IRS: Viktim tanpèt nan Georgia ak Alabama elijib pou yon soulajman sou enpo yo; Dat limit 18 avril, lòt dat ranvwaye pou 15 me

IR-2023-09, 19 janvye 2023

WASHINGTON — Viktim tanpèt yo nan kèk pati nan Georgia ak Alabama genyen kounye a jiska 15 me 2023 pou ranpli plizyè deklarasyon enpo sou revni pèsonèl ak biznis federal epi peye enpo yo, Internal Revenue Service anonse sa jodi a.

IRS bay soulajman sila nan tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè) deziyen. Sa vle di fanm ki abite oswa ki genyen yon biznis nan zòn: Butts, Henry, Jasper, Meriwether, Newton, Spalding ak Troup nan Georgia ak zòn Autauga ak Dallas nan Alabama kalifye pou yon soulajman sou enpo yo. Lòt zòn ki ajoute apre nan zòn dezas la ap benefisye menm èd la tou. Lis lokalite ki elijib aktyèl yo disponib sou Soulajman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf yo.

Soulajman fiskal la ranvwaye plizyè dat limit pou ranpli deklarasyon ak pèman enpo ki t ap rive apati 12 janvye 2023 a. Nan ka sa a, moun ak biznis ki afekte yo genyen jiska 15 me 2023 pou yo fè deklarasyon epi peye enpo yo te dwe deja pandan peryòd sa a.

Sa gen ladann deklarasyon enpo sou revni pèsonèl 2022 yo ki te dwe fèt 18 avril, ansanm ak plizyè deklarasyon biznis 2022 ki te dwe fèt nòmalman 15 mas ak 18 avril. Pami lòt bagay, sa vle di kontribyab ki elijib yo ap gen jiska 15 me pou fè kontribisyon 2022 yo nan IRA yo ak kont epay sante yo.

Anplis de sa, fèmye ki chwazi renonse ak pèman enpo yo epi ki nòmalman depoze deklarasyon yo anvan premye mas genyen jiska 15 me 2023 kounye a pou depoze deklarasyon 2022 yo epi peye tout enpo yo dwe. Dat limit 15 me 2023 a ap aplike tou pou pèman enpo estime yo ki fèt chak trimès, ki ta dwe peye nòmalman 17 janvye 2023 a ak 18 avril 2023 a. Sa vle di kontribiyab endividyèl yo ka pa fè pèman enpo estime yo pou katriyèm trimès la, ke yo ta dwe peye nòmalman 17 janvye 2023 a, epi mete li pito ak deklarasyon 2022 yo e yo gen pou depoze, pou pi ta 15 me 2023 a.

Dat limit 15 me a ap aplike tou pou deklarasyon pewòl ki fèt chak trimès ak deklarasyon enpo endirèk ke yo ta dwe peye nòmalman 31 janvye ak 30 avril 2023. Anplis de sa, penalite sou enpo sou pewòl yo ak sou depo enpo endirèk ke yo ta dwe peye nan 12 janvye 2023 ak anvan 27 janvye 2023 yo pral bese toutotan kontribiyab yo depoze enpo yo anvan 27 janvye 2023.

Paj pou Asistans nan Katastwòf ak Sekou Ijans pou Patikilye ak Biznis yo (an anglè) genyen detay sou lòt deklarasyon yo, pèman, ak mezi fiskal ki kalifye pou jwenn dèle adisyonèl lan.

IRS bay soulajman pou depoze deklarasyon ak sou penalite otomatikman ak nenpòt kontribyab ki gen yon adrès anrejistre nan dosye IRS li ki nan zòn katastwòf la. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou jwenn soulajman sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi sanksyon pou reta sou deklarasyon yo oswa sou pèman an reta nan men IRS e li gen dat original lan oswa dat pwolonje an pou pèman an oswa depo a ki tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribiyab la ta dwe rele nimewo ki endike nan avi a pou li ka genyen soulajman penalite

Anplis de sa, IRS pral travay ak tout kontribiyab ki abite andeyò zòn katastwòf la men ki gen dosye ki nesesè pou respekte dat limit lan ki fèt pandan peryòd ranvwa a ki sitiye nan zòn ki afekte yo. Kontribiyab ki elijib pou soulajman an ki abite andeyò zòn katastwòf yo ta dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa gen ladan li tou, travayè ki patisipe nan aktivite sekou yo epi ki afilye ak yon gouvènman yo rekonèt oswa yon òganizasyon filantwopik.

Moun ak biznis ki nan yon zòn katastwòf gouvènman federal lan deklare ki te sibi pèt ki gen rapò ak katastwòf lan men ki pa gen asirans oswa yo pa ranbouse yo ka chwazi pou reklame yo swa sou deklarasyon nan ane pèt la te fèt lan (nan ka sa a, deklarasyon 2023 a ke yo nòmalman dwe depoze ane pwochèn), oswa sou deklarasyon pou ane anvan an (2022, sa yo ranpli e deklare pandan sezon fiskal sa a). Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a -4684-DR pou Alabama oswa 4685-DR pou Georgia - sou nenpòt ki deklarasyon pou reklamasyon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou plis detay.

Soulajman fiskal la fè pati yon repons federal kowòdone pou dega tanpèt sa yo fè epi li baze sou evalyasyon lokal dega yo ke FEMA fè. Pou jwenn plis enfòmasyon sou rekiperasyon aprè katastwòf lan, ale sou disasterassistance.gov (an anglè).