IRS la fini ak lis anak "Douzèn Delwayal" 2022 a; ajans lan ankouraje kontribyab yo pou yo veye estrateji evazyon fiskal yo

Kriptomonnen, non-deklarasyon, sèvitid konvèsasyon gwoup moun pou fè abi, tranzaksyon abi mikwokaptif yo nan lis la

IR-2022-125, 10 Jen 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodiya te fini avèk lis anak "Douzèn Delwayal" anyèl li a pou sezon deklarasyon 2022 a, avèk yon avètisman pou kontribyab yo evite lage kò yo nan sèvi avèk fo estrateji evazyon fiskal yo.

IRS la te avèti kontribyab yo pou yo veye pwomotè k ap fè machann anbilan ak zak malonèt sa yo. Nan kad misyon li, IRS la mete aksan sou kontribyab ki gen gwo revni ki angaje nan plizyè enfraksyon fiskal, soti nan sa ki pi bazik la, fay nan depoze deklarasyon pou ale nan tranzaksyon ki konplike ki enplike sèvitid konvèsasyon gwoup moun pou fè abi ak plan asirans abizif mikwo kaptiv abizif nasyonal yo.

Komisè IRS la Chuck Rettig te pale pou l di: "Se bay moun san mefyans yo prezante estrateji evazyon fiskal sa yo avèk pwomès ki twò bèl pou yo vrè kote y ap diminye enpo yo oswa annik evite enpo yo". "Kontribyab yo pa ta dwe fè tèt yo kwè yo kapab kache IRS la revni yo genyen. Ajans lan kontinye mete aksan sou afè sa yo, epi moun ki angaje ladan yo ka pran nan sanksyon sivil oswa pouswit kriminèl."

IRS la pibliye Douzèn Delwayal yo nan gwo efò l ap fè pou li enfòme kontribyab yo. Moun yo ta dwe fè atansyon pou yo pa kite yo pran yo nan plan abizif byen òganize avèk pil lajan y ap mande yo, ansanm avèk lòt eskwokri Douzèn Delwayal yo.

IRS la entansifye efò yo kont eskwokri abizif yo nan dènye ane yo. Nan kad pi gwo efò sa a, Biwo Konseye an Chèf nan IRS la te anonse nan kòmansman ane a li t ap anplwaye jiska 200 avoka anplis pou ede ajans lan konbat sèvitid konvèsasyon gwoup moun pou fè abi yo ak tranzaksyon mikwo kaptiv yo, ansanm avèk lòt eskwokri abizif yo. (Konseye an Chèf IRS la ap chèche 200 avoka ki gen eksperyans pou yo aksantye yo sou afè abi fiskal yo; òf travay la pibliye (an anglè)).

Nan kad efò sansibilizasyon Douzèn Delwayal la, IRS la ankouraje moun yo pou yo rapòte patikilye ki ap fè move pwomosyon ak estrateji fiskal abizif ansanm ak preparatè deklarasyon enpo ki prepare ak tout volonte yo, move deklarasyon yo.

Pou rapòte estrateji fiskal abizif oswa yon preparat estrateji fiskal abizif oswa yon preparatè deklarasyon enpo, moun yo ta dwe voye pa lapòs oswa voye faks yon Fòm 14242 konplè, Rapòte pwomosyon enpo abizif ak preparatè ki sispèk yo (an anglè)PDF ak nenpòt prèv kòm sipò bay Sant Devlopman Ankèt IRS la nan Biwo Ankèt sou Pwomotè yo.

Bwat postal:

Internal Revenue Service Lead Development Center
Stop
MS5040
24000 Avila Road
Laguna Niguel, California 92677-3405
Faks: 877-477-9135

Otreman, kontribiyab yo ak fiskalis yo ka voye enfòmasyon an bay Biwo pou Denonse IRS la (an anglè) pou kèk rekonpans pou lajan.

Pou pi plis enfòmasyon, gade Estrateji Enpo Abizif ak Preparatè Enpo Abizif yo (an anglè)

Semèn pase a, IRS la te kòmanse ak lis Douzèn Delwayal 2022 a ki kouvri kat (4) plan abizif yo plis fè pwomosyon pou yo a kontribyab yo bezwen evite yo. IRS la te mete dèyè sa yon kantite anak ki kouran ki kapab sible kontribyab mwayen yo. Anak sa yo ki aksantye sou konsomatè yo kapab atake nenpòt moun oswa òganizasyon, vòlè enfòmasyon finansyè sansib oswa lajan, e nan kèk ka, kite kontribyab la netwaye dezòd jiridik la.

Pou konklizyon sou Douzèn Delwayal yo pou jodiya, IRS la mete aksan sou kat (4) lòt eskwokri ki sible espesyalman moun ki gwo lajan k ap chèche mwayen pou yo evite peye enpo. Demann pou envesti nan eskwokri sa yo plis sible jeneralman pase demann pou anak ki pi kouran yo, tankou anak nan imèl, ki ka rive sou tout moun.

