IRS devwale "Douz Move Kou" nan yon lis pyèj eskwokri nan taks pou ane 2020 an; yo mande pou Ameriken vijilan devan menas sa yo pandan epi apre pandemi an

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-160, 16 Jiyè 2020

Wachingtonn — Sèvis Revni Entèn jounen jodi a anonse lis ànyèl "Douz Move Kou" eskwokri nan zafè taks, epi l mete yon aksan espesyal sou riz agresiv k ap devlope epi ki gen pou wè ak alèjman nan taks akoz Kowonaviris, ki gen pami yo Pèman Enpak Ekonomik.

Ane sa a, Douz Move kou yo met aksan sou eskwokri ki sible kontribyab yo. Kriminèl ki dèyè eskwokri sa yo konsidere tout moun kòm potansyèlman you viktim fasil. IRS ankouraje tout moun pou toujou sou gad yo e veye tou pou pwòch yo.

"Eskwokri nan taks gen tandans ogmante pandan sezon taks oubyen pandan peryòd kriz, e atis magouy yo ap itilize pandemi Kowona a pou eseye vòlè lajan ak enfòmasyon kontribyab ki onèt," selon Komisè IRS la, Chuck Rettig. IRS bay yon lis Douz Move Kou pou konfidansyèlilize moun konsènan magouy pi koni eskamòtè yo itilize pou sible kontribyab yo. Nou ankouraje tout moun pou yo fè atansyon ak aktivite eskwokri sa yo. IRS ap fè sa k antre nan kad responsabilite l pou li pwoteje Ameriken. Nou ap pouswiv san pran souf kriminèl k ap eseye vòlè lajan w oubyen enfòmasyon finansyè pèsonèl konfidansyèl."

IRS ankouraje Kontribyab yo pou revize lis la nan yon seksyon espesyal (an anglè) sou sit IRS.gov e veye eskwokri sa yo pandan tout ane ya. Kontribyab yo ta dwe sonje to ke yo legalman responsab pou enfòmasyon ki nan deklarasyon taks yo menm lè se yon lòt moun kite prepare l. Kontribyab yo ka kontribye nan pwoteje tèt yo lè yo chwazi yon pwofesyonel taks ki gen bon repitasyon pou prepare deklarasyon taks yo.

IRS ankouraje Kontribyab yo pou evite angaje entèraksyon sou entènèt oubyen nan telefòn ak eskamòtè yo. IRS planifye pou l pibliye yon lis sanblab sou priyorite egzekisyon ak konfòmite ane sa a tou.

Gen yo seri kominike laprès ki pral pibliye pou mete anfaz sou manèv ilegal ak teknik deseri biznis ak deseri moun itilize pou yo evite peye dèt taks legal yo dwe. Sijè yo gen nan yo magouy tankou fo asirans refleksif (micro captive) ak fo deklarasyon dwa pasaj tè ki nan pwogram konsèvasyon.

Men "Douz Move Kou" Sal yo pou ane sa a:

Phishing (pyèj sou entènèt):

Kontribyab yo dwe vijilan kont posiblite fo imèl oswa sit entènèt kap chèche pirate enfòmasyon pèsonèl moun. IRS pa p janm antre an kontak ak Kontribyab atravè imèl konsènan dèt taks, ranbousman oubyen pèman enpak ekonomik. Piga w klike sou lyen ki pran pòz tankou se nan IRS yo soti. Pran prekosyon ak imèl ak sit entènèt − Se kapab pa okenn lòt bagay serye sinon vye manèv pou vòlè enfòmasyon pèsonèl moun.

Divizyon Envestigasyon Kriminèl IRS remake yon ogmentasyon konsiderab nan manèv pou tann pyèj ki itilize imèl, lèt, tèks epi lyen entènèt. Manèv phishing yo itilize mo kle tanko "coronavirus," "COVID-19" ak "Stimulus" (Relans Ekonomik) nan divès fason.

