Kesyon ki poze anpil sou pwosedi atyalize ITIN yo

Ki diferans ki genyen ant yon dokiman "sètifye" " ak yon dokiman "notarye"?

Yon dokiman sètifye, se youn Ajans lan pwodui e sètifye kòm kopi otantik yon dokiman orijinal ki pote mak ofisyèl Ajans lan. Y ap aksepte dokiman sa yo. Yon dokiman notarye, se yon dokiman moun k ap peye taks la pote bay yon notè piblik ki temwen siyati dokiman ofisyèl la e li mete mak li pou sètifye dokiman sa a, se yon pyès valid. Yo p ap aksepte dokiman sa yo pou fè aplikasyon ITIN nan. Depandan pèsonèl militè etazini yo kapab soumèt dokiman orijinal yo, kopi sètifye oswa kopi notarye dokiman idantifikasyon yo.

Ki dokiman ki akseptab?

Konsilte enstriksyon sou Fòm W-7 (an anglè). Enstriksyon sa yo bay yon lis 13 dokiman ki akseptab.

Èske IRS ap retounen dokiman orijinal mwen yo? Konbyen tan sa ap pran anvan mwen jwenn yo? (mizajou, desanm 2021)

Y ap retounen dokiman orijinal yo nan adrès ki sou dosye a apre pwosesis aplikasyon w lan. Aktyèlman, IRS ap trete Fòm W-7 yo nan 14 semèn apre li resevwa yo. N ap fè tout jefò pou minimize reta yo, epi n ap trete demann yo nan lòd nou te resevwa yo. Si w ap bezwen dokiman orijinal ou yo pou nenpòt ki rezon nan delè pwosesis sa a, ou ka aplike an pèsòn nan yon Sant Asistans Kontribyab IRS oswa CAA. Ou ka chwazi tou pou w soumèt kopi sètifye yo nan ajans ki founi dokiman yo pito. Y ap retounen dokiman orijinal ou soumèt yo ba ou nan adrès postal ki parèt sou Fòm W-7 ou an. Ou pa bezwen bay yon anvlòp retou. Aplikan yo gen dwa mete yon Express Mail prepeye oswa anvlòp lapòs pou fè livrezon dokiman yo retounen pi vit. Lè sa a, IRS ap retounen dokiman yo nan anvlòp aplikan an bay la.

Kilès pou m kontakte si mwen pa resevwa dokiman yo nan peryòd sa a? (mizajou, 10 septanm 2021)

Si dokiman orijinal ou yo pa retounen apre delè ki endike anwo a, ou ka rele IRS nan 800-908-9982 (pou moun Ozetazini sèlman) oswa si se entènasyonal, rele nan 267-941-1000 (sa a se pa yon nimewo apèl gratis).

Èske mwen gen lòt chwa si mwen pa vle voye dokiman orijinal mwen genyen yo, tankou paspò mwen?

Olye ou voye dokiman orijinal yo, ou ka itilize yon Ajan Akseptans Sètifye IRS la Otorize (CAA) oswa pran yon randevou nan Sant Asistans pou Kontribyab (an anglè) byen detèmine. Pou w jwenn yon CAA local nan zòn ou an, ou kapab vizite Pwogram Ajan Akseptans lan (an anglè). CAA yo kapab otantifye tout dokiman idantifikasyon pou premye ak dezyèm aplikan. Pou depandan yo, yo kapab otantifye paspò a ak batistè a; sepandan, yo dwe voye original oswa kopi sètifye tout lòt dokiman yo dirèk bay IRS la.

Si mwen pa ka jwenn dokiman mwen bezwen pou m aplike pou yon ITIN, èske mwen kapab aplike pou yon nimewo Sekirite Sosyal pito?

Si w genyen oswa kalifye pou yon nimewo sekirite sosyal, ou pa kalifye pou yon ITIN.

Èske konsila osinon anbasad peyi mwen kapab sètifye dokiman mwen?

Ou kapab nan kondisyon pou mande yon kopi sètifye dokiman nan yon anbasad osinon yon konsila. Men, sèvis sa yo ka varye ant chak peyi; se pou sa, nou rekòmande w pou kontakte konsila osinon anbasad ki konsène a pou jwenn enfòmasyon ki pi fyab.