IRS anonse anak fiskal “Douzèn Delwayal” pou 2021 an

Yo ankouraje Ameriken yo pou yo veye anak fiskal yo pandan pandemi an

IR-2021-135, June 28, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodia te kòmanse lis “Douzèn Delwayal” pou 2021 an avèk yon avètisman pou kontribyab yo, pwofesyonèl enpo yo ak enstitisyon finansyè yo, pou yo veye 12 manigans malfezan ak anak sa yo. 

“Douzèn Delwayal” ane sa a ap separe an kat (4) kategori:

  • anak ki lye ak pandemi an tankou vòl Pèman Enpak Ekonomik;
  • eskwòk enfòmasyon pèsonèl yo tankou eskwokri, lojisyèl ranson ak “vishing” nan telefòn;
  • riz ki vize viktim ki pa mefyan yo tankou fo charite yo ak fwod sou pèsonaj/imigran yo; ak
  • manigans ki fòse kontribyab yo fè aksyon ki malonèt tankou Òf nan Konpwomi mills ak diminisyon konvèsasyon gwoupman yo.

Ajans lan te konpile lis la nan kategori sa yo dapre kiyès ki fè manigans yo ak sou kiyès yo fè enpak. Anplis anak jodi yo, IRS la pral mete limyè sou lòt manigans yo nan twa (3) jou k ap vini yo la.

IRS la ankouraje tout kontribyab yo pou yo sou gad yo, espesyalman pandan pandemi an, se pa pou yo menm sèlman, men tou, pou lòt moun ki nan vi yo.

“Nou kontinye ap wè anakè k ap itilize pandemi pou vòlè lajan ak enfòmasyon kontribyab onèt nan yon moman kriz,” Komisè IRS la Chuck Rettig te di. “Nou bay lis sa a pou alète kontribyab yo sou anak kouran yo eskwòk yo konn itilize kont viktim yo. Nan IRS la, nou devwe pou nou kanpe kriminèl sa yo, men se nou menm ki pou rete vijilan pou nou pwoteje tèt nou ak fanmi nou.”

Yo ankouraje kontribyab yo pou yo revize “Douzèn Delwayal” la: ki nan yon lis nan yon a seksyon espesyal (an anglè) sou IRS.gov e yon ta dwe an alèt pou anak sa yo pandan sezon deklarasyon enpo a epi pandan tout ane a.

Vòl Pèman Enpak Ekonomik

Vòlè idantite k ap eseye vòlè Pèman Enpak Ekonomik yo (EIPs) yo konnen tou sou non pèman relans, rete yon menas sou endividi yo. Majorite moun ki kalifye yo ap resevwa pèman yo nan men IRS la otomatikman. Kontribyab yo ta dwe veye siy sa yo ki ka revele yon anak:

  • Tout mesaj tèks, apèl telefòn ou pa konnen oswa mesaj imèl k ap mande enfòmasyon sou kont labank oswa k ap mande destinatè yo pou yo klike sou yon lyen oswa verifye done, ta dwe konsidere kòm sispèk e yo ta dwe efase san yo pa louvri.
  • Veye vòl bwat lapòs yo. Verifye bwat lapòs ou souvan epi siyale mesaj lapòs ou pèdi bay Enspektè Lapòs yo (an anglè).
  • Pa tonbe nan pyèj anak chèk relans yo. IRS p ap kontakte moun nan telefòn, nan imèl, tèks oswa medya sosyal pou mande nimewo Sekirite Sosyal oswa lòt enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè ki gen pou wè ak Pèman Enpak Ekonomik yo.

Kontribyab yo ta dwe sonje sit entènèt IRS la, IRS.gov, se sit entènèt ofisyèl ajans lan pou enfòmasyon sou pèman, ranbousman ak lòt enfòmasyon sou taks.

Fwod chomaj bay fo 1099-G pou kontribyab yo

Akoz pandemi COVID-19 la, anpil kontribyab pèdi travay yo epi Eta yo ba yo konpansasyon chomaj. Sepandan, anakè yo pwofite de pandemi an tou pou yo fè fo reklamasyon pou konpansasyon chomaj; yo vòlè enfòmasyon pèsonèl endividi ki pa t fè reklamasyon pou yo fè sa. Pèman ki fèt sou fo reklamasyon sa yo al jwenn vòlè idantite yo.

