare tou, revni yo antre, tankou salè ak poubwa, ki soti nan sous andeyò Etazini.

Yon ekzijans pou fè deklarasyon enpo sou revni aplike menm si yon kontribyab kalifye pou benefis fiskal tankou Esklizyon Revni ou Touche Aletranje (an anglè) oswa Kredi Enpo Aletranje a (an anglè), ki diminye sibstansyèlman oswa elimine obligasyon fiskal Etazini. Avantaj fiskal sa yo disponib sèlman si yon kontribyab ki kalifye fè yon deklarasyon enpo sou revni ameriken.

Yo akòde yon kontribyab de mwa pwolongasyon otomatik pou rive15 jen si tou de kay enpo lakay yo ak aletranje yo andeyò Etazini ak Pòtoriko. Menm si yo akòde yo yon pwolongasyon, yon kontribyab ap gen pou peye enterè sou nenpòt enpo ki pa peye nan dat limit regilye 18 avril 2023 a.

Sila yo k ap sèvi nan lame andeyò Etazini ak Pòtoriko, nan dat limit regilye deklarasyon enpo yo a, kalifye tou pou pwolongasyon jiska 15 jen an. IRS rekòmande pou atache yon deklarasyon si youn nan de (2) sitiyasyon sa yo aplike. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan Enstriksyon pou Fòm 1040 ak Fòm 1040-SR la, Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Etranje ki Aletranje (an anglè) ak Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè).

Deklarasyon ki obligatwa pou kont ak aktif aletranje yo

Lwa federal mande pou sitwayen ameriken ak etranje rezidan yo deklare revni mondyal yo, ki gen ladan revni ki soti nan fidisi aletranje ak bank aletranje ak lòt kont finansye yo. Nan pifò ka yo, kontribyab ki afekte yo dwe ranpli epi atache Anèks B (Fòm 1040) lan, Enterè ak Dividann Òdinè yo, nan deklarasyon enpo yo. Pati III nan Anèks B a mande pou si gen kont aletranje tankou kont labank ak kont sekirite epi anjeneral mande pou sitwayen ameriken yo deklare nan peyi kote chak kont ye a.

Anplis de sa, gen kèk kontribyab ki gendwa gen pou ranpli epi atache nan deklarasyon yo a Fòm 8938, Deklarasyon Aktif Finansye Aletranje yo (an anglè). Anjeneral, sitwayen ameriken, etranje rezidan yo ak sèten etranje ki pa rezidan yo dwe deklare aktif finansye aletranje espesifye yo sou fòm sa a, si valè total byen sa yo depase sèten limit. Gade enstriksyon ki pou fòm sa a pou plis detay.

Anplis de sa, endepandan de rapò espesifik byen finansye aletranje sou deklarasyon enpo yo, ameriken ki gen yon enterè oswa siyati oswa lòt otorite sou kont finansye aletranje kote valè total la depase $10,000 nenpòt ki lè pandan 2022 dwe ranpli elektwonikman ak Depatman Trezò a yon Rezo konba kont Krim Finansye (FinCEN) Fòm 114, Rapò Bank Etranjè ak Kont Finansye yo (FBAR) (an anglè). . Akoz limit sa a, IRS la ankouraje ameriken ki gen aktif aletranje yo, menm sa ki piti yo, pou yo tcheke si egzijans pou deklare sa a aplike pou yo. Fòm nan disponib sèlman atravè sitwèb Sistèm Deklarasyon Elektwonik BSA (an anglè) a.

Dat limit pou deklare Rapò anyèl sou Bank Etranjè ak Kont Finansye yo (FBAR) (an anglè) se 15 avril 2023. FinCEN bay ameriken ki rate dat limit orijinal la yon pwolongasyon otomatik jiska 15 oktòb 2023, pou yo ranpli FBAR la. Pa gen okenn nesesite pou mande pwolongasyon sa a. Gade sou sit entènèt FinCENPDF pou plis enfòmasyon.

Nouvèl sa a fè pati yon seri ki rele Gid Peryòd Fiskal (Tax Time Guide) (an anglè), yon resous pou ede kontribyab yo ranpli yon deklarasyon enpo ekzat. Gen rekòmandasyon adisyonèl ki disponib nan Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (Pou Patikilye yo) (an anglè).