Vye manèv yo bonbade anpil moun nan yon efò pou pran enfòmasyon ki idantifye yon moun ak enfòmasyon kont finansye, tankou nimewo kont ak modpas. Majorite nouvo manèv sa yo itilize taktik lapèrèz aktivman, ak mank enfòmasyon sou virus la ak pèman stimulus (relans ekonomik) la. (Pou plis detay gade nan IR-2020-115, IRS avèti kont fwod COVID-19; lòt magouy finansye (an anglè).)

Fo Charite:

Kriminèl souvan eksplwate dezas natirèl e lòt sityasyon tankou pandemik COVID-19 ki pouse yo mete sou pye fo charite pou vòlè nan men moun ki byen entansyone pou eseye ede moun ki an difikilte. Se nan tan konsa ke eskwokri jeneralman ogmante.

Manèv fwod yo nòmalman kòmanse ak kontak ou pa t menm mande pa telefòn, tèks, medya sosyal, imèl ou an pèson avèk yon valè taktik diferan. Sit entènèt bidon itilize menm non ak òganizasyon charitab lejitim pou kraponen moun pou voye lajan oubyen bay enfòmasyion finansye pèsonel. Yo ka menm pretann y ap travay pou IRS oubyen nan non IRS pou ede viktim yo soumèt reklamasyon pou domaj e pou mande ranbousman taks.

Kontribyab yo dwe pridan sitou kont òganizasyon charitab ki gen non ki sanble ak òganizasyon byen koni nan tout peyi a. Òganizasyon charitab lejitim yo ap bay Nimewo Idantifikasyon Anplwayè yo (EIN), si w mande sa, verifikasyon estati legal li ka fèt san pwoblèm. Kontribyab yo ka jwenn òganizasyon charitab lejitim e kalifye yo avèk zouti rechèch l (an anglè) sou sit IRS.gov.

Apèl Menasan Eskamòtè k ap Pretann yo se Ajan IRS:

Manèv ki pran pòz se IRS yo ye yo pran plizyè fòm. Yonn ki byen koni se fo apel telefòn menas kriminèl la fè pou l pretann lap travay nan IRS. Eskamòtè a ap eseye enstale pèrèz ak ijans non lespri moun ki ka viktim lan. An reyalite, IRS pa p janm menase yon kontribyab oubyen ba li yon sipriz kote li mande pou moun nan peye imedyatman.

Magouy atravè Telefòn ou "vishing" (phishing vokal) se yon gwo menas. Magouy atravè apèl nan telefòn gen ladan yo menas arestasyon, depòtasyon ou revokasyon lisans si viktim pa peye dèt taks, sa rive toutan pandan ane a. Apèl yo souvan pran fòm yon "apèl wobo" (tèks konvèti an mesaj anrejistre avèk enstriksyon pou retounen apèl la).

IRS pa janm mande pèman imedya, ni menase, ni mande enfòmasyon finansye nan telefòn, oubyen rele konsènan yon ranbousman ou Pèman Enpak Ekonomik. Kontribyab yo ta dwe kontakte vrè IRS la si yo enkyete konsènan yon pwoblèm taks.

Magouy Atravè Rezo Sosyal:

Kontribyab yo bezwen pwoteje tèt yo kont magouy sou rezo sosyal, kote you souvan itilize evènman tankou COVID-19 pou kraponnen moun. Rezo Sosyal pèmèt nenpòt moun pataje enfòmasyon ak nenpòt lòt moun sou entènèt. Eskamòtè itilize enfòmasyon kòm zam pou yon pakèt eskwokri. Yo gen nan yo imèl kote eskamòtè a pretann li se yon manm fanmi, zanmi ou kolèg travay you moun.

Eskwokri sou Rezo Sosyal rive abouti jiska vòl idantite ki rapò ak taks. Eleman fondamantal magouy sou rezo sosyal yo se konvenk moun ki ka viktim lan kòm kwa li an afè ak yon pwòch li ke l fè konfyans atravè imèl, tèks, oubyen mesaj sou rezo sosyal.

