Peman Kredi Enpo pou Timoun yo: pòtal anliy IRS la disponib kounyea an panyòl; 29 novanm se dènye jou pou fanmi yo deside kite oswa fè lòt chanjman

IR-2021-235, 23 Novanm 2021

WASHINGTON — Semenn sa a, Sèvis Revni Entèn nan lanse yon nouvo vèsyon Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun (CTC-UP) nan an panyòl. Zouti sa a fèt pou ede fanmi yo fè chanjman nan peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun y ap resevwa nan men IRS la rapid epi fasil.

Fanmi ki deja ap resevwa peman mansyèl yo sèvi ak CTC-UP a pou aktyalize kont yo. Kounyea, tout fonksyonalite yo ki te disponib sèlman an anglè disponib an panyòl tou. Aktyalizasyon ki fèt anvan 11 è 59 nan aswè, èdelès, nan dat 29 novanm, ap reflete nan dènye peman mansyèl pou 2021 an, ki pwograme pou 15 desanm.

Dapre Plan Sovtaj Ameriken an, majorite fanmi kalifye yo te kòmanse resevwa peman mansyèl yo apati mwa jiyè. Pou fanmi sa yo, chak peman se jiska $300 pa mwa pou chak timoun ki gen laj mwens pase 6 lane epi jiska $250 pa mwa pou chak timoun ki genyen laj ant 6 rive 17 lane. Peman yo baze sou deklarasyon yo depoze pou 2019 oswa 2020, ansanm avèk sila yo ki enskri anliy nan IRS la.

CTC-UP a ki disponib sèlman sou IRS.gov, pèmèt fanmi yo verifye kalifikasyon yo pou peman yo epi, si yo chwazi:

  • Kite papye chèk pou depo dirèk;
  • Chanje kont kote yo fè depo dirèk ak peman yo a;
  • Aktyalize adrès bwat postal yo;
  • Kanpe peman mansyèl yo epi
  • Reflete gwo chanjman nan revni yo ki te ka elve oswa bese peman mansyèl yo anpil.

Rasire w ou fè tout chanjman anvan 11 è 59 nan aswè, 29 novanm. Pou jwenn aksè nan pòtal la, ale sou IRS.gov/childtaxcredit2021.

Fanmi yo ap resevwa mwatye peman avans mansyèl CTC (Kredi Enpo pou Timoun) yo a nan ane 2021 an. Yo kapab reklame rès kredi a lè yo depoze deklarasyon taks federal 2021 yo a lòt ane. Pou ede yo fè sa, byen bonè nan 2022 a, fanmi yo ap resevwa yon Lèt 6419 k ap genyen ladan detay sou peman avans yo te ba yo nan ane 2021 an ak kantite timoun kalifye yo itilize pou kalkile peman avans yo.

Non-deklaran kapb jwenn gwo sòm lòt ane; kominote patnè yo kapab ede

IRS la ankouraje patnè yo ak gwoup kominotè yo pou yo pataje enfòmasyon yo epi itilize zouti anliy ki disponib yo pou ede non deklaran yo, fanmi ki gen revni fèb yo ak lòt gwoup defavorize yo aprann de Kredi Enpo pou Timoun elaji a. Pandan li twò ta kounyea pou enskri pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pandan 2021 an, li pa twò ta pou fanmi kalifye yo jwenn tout avantaj kredi a.

Pou fè sa, tout fanmi kalifye ki te manke nan peman mansyèl ane sa a ap toujou kapab jwenn yon gwo sòm peman lè yo depoze yon deklarasyon taks sou revni federal 2021 lòt ane. Sa gen ladan nòmalman, fanmi ki pa bezwen depoze yon deklarasyon nan IRS la.

Lyen pou zouti anliy yo, repons pou kesyon yo poze souvan yo ak lòt resous ki itil disponib sou paj espesyal avans CTC 2021 IRS la.