Kache aktif yo sou sa kontribyab la espere ki rele yon kont anonim oswa senpleman pa deklare nan lespwa y ap rete deyò rezo se evazyon fiskal ki egziste depi plizyè deseni. IRS la rete devwe pou li kanpe metòd twonpri sa yo k ap twonpe kontribyab ki toujou peye enpo yo dwe chak ane.

IRS la avèti tout moun ki gen entansyon itilize youn nan eskwokri sa yo – oswa lòt ki sanble avèk yo – ajans lan ap kontinye amelyore travay yo nan domèn sa yo gras ak nouvo zouti analiz done ki nouvo epi k ap inove yo, avèk yon pi bon konparezon dokiman yo. Eskwokri Douzèn Delwayal sa yo kouvri:

Kache Aktif yo sou Kont nan Lòt Peyi ak Deklarasyon Aktif Nimerik ki Enkòrèk: IRS rete fokis sou kanpe evazyon fiskal pa sila yo k ap kache aktif sou kont nan lòt peyi ak sou kont ki genyen kriptomonnen oswa lòt aktif nimerik.

Konfòmite fiskal entènasyonal se yon priyorite nimewo en (1) pou IRS la. Nouvo modèl ak tandans k ap devlope nan eskwokri evazyon fiskal entènasyonal konplèks ak tranzaksyon lòt bò fwontyè yo ogmante enkyetid konsènan mank nan konfòmite fiskal bò kote moun yo ak antite ki gen yon anprent entènasyonal yo. Fas ak ogmantasyon deli fiskal ak blanchisman lajan yo, IRS la kontinye ap pwoteje entegrite sistèm fiskal Etazini an pandan l ap ede kontribyab ameriken yo konprann epi reponn ak responsabilite fiskal yo ak ranfòse lwa a avèk entegrite ak enpasyalite, patou nan mond lan.

Pandan ane yo ap pase, yo vin idantifye plizyè moun k ap evade enpo Etazini yo pandan y ap eseye kache revni nan bank ki nan lòt peyi, kont koutaj oswa antite ki nome. Yo kapab aksede a lajan yo avèk kat debi, kat kredi, viman oswa lòt aranjman. Kèk moun sèvi avèk fidisi etranje, sistèm lokasyon anplwaye, rant prive ak tranzaksyon ki estriktire pou yo eseye kache vrè pwopriyetè kont yo oswa plan asirans yo.

Yo takse moun Etazini sou lajan yo fè patou nan mond lan. Lefètke lajan an plase sou yon kont nan yon lòt peyi, sa pa vle di li pap pase nan sistèm fiskal ameriken an. Moun Etazini yo gen egzijans, sou sèman, pou yo deklare revni nan fon ki nan lòt peyi ak lòt pwopriyete aletranje. IRS la itilize yon varyete sous pou l idantifye pwomotè k ap ankouraje lòt yo kache aktif yo lòt bò dlo.

Gwo òganizasyon finansyè yo ak anpil lòt sektè nan ekonomi an ap adopte aktif nimerik yo. Pwopagasyon rapid aktif nimerik yo nan mond lan nan anviwon dènye deseni an kreye kèk defi administrasyon fiskal konsènan aktif nimerik yo, an pati paske genyen yon move pèsepsyon ki kwè otorite fiskal yo pa ka detekte kont aktif nimerik yo. Pwomotè san prensip yo kontinye ap gaye mit sa a e y ap di kontribyab yo kapab kache aktif nimerik yo genyen yo byen fasil.

IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo pa chita ap tande istwa sou aktif nimerik sa yo paske yo riske pran sanksyon pou fwod ak pouswit kriminèl ki ka soti nan refize deklare tranzaksyon ki enplike aktif nimerik yo.

Rettig te di "IRS la anmezi pou li idantifye ak trake tranzaksyon anonim kont entènasyonal yo ansanm avèk aktif nimerik yo pandan ranfòsman lwa fiskal peyi nou an". "Nou ankouraje tout moun pou yo mete yo an konfòmite ak responsabilite fiskal yo epi evite konpwomèt tèt yo nan zak malonèt kote se yo k ap viktim alafen."

Moun ki gen gwo revni ki pa fè deklarasyon enpo: IRS la kontinye mete aksan sou moun ki chwazi inyore lwa a epi pa fè deklarasyon enpo yo, espesyalman sila yo k ap rantre plis pase $100 000 nan yon ane.

Kontribyab ki fè tout efò yo pou yo fè deklarasyon enpo yo epi peye enpo yo, oswa ki antre nan plan pèman pou yo ka peye enpo yo dwe konnen IRS la ap pouswiv lòt yo ki pa rive reponn ak obligasyon yo genyen pou yo deklare ak peye. Bòn nouvèl la se majorite moun deklare a tan epi peye enpo yo dwe.

Sila yo ki chwazi pa fè yon deklarasyon menm lè yo genyen yon obligasyon legal pou yo fè sa, e espesyalman sila yo k ap rantre plis pase $100 000 nan yon ane ki pa deklare, reprezante yon pwoblèm pou konfòmite a ki kontinye rete yon priyorite nimewo en (1) pou IRS la.

