Moun yo ta dwe pridan lè y ap fè don apre yon katastwòf natirèl pou evite anak

Konsèy Fiskal IRS 2022-119, 4 dawout 2022

Apre yon sitiyasyon ijans oswa dezas, moun yo mobilize pou yo ede viktim yo nan fè don lajan.

Malerezman, sa kapab bay kriminèl yo opòtinite pou yo bon sou yo nan mande don pou fo òganizasyon charite. Anakè yo ka fè tèt yo pase pou ajans federal yo tou pou yo pyeje viktim katastwòf yo k ap eseye jwenn èd nan moman katastwòf la.

Moun yo ta dwe toujou ap veye kontak yo pa t ap tann. Anakè yo souvan kontakte moun yo pral viktim yo pa telefòn, medya sosyal, imèl oswa an pèsonn.

Moun k ap fè don bay òganizasyon charite dwe asire yo lajan yo a al jwenn yon òganizasyon ki gen non.

  • Vòlè yo ka fè tèt yo pase pou yon reprezantan yon òganizasyon charite pou yo mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl nan men kontribyab ki gen bon entansyon yo.
  • Anakè yo ka monte fo sitwèb avèk non ki sanble ak bon òganizasyon charite. Lè yon kontribyab chèche yon òganizasyon charite sou entènèt, y ap jwenn fo sitwèb la oswa paj medya sosyal la, olyesa.
  • Donatè yo kapab sèvi avèk Rechèch Òganizasyon ki Pa Peye Enpo (an anglè) pou jwenn oswa verifye òganizasyon charite ki kalifye yo. Donasyon ki fèt nan vrè òganizasyon charite sa yo ka gen dediksyon enpo sou yo.
  • Kontribyab yo ta dwe toujou bay chèk oswa kat kredi pou yo gen dokiman ki pwouve don y ap fè yo.
  • Donatè yo pa ta dwe bay pèsonn k ap mande yo lajan enfòmasyon finansyè pèsonèl yo. Pami yo, nimewo Sekirite Sosyal yo, enfòmasyon sou kat kredi yo, nimewo kont labank yo, ak modpas yo.

Viktim katastwòf yo ta dwe konnen:

  • Anakè yo ka di se pou IRS y ap travay. Vòlè yo di yo kapab ede viktim yo fè deklarasyon pèt nan aksidan ak jwenn ranbousman fiskal.
  • Viktim katastwòf yo kapab rele liy asistans pou katastwòf IRS la nan 866-562-5227. Reprezantan IRS yo ap reponn kesyon sou alèjman fiskal oswa pwoblèm nan zafè taks ki an rapò ak katastwòf la.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)