Granparan ak lòt fanmi ki gen depandan ki elijib gendwa kalifye pou Kredi Taks pou Timoun pou 2021 an

IR-2022-181, 17 oktòb, 2022

WASHINGTON - Jodi a, Sèvis Revni entèn Raple Fanmiy yo, gen kèk kontribyab ki reklame o mwen yon timoun antanke depandan yo (an anglè) nan deklarasyon taks yo gendwa pa reyalize yo ka byen elijib pou benefisye Kredi Enpo pou Timoun (CTC) nan.

Kontribyab ki kalifye yo ki resevwa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ane dènyè sipoze fè yon deklarasyon taks 2021 pou kapab resevwa dezyèm mwatye kredi a. Kontribyab ki elijib yo ki pa t resevwa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ane dènyè kapab reklame montan an okonplè, lè yo fè deklarasyon taks 2021 yo.

IRS la ankouraje granparan yo, paran dakèy yo oswa moun k ap okipe frè ak sè oswa lòt fanmi pou yo tcheke elijiblite yo pou kapab benefisye Kredi Taks ou Timoun 2021 an. Li enpòtan pou moun yo ki gendwa kalifye pou kredi sa a revize règ elijiblite yo pou yo kapab tcheke si yo toujou kalifye. Kontribyab yo kapab itilize Asistan Taks Entèraktif (an anglè) la pou tcheke elijiblite yo. Kontribyab yo ki pa t kalifye nan tan ki pase yo sipoze tcheke tou paske yo gendwa kalifye pou yo reklame kredi a kounye a. Pou resevwa li, endividi ki elijib yo sipoze fè yon deklarasyon enpo federal 2021.

Kisa ki Ekspansyon Kredi Enpo pou Timoun nan?

Ekspansyon Kredi Enpo pou Timoun nan, ki se yon pati nan Plan Sovtaj Ameriken an, ogmante montan lajan pa timoun fanmiy yo kapab resevwa epi elaji kilès ki kapab resevwa peman sa a.

Plan Sovgad Ameriken an ogmante Kredi Taks pou Timoun nan soti nan 2,000 dola pou ale nan 3,600 dola pa timoun, pou timoun yo ki gen pi piti pase (6) sizan, soti nan 2,000 dola pou ale nan 3,000 dola pou timoun ki gen (6) sizan pou pi piti epi li ogmante laj limit lan soti nan (16) sèzan pou ale nan (17) disetan.

Lwa Plan Sovgad Ameriken 2021 an elaji Kredi Taks pou Timoun pou ane fiskal 2021 an sèlman.

Kilès ki kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan?

Kontribyab ki kapab reklame Kredi Taks Pou Timoun nan pou chak grenn timou ki kalifye ki genyen yon nimewo Sekirite sosyal ki valid pou anplwa (an anglè) Ozetazini kote Administrasyon Sekirete Sosyal la fè li avan dat limit deklarasyon taks la (sa ki gen ladan yon ekstansyon, si demann ekstansyon an te respekte dat limit lan.

Pou li se yon timoun ki kalifye pou ane fiskal 2021 an, jeneralman depandan an sipoze:

  • Gen pi piti pase 18 lane nan fen ane an.
  • Pitit gason ou, pitit fi, pitit pitit ou, pitit adoptif ki kalifye, frè, sè, frè bofrè, bèlsè, demi frè, demi sè, oswa yon desandan nenpòt nan yo (pa egzanp, bofis ou, nyès ou oswa neve w).
  • Bay pa plis ke mwatye nan sipò finasye pa yo pandan ane a.
  • Viv ak kontribyab la pandan plis pase mwatye nan ane a.
  • Reklame kòmsadwa antanke depanda yo nan deklarasyon taks yo.
  • Pa ranpli yon deklarasyon ansanm ak konjwen yo pou ane fiskal la oswa ranpli li sèlman pou mande yon ranbousman taks sou revni yo retire oswa taks ou estime ou peye.
  • Te yon sitwayen Ameriken, te gen nasyonalite Amerikèn, oswa yon etranje rezidan Ozetazini.

Ki sa faktè elijiblite yo ye?

Endividi yo ap kalifye pou tout montan kredi enpo pou timoun 2021 an pou chak timoun kalifye si yo reponn ak tout faktè elijibilite yo (an anglè) epi revni anyèl yo a pa depase:

  • $150,000 dola si yo marye epi y ap fè yon deklarasyon konjwen oswa si y ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalifye.
  • $112,500 dola si y ap deklare antanke yon chèf fwaye.
  • $75,000 dola si yo se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

    Paran ak gadyen ki gen pi gwo revni yo ka kalifye pou reklame yon kredi pasyèl. Reklame avataj sa yo kapab pèmèt anpil endividi benefisye ranbousman taks. Endividi yo sipoze Depoze pa mwayen Elektwonik epi chwazi depo dirèk pou yo kapab evite reta epi resevwa ranbousman yo pi vit.

