Kontakte biwo lokal IRS ou a

Ou ka jwenn asistans an pèsòn nan Sant Asistans pou Kontribyab IRS lokal ou a.

Rele pou pwograme yon randevou apre w fin jwenn yon Sant Asistans pou Kontribyab ki toupre w.

Jwenn kote yon Biwo Sant Asistans Kontribyab ye (an anglè)

Biwo IRS yo fèmen nan jou ferye federal yo (an anglè).

Prepare w pou randevou pa w la

  • Rele pou w pwograme randevou pa w la davans.
  • Mache ak atik sa yo avè w:
    • Yon foto Idantifikasyon resan gouvènman ba ou. De (2) dokiman idantite orijinal, sa gen ladan l yon kat idantite ki gen foto w, ak si w déjà ranpli, yon kopi deklarasyon enpo pou ane ki konsène a.
    • Tanpri konsidere lis dokiman idantite akseptab ki vin annapre a.
      • Lisans kondwi
      • Kat idantifikasyon leta
      • Paspò
      • Kat Sekirite Sosyal
      • Dokiman afilyasyon tribal
        • Remak: Yon kat idantifikasyon tribal pa yon kat ID gouvènman federal la bay. Aktyèlman, Biwo Zafè Endyen an pa konsene nan kesyon ki endividi divès tribi yo chwazi rekonèt kòm manm. Tribi yo pa itilize menm metòd pou verifye idantite manm yo. Kat sa yo kapab dokiman idantite adisyonèl, men yo pa yon altènatif pou lisans kondwi oswa paspò.
      • Papye tit machin
      • Kat enskripsyon pou vote
      • Deklarasyon ipotèk
      • Kontra lokasyon kay
      • Bòdwo sèvis piblik ki pi resan an
      • Batistè
      • Dosye lekòl (pou laj ki mwens pase 14 lane ak/oswa Etidyan sèlman jiska laj 24 an)
    • Yon nimewo idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal oswa ITIN.
    • Tout dokiman enpo w ap bezwen kòm sipò.
  • Tanpri pa mache ak:
    • Bwason oswa manje
    • Kamera
    • Zam
  • Pou aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN) oswa renouvle yon ITIN, mete dokiman ou yo prè.
  • Tanpri prepare w pou jistifye nenpòt reklamasyon kredi ranbousab. Tchecke elijiblite w pou nenpòt kredi reklame (an anglè) PDF(Panyòl PDF) pou plis enfòmasyon.
  • Pwoteje tèt ou ak lòt yo: Chache kominote pa ou a sou Lokalizatè Done CDC COVID (an anglè).
  • Si w santi ou malad, tanpri repwograme randevou ou a.
  • Tanpri mete telefòn ou sou silans pandan randevou ou a.

Jwenn Sèvis Pi Rapid

W ap jwenn moun ede w ak pi fò pwoblèm enpo yo sou entènèt oswa nan telefòn. Sou IRS.gov, ou ka:

Fòm Fiskal SSA-1099

Resevwa yon ranplasman imedya lè ou louvri yon kont my Social Security account gratis.

Jwenn yon kopi Sekirite Sosyal 1099 ou a (an anglè)

Deklarasyon Dwa kontribyab yo

Bagay ou dwe konnen