Enfòmasyon pesonèl la pèmet eskamòtè a voye yon imèl bay viktim potansyèl la e li mete yon lyen ak yon bagay ki enterese potansyèl viktim la ki genyen yon viris ki lanse ak entensyon pou komet plis krim. Eskamòtè yo enfiltre imel ak telefòn viktim yo pou sible zanmi ak fanmi yo avèk fo imèl ki bay aparans reyèl e mesaj tèks k ap mande, pa egzanp, ti don pou òganizasyon charitab ki touche kè konfidansyèl viktim yo.

EIP oswa Vòl Ranbousman:

IRS fè anpil efò nan konbat fwod ak vòl ranbousman taks nan ane ki fèk pase yo, men yo toujou rete yon menas kontinyèl. Ane sa a kriminèl yo ranje k yo pou vòlè pèman Enpak Ekonomik selon pwovizyon Lwa sou Èd Kowonaviris, Alèjman, ak Sekirite Ekonomik la (CARES Act).

Koz la an pati soti nan vòl idantite ki pèmèt kriminèl yo soumèt fo deklarasyon taks oubyen bay IRS lot fo enfòmasyon pou detounen ranbousman yo al nan adrès oswa kont labank ki pa kòrèk.

Sèvis Revni Entèn jounen jodi a ap avèti kay mezon granmoun yo ak lòt etablisman sant sante yo pou yo konnen pèman Enpak Ekonomik la, an jeneral, se pou rezidan yo, se pa pou òganizasyon ki bay swen sante yo. Se yon preyokipasyon moun ak biznis ap eksplwate popilasyon ki vilnerab yo ki resevwa pèman yo. Pèman sa yo pa konte kòm resous pou detèmine elijibilite pou Medicaid ak lòt pwogram Federal. Yo pa non plis konte kòm revni nan detèminasyon elijibilite pou pwogram sa yo. Pou plis enfòmasyon gade nan IR-2020-121 Avètisman IRS: pèman Enpak Ekonomik la se pou rezidan yo li ye, se pa pou sant ki gadegranmoun yo ni sant sante yo (an anglè).

Kontribyab yo ka konsilte paj Alèjman nan Taks akoz Kowonaviris (an anglè) la nan IRS.gov pou asistans sou jwenn EIPs. Nenpòt moun ki kwè li ka viktim de vòl idantite ta dwe konsilte Gid pou Kontrabyab yo sou Vòl Idantite (an anglè) sou IRS.gov.

Fwòd sou Pèsonaj Aje:

Sitwayen aje ak moun k ap pran swen yo bezwen fè atansyon ak eskwokri taks ki sible pèsonaj Ameriken yo. IRS rekonèt gravite pwoblèm fwod ki sible pèsonaj Ameriken yo menm jan ak Depatman Jistis ak FBI, Komisyon Federal pou Komès, Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè (CFPB), pami lòt.

Pèsonaj yo pi fasil pou eskamòtè yo sible e rann viktim pase lòt gwoup nan sosyete a. Abi finansye pèsonaj yo sibi se yon pwoblèm nan relasyon pesonèl ak pwofesyonèl. Kèk evidans pa temwayaj atravè sèvis pwofesyonèl fè konnen fwòd sou pèsonaj yo diminye anpil lè moun k ap bay yo sèvis konnen yon zanmi moun nan fè konfians oubyen yon manm fanmi montre enterè nan zafè pèsonaj la.

Pèsonaj Ameriken yo vinn pi konfòtab avek nouvèl teknoloji k ap chanje toutan, tankou rezo sosyal. Malezman, sa bay eskamòtè yo yon lòt mwayen pou eksplwate yo. Vye manèv eskwokri (Phishing ) ki lye ak COVID-19 la vinn yon gwo menas nan sezon taks ane a. Pèsonaj yo bezwen vijilan sou posiblite ogmantasyon tantativ pou vòlè enfòmasyon pesonèl yo atravè fo imèl, tèks mesaj, sit entènèt ak rezo sosyal.