Men yon rapèl enpòtan pou kontribyab ki panse se yon kou entèlijan yo fè lè yo pa deklare. Penalite pou Deklarasyon ki Pa Fèt pi wo an patan pase Penalite pou Pèman ki Pa Fèt. Gen plis avantaj nan fè yon bon deklarasyon a tan epi chwazi yon plan pèman si sa nesesè pase lè w pa deklare. Jeneralman, Penalite pou Deklarasyon ki Pa Fèt la se 5% enpo ki pa peye pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote deklarasyon enpo la fèt an reta. Jeneralman, penalite a pap depase 25% enpo ki pa peye yo. Jeneralman, Penalite pou Pèman ki Pa Fèt la se 0.5% enpo ki pa peye pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote enpo la pa peye a. Penalite a pap depase 25% enpo ki pa peye yo.

Si yo estime se nan fwod yon moun pa deklare, jeneralman, penalite a ap soti nan 5% pou li pase a 15% pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote deklarasyon an fèt an reta, avèk penalite maksimòm k ap pase 25 pousan a 75 pousan jeneralman.

Sèvitid Konvèsasyon Gwoup Moun k ap fè abi: Nan ka sèvitid konsèvasyon gwoup moun yo, pwomotè yo pran yon pati nan lwa fiskal la ki otorize sèvitid konsèvasyon yo epi defòme li pandan y ap itilize evalyasyon egzajere tèren ki pa bati (oswa, pou kèk ki espesyalize, fasad batiman istorik), epi itilize akò patenarya ki pa genyen yon objektif komèsyal lejitim. Plan abizif sa yo pa fè lòt bagay ke jwe sistèm fiskal la avèk gwo dediksyon enpo ak jenere gwo lajan bay pwomotè yo.

IRS la ankouraje kontribyab yo pou yo evite antre nan afè pyeje pwomotè san prensip yo ap vann yo. Si yon bagay parèt twò bèl pou l ta vrè, ebyen li pwobableman sa. Moun yo riske pran gwo sanksyon monetè pou angajman yo pran nan move afè tankou sèvitid konvèsasyon gwoup moun k ap fè abi yo.

Nan senk (5) dènye ane yo, IRS la te egzamine plizyè santèn afè sèvitid konvèsasyon gwoup moun k ap fè abi kote yo te mal reklame plizyè dizèn milya dola dediksyon. Se yon efò k ap fèt nan nivo tout ajans lan kote n ap itilize yon bon kantite resous ak plizyè milye lè travay. IRS la egzamine 100 pousan afè sa yo e li gen plan pou li kontinye fè sa nan yon avni previzib. Plizyè santèn nan afè sa yo ale nan tribinal e plizyè lòt santèn ankò gen chans pou yo rive nan tribinal alavni.

Komisè Rettig te pran lapawòl pou l di: "Nou konsakre anpil resous pou nou konbat sèvitid konvèsasyon goup moun k ap fè abi yo paske sa enpòtan pou enpasyalite nan administrasyon fiskal la". "Li pa jis pou moun ki salarye yo ap peye enpo yo chak ane epi pou moun ki gen gwo revni yo, anba yon kouvèti envestisman nan imobilye, ap evite peye plizyè milyon dola enpo akoz kontribisyon nan sèvitid konvèsasyon yo bay twòp valè."

Plan Asirans Mikwo kaptiv Abizif: Nan estrikti "mikwo kaptiv" abizif yo, pwomotè yo, kontab yo oswa moun k ap planifye patrimwàn yo fè pwopriyetè antite ki pa twò patisipe yo vle patisipe nan yon seri pwogram ki pa genyen anpil bagay nan sa yon asirans genyen.

Pa ekzanp, kouvèti yo ka "asire" risk ki pa twò sanble verite yo, pa koresponn ak vrè bezwen biznis la oswa fè doub travay ak kouvèti komèsyal kontribyab la. "Prim yo" peye nan aranjman sa yo souvan depase epi yo itilize yo pou evite lwa fiskal la.

Dènyeman, IRS la te entansifye aplikasyon lalwa a kont yon varyete konpayi asirans kaptiv kòt k ap fè gwo abi ki nan Pòtoriko ak lòt kote. Tranzaksyon mikwo kaptiv abizif yo kontinye rete yon zòn fokis ki gen gwo priyorite.

IRS te reyalize plizyè milye egzamen patisipan ak ankèt pwomotè, te takse plizyè santèn milyon dola nan enpo adisyonèl ak penalite ki dwe, epi te lanse yon inisyativ règleman ki te reyisi. Nou kapab jwenn plis enfòmasyon konsènan inisyativ règleman an nan IRS pase nan lòt etap konsènan tranzaksyon mikwo kaptiv abizif yo; prèske 80 pousan ladan yo aksepte règleman an, gen 12 nouvèl ekip pou odit ki kreye (an anglè). Biwo Apèl Endepandan an te soutni aktivite IRS yo, e IRS la te ranpòte tout ka ki te gen pou wè ak mikwo kaptiv yo nan Tribinal Fiskal la ak Kou dapèl yo, ki deside sou fon yo, depi 2017.