Zouti anliy IRS la ede fanmi yo wè si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun yo; yonn pami twa (3) zouti yo disponib kounya pou pèman avans ki gen pou fèt yo

IR-2021-133, June 24, 2021

WASHINGTON — Depatman Trezò a ak Sèvis Revni Entèn nan jodia ankouraje fanmi yo pou yo pwofite zouti anliy espesyal yo ki ka ede yo konnen si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak pèman avans chak mwa espesyal k ap kòmanse 15 Jiyè. 

Nouvo Asistan Kalifikasyon Kredi Enpo pou Timoun nan ki disponib sou IRS.gov sèlman, yo te lanse bonè nan semenn sa a, ka entèraji e fasil pou itilize. Pandan y ap reponn yon seri kesyon konsènan yo menm ak manm fanmi yo, yon paran oswa yon lòt manm fanmi an kapab konnen byen rapid si li kalifye pou kredi a.

Malgre tout moun kapab itilize zouti sa a, li ka itil sitou pou fanmi ki pa fè deklarasyon enpo federal nòmalman epi ki poko fè ni yon deklarasyon enpo 2019, ni yon deklarasyon enpo 2020. Souvan, yo se moun ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm avèk sila yo ki sanzabri yo, fwaye ki gen ti revni yo, ak lòt gwoup defavorize yo. Itilize zouti sa a kapab ede yo deside si yo ta dwe pase nan etap ki annapre a epi enskri pou pèman Kredi Enpo pou Timoun yo sou yon lòt nouvo zouti IRS la ki te devwale pi bonè nan semenn sa a.

“Nouvo zouti sa a se yon etap enpòtan pou ede moun yo konprann si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki enpòtan espesyalman pou sila yo ki pa fè yon deklarasyon enpo nòmalman,” Komisè IRS la, Chuck Rettig, te di. “Asistan kalifikasyon an travay ansanm ak lòt fonksyonalite sou IRS.gov pou ede moun yo jwenn kredi enpòtan sa a. IRS la ap travay di pou li mete an plas Kredi Enpo pou Timoun ki elaji a, epi nou pral bay kontribyab yo èd siplemantè nan pa lontan. Depi sa posib, tanpri ede nou ede lòt yo pandan w ap pataje enfòmasyon sou CTC (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun) a nan kominote w yo.”

Pou ede moun yo konprann epi benefisye avantaj sa a, IRS kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 espesyal sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki la pou bay dènye enfòmasyon yo konsènan kredi a ak pèman avans yo. Pami lòt bagay, paj la deja genyen yon lyen ki ouvri Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ansanm avèk yon twazyèm zouti yo te lanse pi bonè nan semenn sa a— Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enfòmasyon pou idantifikasyon pèsonèl (PII - personal-identifiable information) pou okenn manm fanmi. Pou rezon sa, rezilta li yo pa desizyon ofisyèl IRS la. Malgre rezilta yo fyab, si kesyon yo byen reponn, yo ta dwe konsidere yo kòm yon kòmansman. Ni repons itilizatè a bay yo, ni rezilta yo, IRS la pa kenbe yo.

Apre nou fin veifye Asistan Kalifikasyon an, Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an disponib pou ede sila yo ki pa konn fè deklarasyon enpo yo

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran anliy la pou ede fanmi kalifye yo ki pa konn fè deklarasyon enpo yo enskri pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun ki fèt chak mwa a.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran pou Pèman Enpak Ekonomik IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, enskri pou twazyèm tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non chèk relans) epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Zouti sa a devlope nan yon patenarya avèk Intuit epi distribye atravè Alyans Deklarasyon Gratis la, li ofri yon mwayen gratis epi fasil pou moun kalifye ki pa gen yon revni ki ase pou yo ta gen yon obligasyon pou fè deklarasyon enpo sou revni, pou yo bay IRS la enfòmasyon debaz nesesè yo pou kalkile epi fè pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Sa gen ladan non, adrès, ak nimewo sekirite sosyal yo. Sa pèmèt yo bay enfòmasyon konsènan timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak pipiti, lòt depandan yo, ak enfòmasyon bankè yo pou depo dirèk pou IRS la ka depoze pèman yo byen rapid epi fasil sou kont chèk yo oswa kont epay yo. Li disponib sou IRS.gov sèlman.

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pa ta dwe itilize pa nenpòt moun ki te deja fè yon deklarasyon enpo sou revni federal 2019 oswa 2020.

Majorite lòt fanmi yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon

Fanmi kalifye ki te deja deklare oswa planifye pou fè deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo pa ta dwe itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, y ap itilize enfòmasyon pou detèminen kalifikasyon epi distribye pèman avans yo.

Fanmi ki vle reklame lòt avantaj fiskal yo, tankou Kredi Enpo sou Revni pou fanmi ki gen ti revni ak revni modere yo, pa ta dwe itilize zouti sa a e olyedesa yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon enpo se atravè sistèm Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov.

Veye anak yo

IRS la ankouraje tout moun pou yo veye anak ni sou pèman Kredi Enpo pou Timoun yo ni sou Pèman Enpak Ekonomik yo. IRS la mete aksan sou sèl mwayen pou jwenn nenpòt nan avantaj sa yo se swa lè ou fè yon deklarasyon enpo avèk IRS la oswa lè ou enskri anliy atravè zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, sèlman sou IRS.gov. Nenpòt lòt opsyon se yon anak.

Veye anak k ap itilize imèl, apèl telefòn oswa mesaj ki gen rapò ak pèman yo. Pa bliye IRS la pa janm voye kominikasyon elektwonik si se pa ou ki mande l, pou li mande nenpòt moun pou louvri atachman oswa vizite yon sit entènèt ki pa gouvènmantal.

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun

Bonè nan semenn sa a, Depatman Trezò ak IRS te lanse yon lòt zouti itil, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Okòmansman, zouti sa a pèmèt tout moun ki te detèminen pou kalifye pou pèman avans yo anile enskripsyon (soti) nan pwogram pèman avans lan. Pita, l ap pèmèt moun yo verifye estati pèman yo, aktyalize enfòmasyon yo, tankou enfòmasyon kont labank yo. Pita ane sa a, zouti a ap disponib nan lang Panyòl tou.

Kominote patnè yo kapab ede

IRS ankouraje gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou. Pami lòt bagay, IRS la deja ap travay kole sere ak kominote patnè li yo pou li garanti tout moun gen aksè ak Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an epi Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. IRS la ap kominike materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Nòmalman, IRS la ap kalkile pèman an sou deklarasyon enpo 2020 fanmi an, ansanm avèk sila yo ki itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap detèminen pito premye montan pèman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enfòmasyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Chak pèman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aksè fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye pèman sa yo pa mwayen depo dirèk, depi yo te bay IRS la enfòmasyon bankè ki kòrèk. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lapòs yo nan zòn 15 Jiyè yo pou pèman pa lapòs yo. Dat pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.
Pou pils enfòmasyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021, oswa li FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an anglè).