Lè ou konnen kijan magouyè yo fe tèt yo pase pou IRS sa kapab ede kontribyab yo pwoteje tèt yo

Konsèy Fiskal IRS 2023-99, 8 Dawout 2023

Eskewo yo toujou ap chèche pou nouvo fason yo tronpe kontribyab ki pa mefyan yo. Magouyè yo imite IRS pa telefòn oswa imèl, an pèsòn, oswa pa lapòs oswa sèvis livrezon — epi koute moun tan yo ak lajan yo. Lè w rete vijilan kont konplo ak magouy, kontribyab yo ka pwoteje tèt yo.

Magouyè yo ka fe tèt yo pase pou IRS pa lapòs - kontribyab yo ta dwe konnen enfòmasyon sa yo

Yonn nan nouvo mwayen epi ki pi rize enplike voye pa lapòs yon anvlòp an katon ki vini swa pa yon sèvis livraison swa pa sèvis postal Etazini (USPS). Lèt ki fèmen an gen ladan antèt IRS la ak mesaj ke avi a se “anrapò ak ranbousman ou pa reklame.” Enfòmasyon pou kontakte a pa pou IRS, men pakè a sanble ofisyèl. Konplo sa a ap chèche enfòmasyon sansib pèsonèl yon kontribyab - ki gen ladan foto lisans chofè l - ki ka itilize pa vòlè idantite yo pou vòlè ranbousman kontribyab la ak lòt enfòmasyon finansye sansib.

Kounye a li pi fasil pou w konnen lè yon eskwo nan pòt la e non IRS

Eskwo yo ka parèt tou nan pòt la epi fè tèt yo pase pou ajan IRS yo, kreye konfizyon pa sèlman pou kontribyab yo, men tou pou ajans lokal ki fè respekte lalwa yo. Kòm eskwokri sa a grandi, konfizyon kontribyab yo sou vizit kay pa ofisye revni IRS yo te ogmante.

Pou ede konbat magouy sa yo, dènyèman IRS te anonse li ap mete fen nan plizyè vizit ki pa anonse kay kontribyab la pa ofisye ajans revni yo. Nan plas vizit yo pa anonse yo, ofisye revni yo pral kontakte kontribyab yo nan yon lèt pou pran randevou, ke yo rekonèt kòm Lèt 725-B, epi planifye yon reyinyon swivi. Sa ap ede kontribyab yo santi yo pi prepare lè moman rankont lan rive.

Kontribyab ki resevwa yon demann nan men IRS pa lapòs oswa nan telefòn ka toujou kontakte sèvis kliyan IRS pou otantifye li.

Magouyè yo ka kontakte kontribyab yo tou sou entènèt la

Kontribyab yo ta dwe vijilan pou yon vag magouy fiskal pandan ete an kòm vòlè idantite yo kontinye voye imèl ak mesaj tèks pwomèt ranbousman sou enpo oswa ofri pou ede 'ranje' pwoblèm fiskal. Yo ka fè tèt yo pase pou IRS oswa pwofesyonèl fiskal, pou mande kontribyab la klike sou move lyen konsa vòlè idantite yo ka vòlè bonjan enfòmasyon pèsonèl.

Kontribyab yo ta dwe sonje: IRS pa janm inisye kontak konsènan yon bòdwo oswa ranbousman enpo pa imel, tèks oswa medya sosyal.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)