Ou ka jwenn asistans an pèsòn nan Sant Asistans pou Kontribyab IRS lokal ou a. Rele pou pwograme yon randevou apre w fin jwenn yon Sant Asistans pou Kontribyab ki toupre w. Jwenn kote yon Biwo Sant Asistans Kontribyab ye (an anglè) Biwo IRS yo fèmen nan jou ferye federal yo (an anglè). Prepare w pou Randevou pa w la Rele pou w pwograme randevou pa w la davans. Mache ak atik sa yo sou ou: Yon foto Idantifikasyon resan gouvènman ba ou. Yon nimewo idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal. Tout dokiman fiskal w ap bezwen yo. Tanpri pa mache ak: Bwason oswa manje Kamera Zam Pou aplike pou yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN) oswa renouvle yon ITIN, mete dokiman ou yo prè. Pwoteje tèt ou ak lòt yo: Chache kominote pa ou a sou Lokalizatè Done CDC COVID (an anglè). Si w santi ou malad, Tanpri repwograme randevou ou a. Tanpri mete telefòn ou sou silans pandan randevou ou a. Jwenn Sèvis Pi Rapid W ap jwenn moun ede w ak pi fò pwoblèm fiskal yo sou entènèt oswa nan telefòn. Sou IRS.gov, ou ka: Etabli yon plan pèman Resevwa yon relve deklarayon enpo ou Fè yon pèman Verifye ki bò yo ye ak ranbousman w lan Jwenn repons pou anpil kesyon fiskal (an anglè) ou vle poze yo Soumèt deklarasyon enpo ou an sou nèt la Gade enfòmasyon kont ou an Chèche konnen kibò pou w soumèt deklarasyon w lan Chèche volontè pou ede w prepare enpo ou yo Fòm Fiskal SSA-1099 Resevwa yon ranplasman imedya lè ou louvri yon kont my Social Security account gratis. Jwenn yon kopi Sekirite Sosyal 1099 ou a (an anglè) Deklarasyon Dwa kontribyab yo Bagay ou dwe konnen