Defans Sistemik: Rapòte yon pwoblèm sistemik

Ou ka ede jere gwo pwoblèm IRS yo oswa lalwa sou enpo lè w rapòte yo bay Biwo Sèvis Defans Kontribyab nan Defans Sistèmatik la.

Èske w konnen yon pwoblèm ki afekte plis pase yon kontribyab?

Pwoblèm sistemik yo toujou afekte plizyè kontribyab. Yo afekte:

  • Sistèm, règleman ak pwosedi IRS
  • Dwa kontribyab yo
  • Fado kontribyab
  • Tretman san patipri kontribyab yo
  • Sèvis esansyèl pou kontribyab yo

Rapòte yon pwoblèm sistemik (an Anglè)  

Kounye a sèvis sa a disponib nan lang angle ak panyòl.

Jwenn èd ak yon lòt pwoblèm 

Si IRS pa rezoud pwoblèm ou a, kontakte Sèvis Defans Kontribyab  (TAS) (an anglè).

Ki jan yo rapòte

Lè w rapòte yon pwoblèm, y ap mande w pou w dekri li yon ti kal epi antre imel adrès ou.

Pa mete okenn enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo Sekirite Sosyal ou. Enfòmasyon ou antre yo transmèt sou yon kanal ki pa sekirize.

Objektif pou kolekte enfòmasyon ou rapòte a se bay priyorite a pwoblèm sistemik pou Sèvis Defans Kontribyab la ka bay IRS rekòmandasyon.

Enfòmasyon ou yo

Nou mande imel adrès ou pou n reponn a sa ou soumèt la oswa klarifye pwoblèm nan.

Enfòmasyon w yo p ap estoke, pataje, vann oswa itilize pou okenn rezon eksepte jan lalwa egzije sa.

Kisa k ap pase apre?

Apre w rapòte pwoblèm nan:

  • W ap resevwa yon imèl ki konfime Biwo Defans Sistèmatik te resevwa sa w te soumèt la
  • Nou ka kontakte ou si nou bezwen klarifikasyon sou pwoblèm nan oswa plis egzanp
  • N ap pataje fason nou te itilize enfòmasyon ou yo nan efò defans nou yo.
  • N ap enfòme w sou sitiyasyon pwoblèm nan yon fwa li fèmen

Lwa

Nou kolekte enfòmasyon ou bay anba otorite Deklarasyon Dwa kontribyab yo (5. USC 301, 26 USC 7801, ak Sec. 1211 nan Pub. L. 104-168). Lwa sa a te etabli Biwo Defans kontribyab la pou ede kontribyab yo rezoud pwoblèm ak IRS.

Enfòmasyon nou kolekte yo ka divilge jan l otorize pa itilizasyon woutin pibliye nan Trezò/IRS 00.003,Sèvis Defansè kontribyab ak Feedback Kliyan ak Dosye Sondaj sistèm dosye yo (an anglè).

Deklarasyon Dwa kontribyab yo

Bagay ou dwe konnen