IRS bay viktim dife ki te ravaje Kalifòni an nan mwa septanm nan asistans pou enpo; delè 15 oktòb la, lòt dat yo pwolonje pou 15 janvye

IR-2020-237, 19 oktòb 2020

WASHINGTON – Kounye a, viktim nan dife ki ravaje Kalifòni depi 4 septanm nan gen jiska 15 janvye 2021 pou ranpli plizyè deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis epi peye enpo yo, selon sa Sèvis Revni Entèn te anonse jodi a.

IRS bay asistans sa a nan tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) deziyen kòm kalifye pou resevwa asistans endividyèl. Aktyèlman sa a gen ladan rejyon Fresno, Los Angeles, Madera, Mendocino, San Bernardino, San Diego ak Siskiyou nan leta Kalifòni men, kontribyab nan lokalite yo ajoute annapre nan zòn dezas la ap resevwa otomatikman menm asistans pou deklarasyon ak pou pèman. Lis aktyèl lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj  Asistans nan moman Dezas sou sit IRS.gov.

Asistans sa a pa nan sa yo te bay pou gwo dife ki te ravaje Kalifòni apati 14 Out la. Vizite Anons 26 out (an anglè) ajans la pou detay.

Nan kad asistans pou enpo a, plizyè delè deklarasyon ak pèman ki te rive apati 4 septanm 2020 an, te ranvwaye. Kidonk, patikilye ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 janvye 2021 pou yo fè deklarasyon epi pèman tout enpo ki te dwe fèt pandan peryòd sa a. Sa vle di patikilye ki te gen yon ekstansyon valid pou te ranpli deklarasyon taks 2019 yo a jiska 15 oktòb 2020, kounye a gen jiska 15 janvye 2021 pou fè sa. Sepandan, IRS ap fè konnen pou tout pèman taks ki gen rapò ak deklarasyon taks 2019 sa yo ki te dwe fèt 15 jiyè 2020 an, yo pa kalifye pou asistans sa a.

Delè 15 janvye 2021 an aplike tou pou pèman enpo sou revni yo fè estimasyon chak trimès la, ki te dwe fèt 15 septanm 2020 an epi pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo sou pwodwi k ap vann oubyen sèvis, ki ekspire nòmalman 2 novanm 2020 an. Li aplike tou pou òganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap opere sou yon baz ane sivil, ki te gen yon pwolonjman delè valab k ap ekspire 16 novanm 2020 an. Biznis ki gen pwolonjman delè yo gen yon delè adisyonèl tou, an patikilye sosyete ane sivil yo ki gen delè ane 2019 yo ki ekspire 15 oktòb 2020 an.

Anplis de sa, y ap redwi penalite sou pewòl ak depo enpo pou pwodwi k ap vann oubyen sèvis ki te dwe fèt nan dat 4 septanm oswa apre epi anvan 21 septanm ak kondisyon depo yo te fèt anvan oswa nan dat 21 septanm 2020.

Paj Asistans nan moman dezas IRS (an anglè) la gen detay sou lòt deklarasyon, pèman ak aksyon ki gen rapò ak enpo yo ki kalifye pou pwolonjman delè a.

Otomatikman, IRS bay tout kontribyab ki nan zòn dezas ki anrejistre nan IRS asistans pou tout enpo ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn asistans sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki konsène resevwa yon avi penalite poutèt yon depo oswa yon pèman anreta nan men IRS men premye delè oswa pwolonjman yo te ba li pou li te fè deklarasyon an, depo a oswa pèman an tonbe nan peryòd rapò a, li ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka redwi penalite a pou li.

Mete sou sa, IRS ap travay ak tout kontribyab ki p ap viv nan zòn dezas la men ki gen dosye ki nesesè pou delè yo respekte pandan peryòd pwolonjman an ki sitiye nan zòn afekte a. Kontribyab ki kalifye pou asistans lan ki p ap viv nan zòn dezas la dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou travayè k ap sipòte aktivite asistans yo epi ki afilye ak yon gouvènman yo rekonèt oswa yon òganizasyon k ap fè byen.

Patikilye ak biznis ki nan yon zòn leta deklare zòn dezas, ki soufri pèt ki lye ak dezas la, ki pa t gen asirans oubyen yo pa t ranbouse, ka chwazi pou reklame yo swa nan deklarasyon pou ane lè pèt la te fèt la(nan ka sa a, y ap depoze ranbousman 2020 an nòmalman ane pwochèn), oubyen nan deklarasyon pou ane anvan an (2019). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA – 4569 − pou dife ki te ravaje Kalifòni an nan tout deklarasyon pou reklame pèt, ou fè yo. Vizite Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Pou dega gwo dife yo te fè yo, asistans pou enpo a se youn nan repons kowòdone leta bay ki chita sou evalyasyon dega nan zòn nan FEMA te fè. Pou enfòmasyon sou repriz aktivite yo apre dezas la, vizite disasterassistance.gov (an anglè).