IRS ap voye lèt bay plis pase 36 milyon fanmi ki ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun chak mwa a, peman yo ap kòmanse 15 Jiyè

IR-2021-124, June 7, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te kòmanse voye lèt bay plis pase 36 milyon fanmi Ameriken ki ka kalifye pou resevwa peman Kredi Enpo pou Timoun yo apati mwa Jiyè a, dapre deklarasyon enpo ki depoze nan ajans lan.

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Lèt yo pral jwenn fanmi ki ka kalifye dapre enfòmasyon ki swa nan deklarasyon enpo 2019 la, swa 2020 an, oswa fanmi ki te itilize zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov la ane pase pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.

Fanmi ki kalifye pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ap resevwa yon dezyèm, lèt pèsonalize ki fè lis estimasyon peman mansyèl yo, ki kòmanse 15 Jiyè.

Majorite fanmi yo pa bezwen antreprann okenn aksyon pou jwenn peman yo a. Nòmalman, IRS ap kalkile montan peman an dapre deklarasyon enpo 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS ap itilize deklarasyon 2019 la pou detèminen montan peman an pito.

Fanmi kalifye yo ap kòmanse resevwa peman avans yo, swa pa mwayen depo dirèk, swa pa chèk. Peman an ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun kalifye ki gen 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun kalifye ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS ap bay peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Fanmi kalifye yo ta dwe fè deklarasyon enpo yo byento

IRS ankouraje endividi yo ak fanmi yo ki poko fè deklarasyon enpo 2020 yo – oswa deklarasyon 2019 la – pou yo fè sa osito posib pou yo ka resevwa tout peman avans yo kalifye pou yo.

Deklare byento ap garanti IRS genyen enfòmasyon bankè yo ki pi resan, ansanm avèk detay kle apwopo timoun kalifye yo. Sa gen ladan moun ki pa fè deklarasyon enpo nòmalman, tankou fanmi sanzabri yo, pòv riral yo, ak lòt gwoup defavorize yo.

Pou majorite moun, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon enpo se atravè sistèm Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov.

Pandan sezon lete a, IRS pral ajoute zouti adisyonèl yo ak resous anliy yo pou ede ak zafè avans Kredi Enpo pou Timoun nan. Youn nan zouti sa yo ap pèmèt fanmi yo dezenskri pou sispann resevwa peman avans sa yo epi resevwa montan total kredi a pito lè yo fè deklarasyon 2021 yo a ane pwochenn.

Anplis, pita ane sa a, endividi yo ak fanmi yo ap kapab ale sou IRS.gov epi itilize yon Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun po avize IRS sou chanjman yo nan revni yo, kondisyon fiskal yo, oswa kantite timoun kalifye yo; aktyalize enfòmasyon depo dirèk yo; epi fè lòt chanjman pou garanti y ap resevwa bon montan an pi rapid posib.

Lòt zouti k ap parèt byento

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki fèt pou bay enfòmasyon ki pi resan apwopo peman kredi yo ak peman avans yo.

Nan kèk semenn k ap vini yo, paj la ap afiche lòt nouvo zouti itil anliy tou, tankou:

  • Yon zouti kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun yo pou ede fanmi yo detèminen si yo kalifye pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo.
  • Yon lòt zouti, Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, okòmansman ap pèmèt tout moun ki te detèminen pou kalifye pou peman avans yo dezenskri/pou soti nan pwogram peman avans lan. Pita ane sa a, l ap pèmèt moun yo verifye estati peman yo, aktyalize enfòmasyon yo, epi disponib an Panyòl. Plis detay ap disponib byento apwopo Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun anliy lan.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan an 2021 nan $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi nan $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te gen valè $2 000 pou chak timoun kalifye, e timoun 17 lane yo pa t konsidere kòm timoun kalifye pou kredi a.

Nouvo kredi maksimòm nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa pi piti pou selibatè yo,
  • $112 500 oswa pi piti pou chèf fwaye yo, epi
  • $150 000 oswa pi piti pou moun marye k ap fè deklarasyon konjwen ak vèf epi vèv kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 Fòm 1040 2020 yo a oswa 1040-SR la. Piwo sèy revni sa yo, montan siplemantè ki depase premye kredi $2 000 — swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun — redui pa $50 pou chak $1 000 siplemantè nan AGI modifye a.

Anplis, tout kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati rabousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

IRS ankouraje gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou. IRS la ap bay nan pa lontan, materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd.

Pou enfòmasyon ki pi resan konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ak peman avans yo, vizite Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an in 2021.