Revni brit ajiste ou (AGI) se revni total ou (brit) ki soti nan tout sous, mwens kèk ajisteman tankou depans edikatè, enterè prè elèv, peman pansyon alimantè ak kontribisyon pou retrèt.

Si w itilize yon lojisyèl pou prepare deklarasyon w lan, l ap kalkile AGI la pou ou otomatikman. Ou dwe mete AGI la nan liy 11 Fòm 1040, Deklarasyon Enpo Endividyèl U.S..

Lè ou bezwen AGI ou a

Ou ka bezwen AGI ou a pou

  • Konfime idantite w pou w depoze deklarasyon w lan elektwonikman
  • Kalifye pou kredi enpo ak lòt benefis

Kote pou w jwenn AGI ou a

Ou ka jwenn AGI ou a:

Gade sa ki enkli nan revni enpozab
Jwenn tout ajisteman nan revni nan Fòm 1040, Barèm 1PDF

Ki gen rapò

Revni enpozab