Gen tan toujou pou ranpli yon deklarasyon enpo pou 2019 epi reklame kredi enpo ki gen anpil valè

Konsèy Fiskal IRS 2023-73, 30 Me 2023

Li pa twò ta pou 1.5 milyon kontribyab yo ki pa t reklame ranbousman 2019 yo a, reklame lajan yo, men yo bezwen ranpli rapid. IRS la pwolonje dat limit pou deklarasyon enpo 2019 la yo jiska 17 jiyè 2023.

Pwolongasyon dat limit pou ranpli deklarasyon pou ranbousman enpo 2019

Kontribyab yo anjeneral gen twa (3) lane pou deklare epi reklame ranbousman enpo yo. Dat limit twazan pou ranpli deklarasyon 2019 yo pou reklame yon ranbousman se te an 2022, men IRS la te ranvwaye dat limit la (an anglè) pou 17 jiyè 2023, akòz pandemi COVID-19 la. Sa vle di kontribyab yo toujou gen tan pou yo reklame kredi enpo fanmi ki gen anpil valè yo.

Kredi Enpo pou Timoun

Kontribyab yo ki reklame omwen yon timoun kòm depandan yo (an anglè) nan deklarasyon enpo yo ka petèt elijib pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Kontribyab yo ka tcheke detay sou reklamasyon kredi sa a sou yon deklarasyon enpo 2019 (an anglè) anvan tan an fini. Pou konnen si yon timoun kalifye pou kredi sa a, kontribyab yo ka tcheke Èske Pitit/Depandan mwen an kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun oswa Kredi pou Lòt Depandan yo? (an anglè)

Kredi Swen pou Timoun ak Depandan

Si kèk kontribiyab te peye yon moun pou pran swen pitit yo oswa yon lòt manm nan fanmi yo pandan yo t ap travay an 2019, yo ka kalifye pou Kredi Swen pou Timoun ak Depandan (an anglè) kèlkeswa revni yo. Kontribyab yo ki peye pou frè gadri yo ka elijib pou reklame jiska 35% nan frè pou gadri yo ak sèten limit.

Kondisyon kalifikasyon pou Kredi Enpo sou Revni ou Touche pou 2019

Kontribyab ki genyen yon revni yo ka petèt benefisye EITC a. Kredi sa a ede moun ki gen revni ki pi ba pase sèten barèm. Pou ane 2019 la, kredi a te vo ozalantou $6,557. Anpil travayè ki gen revni ki ba ak modere ta ka pèdi EITC a si yo pa ranpli deklarasyon enpo 2019 yo a.

IRS la ka kenbe yon chèk ranbousman enpo 2019 si kontribyab la pa te ranpli deklarasyon enpo pou 2020 ak 2021, epi li ka aplike ranbousman yo nan:

  • Bòdwo enpo federal oswa eta ki pa peye
  • Pansyon alimantè pou timoun ki pa peye
  • Dèt federal ki pako peye yo tankou prè pou etidyan yo

Ou bezwen soumèt yon deklarasyon enpo 2019?

Kontribyab yo ka konsilte Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) pou enstriksyon ak fòmilè fiskal yo pou ane fiskal aktyèl lan ak sa anvan yo. Kontribyab yo ka toujou jwenn enfòmasyon yo bezwen pou ranpli yon deklarasyon enpo 2019, men yo ta dwe kòmanse bonè pou asire yo ke yo gen ase tan pou yo deklare anvan dat limit 17 jiyè 2023 a.

Kontribyab yo ki pèdi Fòm W-2 a, 1098, 1099 oswa 5498 pou ane 2019, 2020 oswa 2021 yo, ta dwe fè demann kopi yo nan men patwon yo, bank yo oswa lòt moun ki peye yo.

Si dokiman finansye yo pa disponib, kontribyab yo ka fè demann relve salè ak revni yo

Si kontribiyab yo pa ka jwenn enfòmasyon yo a nan men patwon yo, labank oswa lòt moun ki peye yo, yo ka mande IRS la yon relve salè ak revni. Yon relve salè ak revni montre done ki soti nan fòm deklarasyon enfòmasyon IRS la te resevwa, tankou Fòm W-2, 1099, 1098, Fòm 5498 ak enfòmasyon sou kontribisyon IRA. Kontribyab yo ka itilize enfòmasyon ki soti nan relve an pou ranpli deklarasyon enpo yo.

Fason ki pi rapid ak pi fasil pou jwenn yon relve se gras ak Jwenn Relve Anliy IRS la. Kontribyab yo kapab ranpli tou Fòm 4506-T, Demann pou Relve Deklarasyon Enpo (an anglè). Pwosesis pou trete demann alekri yo ka pran plizyè semèn, kidonk IRS la rekòmande pou moun yo itilize zouti anliy lan oswa kòmande relve yo bonè si yo ap demann lan sou papye.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)