IRS ofri enfòmasyon ak resous nan yon varyete fòma plizyè lang ak altènativ

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-84, June 14, 2021

Antanke yon pati nan efò k ap kontinye pou ogmante sansibilizasyon plizyè lang lan, IRS la ofri enfòmasyon sou taks nan plizyè lang. Paj IRS.gov yo genyen lyen k ap louvri tout tradiksyon ki disponib sou kote dwat la, ekzakteman anba tit la. Lang ki disponib aktyèlman yo se Panyòl, Chinwa senplifye ak tradisyonèl, Koreyen, Ris, Vyetnamyen ak Kreyòl Ayisyen. 

Kontribyab yo kapab klike tou, sou flèch dewoulan lang lan ki anwo anpil paj sou IRS.gov la. Meni dewoulan an afiche chwa lang aktyèl la epi yon lis nan lòt lang kontribyab la ka wè IRS.gov la.

Kèk resous plizyè lang sou IRS.gov:

Medya sosyal IRS plizyè lang ak abònman nan bilten elektwonik yo

Lòt fòma yo disponib pou itilize avèk teknoloji asistans

  • IRS.gov la ofri tou kontni nan yon varyete fòma fichye (an anglè) pou reponn bezwen moun k ap itilize teknoloji asistans yo, tankou lojisyèl lekti ekran yo, afichaj an Braille ki ka aktyalize ak lojisyèl rekonesans vwa. Kontribyab yo kapab telechaje oswa gade nan fòm tèks sèlman 100 fòmilè enpo ak piblikasyon, fichye ki pare pou Braille yo, HTML fasil pou navige, PDF tout moun ka jwenn epi gwo karaktè. Tout pwogram ki li tèks, tankou Microsoft Word ak Notepad, ka ouvri epi li fichye tèks sa yo. Detay yo disponib sou Paj pou aksè IRS.gov la.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)