IRS la raple kontribyab yo pou yo veye lè yo resevwa yon Fòm 1099-G k ap mansyone yon konpansasyon chomaj yo pa t resevwa. Pou moun ki nan sitiyasyon sa a, IRS la ankouraje yo kontakte ajans nan Eta yo a ki la pou sa pou yo jwenn yon bon Fòm. Si li pa posib pou kontribyab la jwenn Fòm korije pou li ka ranpli yon deklarasyon nan delè yo, kontribyab la ta dwe ranpli deklarasyon li a avèk konpansasyon chomaj yo sèlman epi ak lòt revni li te resevwa. Gade Vòl Idantite ak Alokasyon Chomaj yo pou detay sou taks yo ak DOL.gov/fraud (an anglè) pou enfòmasyon sou deklarasyon Eta pa Eta.

Pwoteksyon siplemantè pou ede pwoteje kontribyab yo

IRS rann IP PINs yo disponib pou tout kontribyab – pou ajoute yon lòt kouch sekirite

Pou ede kontribyab yo evite vòl idantite, ane sa a, IRS la mete pwogram Pwoteksyon Idantite PIN (IP PIN) (an anglè) li an disponib pou tout kontribyab yo. Anvan sa, li te disponib pou viktim vòl idantite yo sèlman oswa kontribyab nan yon seri Eta. IP PIN nan se yon kòd sis (6) chif kontribyab la ak IRS sèlman konnen. Li ede anpeche vòlè idantite yo itilize enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye yon kontribyab, pou yo fè fo deklarasyon enpo.

Itilize yon IP PIN se yon bon mwayen pou mete yon kont fiskal anba kle. IP PIN nan sèvi kòm kle pou louvi kont sa. Deklarasyon elektwonik ki ap gen bon IP PIN nan ap rejte epi deklarasyon sou papye a ap sibi analiz siplemantè pou detekte fwod.

Redwi fwod

IRS la ansanm ak patnè Somè Sekirite (an anglè) li yo nan Eta yo ak kominote fiskal sektè prive a te fè kèk chanjman pou ede redwi fwod nan ranbousman ki lye ak vòl idantite moun wayen k ap fè yon dekalrasyon kapab remake:

  • Founisè lojisyèl fiskal yo dakò pou yo ranfòse pwotokòl sekirite yo. Sa se premye liy defans pou konpayi sa yo pou yo rasire yo pwodui yo an sekirite.
  • Ajans fiskal Eta yo te kòmanse ap mande kontribyab yo nimewo lisans pou kondwi yo kòm yon lòt mwayen pou pwouve idantite yo.
  • IRS la limite kantite ranbousman fiskal ki prale sou kont finans yo oswa nan adrès yo.
  • IRS la kache enfòmasyon pèsonèl yo ki nan relve enpo yo.

Otantifikasyon ak plizyè faktè yo kapab ede

Li enpòtan pou kontribyab k ap deklare an 2021 yo konnen pwodui lojisyèl fiskal anliy yo ki disponib pou kontribyab yo ansanm ak pwofesyonèl enpo yo ap genyen opsyon pou otantifikasyon ak plizyè faktè a. Otantifikasyon ak plizyè faktè a pèmèt itilizatè yo pi byen pwoteje kont anliy yo. Youn nan fason sa fèt se lè yo mande w yon kòd sekirite yo voye sou telefòn mobil ou anplis non itilizatè ak modpas ou itilize pou monte sou kont lan.

IRS la ansanm ak patnè Somè Sekirite li yo fòme yon sant pou patae enfòmasyon ki pèmèt yo idantifye byen rapid anak k ap fèt epi reyaji pou pwoteje kontribyab yo. Sant Pataj ak Analiz Enfòmasyon sou Vòl Idantite ak Fwod nan Ranbousman Enpo an (an anglè)PDF ap fonksyone kounya.

Epitou, vizite dènye kolòn Yon Rega Pi Pre nou an pou plis konsènan kòman pou ou vijilan ak anak fiskal yo. Vizite Santral Vòl Idantite ak Alèt Fwod Fiskal (an anglè) pou plis enfòmasyon sou kòman pou ou pwoteje tèt ou kont oswa siyale vòl idantite oswa fwod.