Jwen preparasyon deklarsyon taks gratis

Gen yon kantite limite sit pwogram Asistans Taks Sou Revni Volontè ak Sèvis konsèy pou moun aje (VITA/TCE) (an anglè) yo ki rete ovri e disponib pou ede kontribyab ki elijib yo prepare epi reyalize deklarasyon taks yo gratis, avèk vonlontè ki sètifye epi IRS fòme. Kontribyab ki pa gen gwo revni ak sa ki gen revni modere yo ansanm ak sa ki gen 60 lane oswa pi plis yo kapab tcheke pou yo wè si gen yon sit ki disponib tou pre kominote yo a lè yo itilize lokalizatè sit VITA/TCE a.

Deklarasyon Gratis IRS ap rete disponib jiska 17 novanm pou ede plis moun resevwa kredi yo

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la disponib sèlman sou sit IRS.gov la epi li ofri an patenarya ak endistri lojisyèl taks Alyans Deklarasyon Gratis, ofri kontribyab ki elijib yo itilizasyon lojisyèl preparasyon taks ki gen gwo renome yo san yo pa peye senkòb. Lojisyèl la fè tout travay ki gen pou wè ak jwenn dediksyon yo, kredi yo ak egzanpsyon yo kontribyab la kalifye pou li benefisye yo. Li gratis pou pi fò endividi ki rantre pi piti pase 73,000 dola oswa pi piti an 2021. Kèk nan pakè Deklarasyon Gratis yo ofri deklarasyon taks eta gratis pou moun ki kalifye yo. Kontribyab ki rantre pi plis pase 73,000 dola an 2021 yo epi ki konfòtab pou yo prepare deklarasyon taks yo pou kont yo kapab itilize Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè). Vèsyon elektwonik fòm taks IRS ki sou papye sa yo kapab itilize tou pou fè deklarasyon taks anliy.

Pou ede plis moun reklame divès avantaj kredi taks sa yo, Deklarasyon Gratis ap rete disponib pou yon mwa siplemantè ane sa a, jiska 17 novanm 2022.

IRS la ap voye lèt bay plis pase 9 milyon endividi ak fanmi (an anglè) ki sanble kalifye pou divès avantaj fiskal enpòtan men ki pat reklame yo lè yo fè yon deklarasyon taks sou revni federal 2021. Anpil moun nan gwoup sa a gendwa kalifye pou reklame kèk oswa tout Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Taks Sou Revni ou Touche a ak lòt kredi taks yo an fonksyon de sitiyasyon pèsonèl yo oswa sityasyoh fanmiy yo. Lèt rapèl espesyal sa yo, k ap gen pou rive nan bwa lèt yo nan semèn k ap vini la yo, ap al jwenn moun ki sanble kalifye pou Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Ranbousman Rekiperasyon oswa Kredi Taks sou Revni ou Touche men ki potko fè deklarasyon taks 2021 pou reklame yo. Lèt sa yo enprime ni an anglè ni an espanyòl, yo bay yon ti rezime tou kout sou chak kredi sa yo.

Sa yo ak lòt avantaj fiskal yo te pwolonje nan kad Lwa Plan Sovtaj Ameriken ane pase a ak lòt lejislasyon resan. Malgre sa, sèl fason pou ou ta resevwa avantaj enpòtan sa a se lè ou fè yon deklarasyon taks 2021. Souvan, endividi yo ak fanmiiy yo kapab benefisye avantaj fiskal pwolonje sa yo (an anglè), menm delè yo ta gen ti revni oswa pa ta gen revni ditou ki soti nan yon anplwa oswa nan lòt sous. Sa vle di anpil moun ki, jeneralman, pa bezwen fè deklarasyon taks sipoze fè sa ane sa a, men si yo pa t gen obligasyon pou fè deklarasyon taks nan ane ki sot pase la yo.

Moun yo kapab fè yon deklarsyon taks menm si yo poko resevwa lèt pa yo. IRS la ap raple moun yo, pa gen okenn penalite poutèt ou reklame yon ranbousman nan yon deklarasyon taks ou fè aprè dat limit fiskal regilye avril 2022 an. Fason ki pi rapid e pi fasil pou resevwa yon ranbousman se lè ou fè yon deklarasyon taks ak done ki kòrèk epi ou chwazi depo dirèk.