Travay IRS pou ede sila yo ki pa gen yon adrès pèmanan jwenn avantaj ki gen ladan yo peman relans yo ak kredi fiskal yo

Konsèy sou taks pou COVID 2021-72, May 21, 2021

Pandan twazyèm tou Peman Enpak Ekonomik yo kontinye ap fèt otomatik pou majorite moun kalifye yo, IRS la pa kapab fè yon peman pou Ameriken kalifye yo lè enfòmasyon yo pa disponib nan sistèm fiskal ajans lan.

Peman Enpak Ekonomik, yo konnen tou sou non peman relans yo, diferan parapò ak majorite lòt avantaj fiskal yo.

Moun yo pa bezwen yon adrès pèmanan, yon kont labank oswa menm yon travay pou yo jwenn peman sa yo. Endividi yo ka kalifye pou lajan sa a si yo genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ak si yo pa gen yon moun ki ap sipòte yo ki kapab deklare yo kòm depandan.

Moun kalifye yo ki pa t resevwa peman sa yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo 2020, menm si yo pa gen abitid deklare. Sa ap bay IRS la enfòmasyon li bezwen pou li voye yon peman ba yo. Sila yo ki sanzabri ka mete nan yon lis, adrès yon zanmi, fanmi oswa founisè sèvis li fè konfyans, tankou yon refij, yon sant akèy jounen oswa yon pwogram lojman tranzisyon, sou deklarasyon enpo yo.

Sila yo ki te rate de (2) premye peman yo kapab toujou jwenn lajan sa a lè yo fè yon deklarasyon enpo 2020 ak reklame kredi ranbousman rekiperasyon an (an anglè). Fè yon deklarasyon enpo 2020 se sèl mwayen moun ki kalifye yo kapab jwenn lajan premye oswa dezyèm peman an kounya. Majorite moun yo kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS pou yo bay enfòmasyon debaz yo. Yo ap menm jwenn yon seksyon espesyal sou IRS.gov la ki ap kapab ede: Reklamasyon kredi ranbousman rekiperasyon 2020 an si ou pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo (an anglè).

Kredi a ap nan ranbousman fiskal deklaran an. IRS ap voye tout montan twazyèm EIP (Economic Impact Payment, Peman Enpak Ekonomik) yo kalifye pou yo apa apre yo fin trete deklarasyon yo a. Itilize Deklarasyon Gratis IRS pou w fè yon deklarasyon enpo epi chwa depo dirèk se mwayen ki pi rapid ak pi sekirize pou jwenn yon ranbousman.  

Plan Sovtaj Ameriken an elaji EITC (Earned Income Tax Credit, Kredi Enpo sou Revni) a ak avantaj kredi enpo pou timoun yo pou ane fiskal 2021 an. Kèk moun ap kapab jwenn peman avans kredi enpo pou timoun yo pita ane sa. Pa gen anyen sila yo ki kalifye ap genyen pou yo fè nan nivo sa; se sèlman fè yon deklarasyon enpo 2020.

Opsyon pou sila yo ki pa gen yon kont labank

Moun ki pa genyen yon kont labank ta dwe vizite sit entènèt Asosyasyon Asirans Depo Federal (Federal Deposit Insurance Corporation) (an anglè) pou detay sou kòman pou ouvri yon kont anliy oswa itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC a (Federal Deposit Insurance Corporation, Asosyasyon Asirans Depo Federal) pou lokalize yon bank ki asire nan FDIC.

BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè), Kominote Bankye Endepandan Amerik la (an anglè), Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè) genyen lis bank ak inyon kredi yo ki kapab ouvri yon kont anliy. Veteran yo, gade Pwogram Sèvis Bankè Veteran yo (an anglè) pou sèvis finansye nan bank k p patisipe nan pwogram nan.

Anpil kat prepeye ki rechajab oswa aplikasyon peman mobil yo genyen nimewo kont ak nimewo woutaj endividi yo ap kapab bay IRS la, pou yo jwenn peman yo.

Endividi sanzabri yo ap kapab benefisye EITC a (Earned Income Tax Credit, Kredi Enpo sou Revni) tou

Pou moun sanzabri ki genyen yon travay, fè yon deklarasyon souvan pote bonis adisyonèl — jwenn yon bonis ki chita sou plizyè avantaj fiskal, espesyalman kredi enpo sou revni a (an anglè) pou travayè ki genyen revni fèb ak revni mwayen yo epi fanmi ki nan travay yo.

Pou jwenn kredi a, lwa federal la mande pou travayè a ap viv Ozetazini pandan plis pase mwatye nan ane a epi ranpli lòt kondisyon ankò. Sa vle di pou l ap viv nan yon kay nan nenpòt nan 50 Eta yo oswa Distrik Columbia a. An konsekans, endividi sanzabri yo, tankou sila yo ki nan youn oswa plizyè refij pou sanzabri, ka ranpli kondisyon sa.

Paske li se yon kredi ranbousab, sila yo ki kalifye e ki reklame kredi a te ka peye mwens taks federal, pa peye okenn taks oswa menm jwenn yon ranbousman fiskal. Montan an varye dapre revni travayè a, eta sivil li, ak lòt faktè.

Pou yo konnen si yo kalifye, moun yo kapab itilize Asistan EITC a sou IRS.gov. Li disponib ni Anglè ni an Panyòl.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)