Eskwokri ki sible moun ki pa pale Anglè:

Eskamòtè ki pretann yo se Ajan IRS yo ak lòt kalite magouyè yo chwazi sible gwoup ki pa alèz nan pale Anglè tou. Eskwokri sa yo souvan menasan nan nati li. Kèk eskwokri sible moun ki potansyèlman ap resevwa Pèman Enpak Ekonomik lan e mande kontribyab la pou l bay enfòmasyon pèsonèl ou finansye li tou.

Eskwokri atravè telefòn lan poze yon gwo menas pou moun ki pa gen bon jan aksè ak enfòmasyon, tankou moun ki pa finn alèz nan lang Anglè a. Apèl yo souvan pran fòm yon "apèl wobo" (tèks konvèti an mesaj anrejistre avèk enstriksyon pou retounen apèl la). Magouyè sa yo konn men rive gen kèk enfòmasyon sou kontribyab yo, tankou adrès, kat dènie chif nimewo sekirite sosyal oubyen detay pèsonèl, ki fè apel telefonik la parèt pi nòmal.

Yonn nan eskwokri pi kouran kote yo pretann se IRS yo ye, kontribyab la resevwa yon apèl nan men yon moun ki di li se IRS, epi moun nan menase l kòm kwa l ap mete l nan prizon, depòte l oubyen revoke pèmi kondwi l. Kontribyab yo ki pa imigre trè lontan se yo ki pi vilnerab e yo ta dwe bay menas sa yo vag san peye atansyon ak sa eskamòtè a di.

Pwofesyonèl Taks Malonèt:

Seleksyone yon pwofesyonèl taks kòrek enpòtan anpil. Kontribyab yo konfye moun sa yo done pèsonèl konfidansyèl yo. Majorite Pwofessyonèl Taks bay sèvis onèt ak bon kalite, men genyen ki malonèt e ki toujou parèt chak sezon taks pou komèt fwòd, eksplwate kontribyab ki inosan ou trennen kontribyab la nan fè aksyon ilegal y ap regrèt pita.

Kontribyab yo ta dwe evite "fo" pwofesyonèl k ap ekspoze klyan nan pwoblèm atravè erè oubyen fwòd taks ki ka fè yo riske pèdi ranbousman yo. Etandone anpil pwofesyonèl taks te afekte nan COVID-19 epi biwo yo te kapab fèmen, kontribyab ta dwe pridan nan seleksyone yon pwofesyonèl taks serye.

Fo pwofesyonèl taks pa janm siyen fòm deklarasyon taks yo prepare pou moun. Yo ka senpleman enprime fòm taks la epi di kontribyab siyen e poste l bay IRS. Pou taks ki soumet elektwonikman (e-services), fo pwofesyonel taks yo ap prepare l men yo pa p siyen li nan fason elektwonik kòm yon pwofesyonèl yo peye. Daprè la lwa, nenpòt moun ki touche pou prepare ou asiste nan prepare deklarasyon taks federal dwe genyen Nimero Idantifikasyon Pwofesyonel ki Prepare Taks (PTIN). Pwofesyonèl ki prepare taks yo peye pou l fè travay li dwe siyen epi mete PTIN li nan fòmilè taks la.

Pwofesyonèl taks malonèt ka sible tou kontribyab ki pa oblije deklare taks oubyen ki pa gen dwa resevwa okenn ranbousman. Yo pwomèt ranbousman ki pi gwo pase sa k nòmal la, yo mete fo kredit fiskal pou yo fè sa, tankou kredi edikasyon, Kredi Taks sou Revni ou Antre (EITC). Kontribyab yo ta dwe evite pwofesyonèl taks k ap mande yo pou siyen yon fòm deklarasyon ki pa ranpli, ki pwomèt yo yon gwo ranbousman avan l egzamine done yo, oubyen ki egzije yon frè ki baze sou yon pousantaj ranbousman an.

Aprètou, se kontribyab la ki responsab pou deklarasyon taks li fèt san erè, kèlkeswa moun ki prepare li. Kontribyab yo ka ale sou yon paj espesyal IRS.gov pou konsèy sou kòman pou yo chwazi yon pwofesyonel taks.

