IRS: Viktim tanpèt Florida yo kalifye pou alèjman fiskal; Dat limit 18 avril, lòt dat yo pwolonje jiska 15 Dawout

IR-2023-94, 2 Me 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan te fè konnen jodia, viktim tanpèt Ian yo ki nan Florida, vin gen jiska 15 dawout 2023 pou yo fè divès deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis, epi fè peman enpo yo.

IRS la ap ofri alèjman pou tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè) te deziyen apre gwo siklòn, tònad, ak inondasyon ki te pase ant 12 ak 14 Avril. Sa vle di patikilye yo ak fwaye yo ki abite oswa ki gen yon biznis nan Konte Broward kalifye pou alèjman fiskal. Lòt zòn yo ajoute pita nan zòn katastwòf la yo ap kalifye tou pou menm alèjman an. Lis aktyèl ki gen zòn ki elijib yo toujou disponib sou paj asistans nan moman katastwòf IRS.gov la.

Alèjman fiskal la rekile yon valè dat limit pou deklarasyon ak peman enpo ki te kòmanse apati de 12 avril 2023, epi li baze sou yon deklarasyon katastwòf 27 avril FEMA a. Sa ki fè, patikilye ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 dawout 2023 pou yo reyalize deklarasyon enpo yo epi peye tout enpo yo ta dwe peye pandan peryòd sa a.

Sa vle di kontribyab yo ap gen jiska 15 dawout pou ranpli tout deklarasyon enpo sou revni endividyèl 2022 ak divès deklarasyon pou biznis ki te dwe anvan sa pou 18 avril. Yo ap gen jiska 15 dawout tou pou peye tout enpo ki te dwe sou deklarasyon sa yo nan kòmansman. Kontribyab yo ap jwenn pwolongasyon an, menm si yo pa’t arive mande yon pwolongasyon pou deklarasyon enpo anvan 18 avril.

Pami lòt bagay yo, sa vle di tou kontribyab ki kalifye yo ap gen jiska 15 me tou pou fè kontribisyon IRA ak kont epay sante 2022 yo a.

Dat limit 15 dawout la aplike tou pou peman enpo estime chak trimès yo, ki nòmalman te dwe pou 18 avril ak 15 jen.

Dat limit 15 me a aplike tou pou pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo endirèk yo, ki nòmalman te dwe peye 1 me, ak 31 jiyè 2023. Anplis de sa, penalite sou pewòl ak peman enpo endirèk yo ki te dwe fèt nan oswa apre 12 avril epi anvan 27 avril, ap gen rediksyon ki fèt sou yo si peman enpo an te fèt avan 27 avril 2023.

Paj Asistans IRS nan moman Katastwòf la (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon enpo yo, peman ak aksyon ki gen rapò ak enpo ki kalifye pou benefisye tan adisyonèl la.

Patikilye kontribyab ki afekte yo ki bezwen plis tan pou yo deklare, apre dat limit 15 dawout la, dwe ranpli demann pwolongasyon yo sou papye atravè Fòm 4868 (an anglè) la. Rezon an se paske opsyon deklarasyon elektwonik pou fè demann yon pwolongasyon pa disponib apre 18 avril.

Lè yo ranpli fòm sa a, kontribyab ki nan zòn katastwòf yo ap gen jiska 16 oktòb pou fè deklarasyon, menmsi peman enpo yo toujou dwe fèt anvan 15 dawout. Vizite IRS.gov/extensions pou plis detay.

IRS la bay tout kontribyab ki gen yon adrès anrejistreman IRS ki nan zòn katastwòf la, yon alèjman otomatikman pou deklarasyon ak penalite li. Se poutèt sa, kontribyab yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou resevwa alèjman sa a. Sepandan, Si yon kontribyab ki te afekte resevwa yon avi pou deklarasyon oswa peman anreta nan men IRS la, ki gen dat limit orijinal la oswa pwolonje a, kote dat pou fè peman oswa depo a tonbe nan peryòd pwolongasyon an, kontribyab la sipoze rele nan nimewo ki nan avi a pou mande pou yo diminye penalite a.

Anplis de sa, IRS la ap travay ak tout kontribyab k ap viv andeyò zòn katastwòf la, men dokiman y ap gen bezwen pou respekte dat limit lan k ap rive pandan peryòd pwolongasyon an, lokalize nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an men k ap viv andeyò zòn katastwòf la ap bezwen kontakte IRS la sou nimewo sa a 866-562-5227. Sa gen ladann travayè k ap bay kout men nan aktivite alèjman yo ki afilye ak yon òganizasyon ofisyèl gouvènman oswa yon òganizasyon filantwopik.

Patikilye ak biznis yo ki nan yon zòn gouvènman federal deklare zòn katastwòf, ki pèdi byen ki pat gen asirans oswa ki pa ranbousab ki gen pou wè ak kataswòf la, gendwa chwazi reklame yo, swa nan deklarasyon enpo pou ane li fè pèt la (nan ka sa a, nan deklarasyon enpo ane 2023 ki dwe deklare nòmalman pou kòmansman 2024), oswa nan deklarasyon enpo ane anvan an (ki se, deklarasyon enpo ane 2022 ki dwe deklare nòmalman an 2023). Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a - 4709-DR − nan tout deklarasyon kote ou ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay yo.

Alèjman fiskal la fè pati de yon repons federal ki kowòdone pou fè fas ak dega tanpèt sa yo koze, e li baze sou yon evalyasyon dega onivo lokal FEMA fè. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf la, vizite DisasterAssistance.gov.