Plis alèjman IRS pou Ida: dat limit 15 septanm, 15 oktòb, lkòt dat ki pwolonje pou 3 janvye pou kèk kote nan Connecticut

IR-2021-213, 3 novanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia, Viktim of Siklòn Ida yo nan kèk kote nan Connecticut genyen jiska 3 janvye 2022 pou yo depoze plizyè deklarasyon taks endividyèl ak pou biznis epi fè peman taks.

Apre Ajans Federal Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè), fin fè deklarasyon dezas 30 oktòb la, IRS la ap ofri alèjman sa pou kote sa yo nan Eta a yo deziyen pou asistans piblik oswa enividyèl. Aktyèlman, kote sa yo se konte Fairfield ak New London, ansanm avèk Nasyon Tribal Pequot Mashantucket la (the Mashantucket Pequot Tribal Nation) ak Nasyon Tribal Mohegan nan (the Mohegan Tribal Nation). Tout jiridiksyon yo ajoute sou deklarasyon FEMA a ap resevwa alèjman IRS la otomatikman. Lis aktyèl lokalite ki kalifye yotoujou disponib sou paj alèjman nan moman dezas la.

Alèjman sa a ranvwaye plizyè dat limit pou deklarasyon ak peman taks ki te rive apati 1ye septanm 2021. Kòm konsekans, endividi ak biznis ki afekte yo genyen jiska 3 janvye 2022 pou yo depoze deklarasyon ak peye tout taks yo te dwe panan peryòd sa a. Sa vle di, moun ki te genyen yon pwolongasyon valid pou depoze deklarasyon 2020 yo a ki t ap ekspire 15 oktòb 2021, ap genyen jiska 3 janvye 2022, pou yo depoze. Sepandan, IRS la te fè konnen, akoz peman taks ki an rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt 17 me 2021, peman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.

Dat limit 3 janvye a aplike tou, pou peman taks sou revni estime chak trimès ki dwe fèt 15 septanm 2021, ak pewòl epi deklarasyon taks dasiz chak trimès ki dwe fèt nòmalman 1ye novanm 2021. Biznis ki gen yon dat limit orijinal oswa pwolonje genyen tou tan adisyonèl la ansanm avèk, pami lòt, patenarya sou ane sivil ak sosyete S yo ki genyen pwolongasyopn 2020 yo ki te ekspire 15 septanm 2021 ak sosyete sou ane sivil yo ki genyen pwolongasyon 2020 yo ki te ekspire 15 oktòb 2021. Li aplike tou pou òganizasyon ki egzante de taks sou ane sivil yo ki genyen pwolongasyon 2020 yo k ap ekspire 15 novanm 2021.

Anplis, penalite sou pewòl yo ak depo taks dasiz yo ki pou 1ye septanm 2021 oswa apre ak anvan 16 septanm, ap diminye depi depo yo te fèt anvan 16 septanm 2021.

Paj Alèjman IRS nan moman dezas (an anglè) la genyen detay sou lòt deklarasyon yo, peman yo ak ak aksyon ki an rapò ak taks ki kalifye pou tan adisyonèl la.

IRS la bay alèjman penalite ak deklarasyon otomatikman pou tout kontribyab ki genyen adrès yo ki nan IRS la nan zòn dezas la. Pa konsekan, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou jwenn alèjman sa. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi penalite pou peman oswa deklarasyon anreta nan men IRS la, ki genyen yon dat limit orijinal oswa pwolonje pou depo oswa pou peman ki tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou mande diminye penalite a.

Anplis, IRS la ap travay ak tout kontribyab k ap viv deyò zòn dezas la epi ki genyen dosye yo ki gen nesesite pou respekte yon dat limit k ap rive pandan peryòd ranvwa a ki nan zòn afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an k ap viv deyò zòn dezas la ap bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou, travayè k ap patisipe nan aktivite alèjman yo ki afilye avèk òganizasyon filantwopik oswa gouvènmantal ki rekonèt.

Endividi ak biznis ki nan yon zòn dezas gouvènman federal deklare ki soufri de pèt ki an rapò ak dezas ki pa asire oswa ki pa ranbouse kapab chwazi reklame yo, swa nan deklarasyon pou ane kote pèt la te rive a (nan ka sa, deklarasyon 2021 an ki depoze nòmalman nan ane annapre a), oswa deklarasyon pou ane anvan an (2020). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – DR-4629 –sou tout deklarasyon k ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay yo.

Alèjman fiskal lafè pati yon repons federal kowòdone pou domaj Siklòn Ida lakoz yo epi ki baze sou evalyasyon domaj lokal FEMA fè yo. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre dezas la, ale sou DisasterAssistance.gov (an anglè)