Izin Pwopozisyon Konpwomi:

Kontribyab yo bezwen pridan ak kompayi k ap chèche fè moun kwè yo ka rezoud dèt taks nan egzajere chans pou negosye dèt ak "kraze monnen" atravè yon taktik Òf Konpwomi (OIC). Pwopozisyon sa yo disponib sèlmam pou kontribyab ki satisfè kritè trè espesifik anba lwa ki etabli kondisyon pou w kalifye pou rediksyon dèt taks. Men konpayi ki malonèt klewonen pwogram lan ak twòp zèl devan kandida ki pa menm kalifye pou yo ka kolekte gwo frè nan men kontribyab ki deja antrave anba dèt.

Jan de eskwokri sa yo pote non OIC "mills" (izin OIC), ki tann gwo pèlen pou yon bann kontribyab, fè yo peye gwo frè e miltiplye aplikasyon pou yon pwogram yo ka pa menm kalifye pou li. Malgre pwogram OIC a ede anpil kontribyab redui dèt taks yo chak ane se pa tout moun ki kalifye pou yon OIC Nan ane Fiskal 2019, te gen 54,000 ka OIC moun te soumèt devan IRS. Ajans lan te aksepte sèlman 18,000 ladan yo.

Kontribyab endividyè ka itlize sèvis gratis nan sit IRS atravè zouti ki rele "Offer in Compromise Pre-Qualifier" (Kalkil Kalifikasyon Alavans pou Pwopozisyon Konpromi) pou yo wè si yo kalifye. Zouti senp sa a pèmèt kontribyab yo confime elijibilite yo e bay yon estimasyon sou konbyen yo ka ofri IRS. Kontribyab yo ka aplike pou yon OIC san yo pa itilize pèsonn pou reprezante yo, men IRS raple kontribyab yo ke si yo bezwen èd, yo ta dwe pridan konsènan kiyès yap angaje pou reprezante yo.

Fo Pèman ak Demand Repèman:

Kriminèl yo toujou jwenn nouvo fason pou kraponnen kontibyab yo nan fè yo kwè nan yon manèv eskwokri tankou mete yon fo ranbousman nan kont labank reyèl kontribyab la. Men kijan magouy la fèt:

Yon magouyè volè oubyen jwenn done pesonèl yon kontribyab tankou nimewo sekirite sosyal ou nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN) ak enfòmasyon sou kont labank li. Eskamòtè a soumèt yon fo deklarasyon taks e mande pou yo depoze ranbousman an nan kont kouran ou kont epay kontribyab la. Kou lajan an rive nan kont labank kontribyab la, eskamòtè a rele kontribyab la kòm si se yon anplwaye IRS. Eskamòtè a di kontribyab la gen yon erè ki te fèt sou kont li epi IRS bezwen li retounen lajan an imedyatman, epi si se pa sak fèt, ap gen sanksyon ak enterè sou lajan an. Yo di kontribyab la pou l achte kat kado (gift cards) pou montan lajan ranbousman an.

IRS pap janm mande pèman nan yon metòd espesifik. Gen pliziè opsyon disponib ke kontribyab ka itilize pou peye e tou gen yon fòmalite ki bay kontribyab la dwa pou kesyone montan taks nou di l li dwe. Nenpòt lè yon kontribyab resevwa yon ranbousman sanzatann ak yon apèl britsoukou k ap mande l repye yon ranbousman, kontribyab la ta dwe rele bank li ak IRS.

Eskwokri Lis Salarye ak Resous Imèn:

Pwofesyonèl Taks, anplwayè ak kontribyab yo bezwen mete tèt yo an gad kont manèv pyèj Phishing kap deplwaye pou vòlè Fòm W-2 ak lot enfòmasyon taks. Sa yo rele "Konpwomisyon Imèl Biznis" (BEC) oswa Imitasyon Imèl Biznis (BES). Se yon fenomèn ki fèt espesyalman nan moman kote anpil biznis fèmen e anplwaye yo ap travay lakay yo akòz COVID-19. Aktyèlman, de nan sa k pi kouran nan eskwokri sa yo se fo kat kado ak fo depo dirèk nan bank.

