Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pèmèt fanmi yo aktyalize enfòmasyon pou depo dirèk yo oswa anile enskripsyon

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-101, 14 Jiyè 2021

IRS fenk aktyalize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun pou pèmèt fanmi yo aktyalize enfòmasyon kont labank yo pou yo ka resevwa pèman Kredi Enpo pou Timoun chak mwa yo a. Zouti a pèmèt fanmi yo anile enskripsyon tou, nan pèman avans yo si yo pa vle resevwa yo. Pòtal Ajou an disponib sou IRS.gov.

Tout aktyalizasyon ki fèt depi 2 Dawout ap aplike pou pèman 13 Dawout la epi tout pèman chak mwa ki annapre yo nan rès ane 2021 an. Fanmi yo ap resevwa pèman 15 Jiyè yo a pa mwayen depo dirèk sou kont labank ki nan dosye yo ki nan IRS la aktyèlman.

Moun ki pa gen enfòmasyon kont labank aktyèl kapab itilize zouti a pou yo aktyalize enfòmasyon yo pou yo ka jwenn pèman yo pi bonè pa mwayen depo dirèk. Sila yo ki pa enskri pou depo dirèk yo ap resevwa yon chèk.

Kòman pou w aktyalize enfòmasyon pou depo dirèk la

Premyeman, fanmi yo dwe itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo konfime kalifikasyon yo pou pèman yo. Si yo kalifye, zouti a ap tou di si yo enskri pou resevwa pèman yo pa mwayen depo dirèk.

Si yo enskri, l ap montre tout nimewo woutaj bank yo a ansanm ak 4 dènye chif nimewo kont yo a. Sa a se kont ki pral resevwa pèman 15 jiyè yo a.

Si yo chwazi fè sa, yo kapab chanje kont labank k ap resevwa pèman an apati pèman 13 Dawout la.

Si Pòtal Ajou a montre yon fanmi kalifye pou pèman yo men li pa t enskri pou resevwa depo dirèk, y ap resevwa yon chèk chak mwa. Si yo vle resevwa pèman yo pa mwayen depo dirèk, yo kapab itilize Pòtal Ajou a pou ajoute enfòmasyon kont labank yo. Koup ki marye yo epi k ap ranpli deklarasyon konjwen dwe aktyalize enfòomasyon kont labank yo nan menm jou nan menm kont lan pou yo kontinye resevwa pèman konjwen yo.

Tout fanmi k ap resevwa chèk yo dwe konsidere chanje pou depo dirèk pou yo ka jwenn lajan yo a pi rapid. Depo dirèk pa pran tan, li retire enkyetid ak depans pou chanje chèk, epi li elimine chans pou chèk ou ta pèdi, pou yo ta vòlè li oswa pou w pa ta jwenn li. Moun ki pa genyen yon kont labank kapab vizite sit entènèt Asosyasyon Asirans Depo Federal (Federal Deposit Insurance Corporation (an anglè) pou detay sou kòman pou ouvri yon kont anliy oswa itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC a (Federal Deposit Insurance Corporation, Asosyasyon Asirans Depo Federal) pou lokalize yon bank ki asire nan FDICBankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (an anglè), Kominote Bankye Endepandan Amerik la (an anglè), ak Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè) genyen lis bank ak inyon kredi yo ki kapab ouvri yon kont anliy.

Fanmi yo ka kanpe pèman yo nenpòt lè

Menm apre pèman yo kòmanse, fanmi yo ka kanpe tout pèman mansyèl pandan y ap itilize fonksyonalite anile enskripsyon an nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Fanmi kalifye ki fè chwa sa ap toujou resevwa rès Kredi Enpo pou Timoun yo a angwo lè yo fè deklarasyon enpo federal 2021 yo a ane pwochenn. Pou kanpe tout pèman k ap kòmanse nan mwa Dawout ak rès 2021 an, yo dwe anile enskripsyon an apati 2 Dawout 2021.

Kiyès ki ta dwe anile enskripsyon?

Kèk fanmi ka prefere resevwa tout kredi a kòm yon ranbousman lè yo ranpli deklarasyon 2021 yo a. Fonksyonalite anile enskripsyon pòtal la kapab ede nenpòt fanmi ki pa kalifye pou kredi enpo pou timoun nan ankò oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Toude kontribyab marye k ap ranpli deklarasyon konjwen bezwen anile enskripsyon. Si yon konjwen pa anile enskripsyon an, l ap jwenn mwatye pèman konjwen yo te sipoze jwenn ansanm ak konjwen li an.

Pou plis enfòmasyon konsènan pwosesis anile enskripsyon an, ansanm avèk delè yo, gade Sijè J (an anglè) nan FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) Kredi Enpo pou Timoun nan sou IRS.gov.

IRS la ap ajoute plis fonksyonalite nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pandan sezon lete a ak lotòn nan. Byento moun yo pral anmezi pou yo aktyalize adrès lapòs yo. Nan lotòn nan, moun yo pral anmezi pou yo itilize zouti a pou aktyalize chanjman nan estati ak revni fanmi yo. Gen plis enfòmasyon sou Pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan paj 2021 an IRS.gov la

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)