Ranpli deklarasyon enpo ou elektwonikman gratis - YouTube video text script

Pifò moun ka prepare epi ranpli deklarasyon enpo federal yo elektwonikman gratis si revni yo pi ba pase yon sèten kantite lajan. Se vre. Gratis. Li pap koute ou anyen. Zewo.

Ale sou irs.gov/freefile. Gade si ou kalifye pou itilize enpo lojisyèl gratis la epi kite IRS Free File fè travay ki pi di a pou ou.

IRS Free File gide ou nan prepare ak ranpli deklarasyon sou revni enpo federal ou sou entènèt la avèk lojisyèl gratis. Li fasil, an reyalite ou ka itilize Free File nan òdinatè lakay ou

Si revni ou pli gran epi ou pa kalifye pou ranpli deklarasyon enpo ou gratis, ou gen opsyon pou ou itilize 'Free File Fillable Forms" sou Entènèt pito.

Sonje ke "Free File Fillable Forms" pa ofri konsèy sou kijan ou prepare aplikasyon enpo ou epi kalkil li yo limite

Tou de fason yo san danje, epi yo konplètman gratis pou ranpli aplikasyon enpo federal.

Kòmanse nan irs.gov/freefile. Gen de fason pou chwazi yon Sèvis pou Ranpli Gratis ki bon pou ou.

Ou ka klike sou lyen ki mennen nan paj "Chèche Tout" oswa klike sou lyen pou "Kòmanse ak Zouti Rechèch la"

Yon fwa ou antre enfòmasyon ou yo, w ap jwenn yon lis opsyon lojisyèl.

Lè ou klike sou founisè IRS Ranpli Enpo pou Gratis la, wap kite sit entènèt IRS la epi yap voye ou dirèkteman sou sit entènèt founisè lojisyèl an

Pou prepare epi ranpli deklarasyon enpo ou a gratis, sonje ou dwe kreye yon kont sou sit entènèt founisè :IRS Free File" la, apre ou fin jwenn aksè li sèlman sou IRS.gov.

Sonje, ou DWE jwenn aksè sou founisè nan IRS.gov, men pa ale dirèkteman sou sit entènèt founisè a.

Pou kòmanse, vizite irs.gov/freefile.