Nan eskwokri kat kado a, yon kont imèl ki pirate se sa yo souvan itilize pou voye yon rekèt pou achte kat kado nan divès montan. Nan ka depo dirèk la, eskamòtè a ka gen aksè nan kont imèl viktim lan (se egalman koni kòm yon kont imèl pirate ou EAC). Eskamòtè ka pretann li se viktim lan pou l fè òganizasyon an chanje enfòmasyon depo dirèk anplwaye a pou yo ka voye kòb la pito sou yon kont eskamòtè a kontwole.

Magouy BEC/BES ka rive pèpetre atravè pliziè fason tankou mande pou lajan depoze elektwonikman, peye fo fakti, e anpil lòt bagay. Nan ane ki fèk pase yo, IRS obsève yon pakèt manèv eskwokri kote yo itilize fo dokiman IRS pou yo ka montre kòm kwa fo rekèt yo onèt. Pa egzanp, yon magouyè ka eseye angaje nan magouy fo fakti e itilize sa k parèt yon dokiman serye pou ede l konvenk viktim lan.

Se pou w achemine fwòd Depo Dirèk la ak lòt vèsyon BEC/BES yo bay Biwo Federal Envestigasyon Sant pou Pote Plent kont Krim sou Entènèt (IC3, an anglè) kote ou ka soumèt yon plent. IRS mande pou yo rapòte eskwokri Fòm W-2 yo nan: phishing@irs.gov (Subject: W-2 Scam).

Viris Ranson:

Se yon krim entènèt ki ap grandi. Viris Ranson an se yon viris òdinatè ki sible feblès moun ak feblès teknik pou enfekte òdinatè, rezo oubyen sèvè (server) viktim yo atake a. Viris malveyan se yon lojisyèl anvayisan ki souvan debake nan yon systèm san envitasyon atravè telechajman. Kou viris la tonbe nan systèm lan, li kapte sa k pase sou klavye òdinatè a ak lòt aktivite operatè k ap travay sou li a. Yon fwa enfeksyon an antre, vris ranson sa a ap chèche epi kapte done enpòtan oubyen konfidansyèl ak kriptaj pa l. Nan kèk ka, tout rezo òdinatè a ka seryezman afekte.

Victim yo jeneralman konn pa menm konsyan sou atak la jiskaske yo eseye aksede done oubyen yo resevwa yon rekèt pou bay yon ranson atravè yon ti fenèt sou ekran an. Kriminèl sa yo pa vle pou moun wè tras yo. Yo souvan itilize platfòm pou mesaj anonim epi yo mande pèman ranson an sou fòm monè vityèl tankou Bitcoin.

Kriminèl Entènèt yo ta ka itilize yon imèl phishing pou pyeje yon viktim pou fè li ouvri yon lyen oubyen yon pyès atache k ap transpòte viris ranson an. Imèl sa yo ka vini sou fòm demann pou sipòte yon òganizasyon charite bidon pou COVID-19. Kriminèl Entènèt yo egalman konn chèche kote ki vilnerab nan yon sistèm kote pa bezwen gen okenn erè moun pou yo lanse epi lage viris ranson an.

IRS ak Patnè ki nan Somè Sekirite l yo konseye pwofesyonèl taks ak kontribyab yo pou itilize karakteritik otantifikasyon gratis, plizyè faktè ki nan lojisyèl pou prepare taks yo. Itilize karakteritik otantifikasyon gratis, plizyè faktè a se yon mwayen gratis e fasil pou pwoteje klyan e biwo pwofesyonèl yo kont vòl enfòmasyon. Founisè lojisyèl taks yo egalman ofri pwoteksyon otantifikasyon gratis, plizyè faktè nan pwodui ki pèmèt moun Fè Travay Yo Poukont yo.